Levitik Yo 3
3
1“‘Alò, si ofrann li an se yon ofrann lapè, si li pral ofri sòti nan twoupo a, kit se mal, kit se femèl, li va ofri li #Lev 1:3 san defo devan SENYÈ a. 2#Lev 1:4 Li va mete men li sou tèt ofrann li an, e #Egz 29:11-20touye li nan pòtay tant asanble a. Epi fis Aaron yo, prèt yo, va flite san li toupatou sou lotèl la. 3Soti nan sakrifis ofrann lapè yo, li va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a, avèk grès ki kouvri zantray yo ak tout grès ki tache a zantray yo, 4epi de ren yo avèk grès ki sou yo a, ki sou senti a, ak gwo mòso fwa a, ke li va retire avèk ren yo. 5Answit, fis Aaron yo va ofri li nan lafimen sou lotèl la #Egz 29:38-42 sou ofrann brile ki sou bwa ki sou dife a. Li se yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.
6“‘Men si ofrann li an pou yon sakrifis ofrann lapè pou SENYÈ a, sòti nan bann bèt la, li va ofri li, mal oswa femèl #Lev 3:1 san defo. 7Si li pral ofri yon jenn mouton pou ofrann li an, alò, li va ofri li #Lev 17:8-9 devan SENYÈ a. 8Epi #Lev 1:4li va poze men li sou tèt ofrann li an e #Lev 3:2touye li devan tant asanble a, epi fis Aaron yo va flite san li toupatou sou lotèl la. 9Soti nan #Lev 17:5 ofrann sakrifis lapè a, li va pote kòm ofrann pa dife bay SENYÈ a, grès li, tout grès ke li menm, moun nan va retire pre zo do a, ak grès ki kouvri zantray yo ak tout grès ki tache sou zantray yo. 10Epi de ren yo avèk grès ki sou yo a, ki sou pati ba senti a, ak gran bout fwa a, ke li va retire #Lev 3:4-15 avèk ren yo. 11Answit, prèt la va ofri li nan lafimen sou lotèl la tankou #Lev 3:16 manje, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.
12“‘Anplis, si ofrann li an se #Nonb 15:6-11 yon kabrit, alò, li va ofri li devan SENYÈ a. 13Li va poze men l sou tèt li e touye li devan tant asanble a, epi fis Aaron yo va flite san li toupatou sou lotèl la. 14Soti nan li, li va prezante ofrann li kòm ofrann pa dife bay SENYÈ a; grès ki kouvri zantray yo ak tout grès ki tache sou zantray yo, 15ak de ren yo avèk grès ki sou yo a, ki sou pati ba senti a, ak gwo bout fwa a, ke li va retire #Lev 3:4 avèk ren yo. 16Prèt la va ofri yo nan lafimen sou lotèl la tankou manje, yon ofrann pa dife bagay ki santi dous; #Lev 7:23-25 tout grès se pou SENYÈ a.
17“‘Li se yon règleman pou tout tan atravè tout jenerasyon nou yo, nan tout abitasyon nou yo: nou pa pou manje okenn grès, #Lev 7:26 ni okenn san.’”
Chwazi Kounye ya:
Levitik Yo 3: BSA
Pati Souliye
Pataje
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith