Levitik Yo 2

2
1“‘Alò, lè yon moun prezante yon #Lev 6:14-18 ofrann sereyal la kòm ofrann bay SENYÈ a, ofrann li an va avèk farin fen. Li va vide lwil sou li e mete lansan sou li. 2Answit, li va pote li bay fis Aaron yo, prèt yo. Li va pran ladann #Lev 5:12 de men plen nan farin fen ak lwil avèk tout lansan li an. Konsa, prèt la va ofri li nan lafimen kòm yon pati komemoratif la sou lotèl la, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a. 3#Lev 2:10 Rès ofrann sereyal la se pou Aaron avèk fis li yo; yon bagay ki sen pase tout, nan ofrann pa dife pou SENYÈ a.
4“‘Alò, lè nou pote yon ofrann sereyal kwit nan yon fou, li va fèt avèk #Egz 29:2 gato san ledven avèk farin fen melanje avèk lwil oubyen galèt san ledven ki kouvri avèk lwil. 5Si ofrann ou an se yon ofrann sereyal ki #Lev 6:21 fèt nan pwalon, li va fèt avèk farin fen, san ledven, melanje avèk lwil. 6Ou va kase li an miyèt mòso e vide lwil sou li. Li se yon ofrann sereyal. 7Alò si ofrann ou an se yon ofrann sereyal ki fèt #Lev 7:9 nan yon chodyè, li va fèt avèk farin fen avèk lwil. 8Ou va pote yon ofrann ki fèt avèk bagay sa yo bay SENYÈ a. Li va prezante a prèt la, e li va pote li devan lotèl la. 9Alò, prèt la va pran nan ofrann sereyal la, pati #Lev 2:2-16 komemoratif la, e li va ofri li nan lafimen sou lotèl la kòm yon ofrann pa dife yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a. 10#Egz 34:25 Rès ofrann sereyal la se pou Aaron avèk fis li yo; yon bagay ki sen pase tout, nan ofrann bay SENYÈ a pa dife yo.
11 # Egz 23:15 “‘Okenn ofrann sereyal, ke nou pote devan SENYÈ a p ap fèt avèk ledven, paske nou pa pou lofri nan lafimen okenn ledven ni siwo myèl kòm ofrann pa dife bay SENYÈ a. 12#Egz 34:22 Kòm ofrann premye fwi, nou va pote yo bay SENYÈ a, men yo p ap monte kòm ofrann santi dous sou lotèl la. 13Chak ofrann sereyal de nou menm, anplis, nou va asezone li avèk sèl. Li fò ke #II Kwo 13:5 sèl akò a Bondye nou an pa manke nan ofrann sereyal ou an. Avèk tout ofrann ou yo, ou va ofri sèl.
14“‘Osi, si ou pote bay SENYÈ a, yon ofrann sereyal de bagay ofran premye fwi yo yo, ou va pote tèt sereyal yo byen fre, boukannen nan dife, grenn moulen a rekòlt avan lè a, kòm ofrann sereyal de ofran premye fwi yo. 15Alò, ou va mete lwil sou li e poze lansan sou li; li se yon ofrann sereyal. 16Prèt la va ofri nan lafimen #Lev 2:2 pati pou tout moun sonje a, yon pati sereyal moulen ak lwil li, avèk tout lansan li kòm ofrann pa dife bay SENYÈ a.

Chwazi Kounye ya:

Levitik Yo 2: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte