Job 4
4
1Konsa, Éliphaz, Temanit lan te reponn;
2Si yon moun ta eseye pale yon mo avèk ou,
èske ou va pèdi pasyans?
Men se #Job 32:18-20kilès ki kab refize pale?
3Gade byen, #Job 4:3-4ou te enstwi anpil lòt moun;
ou te ranfòse menm fèb yo.
4Pawòl ou yo te ede fèb yo kanpe,
e ou te ranfòse jenou ki manke fòs yo.
5Men koulye a, se sou ou sa rive,
e ou #Job 6:4pa gen pasyans.
Sa touche ou menm e ou vin dekouraje nèt.
6Èske se pa #Job 1:1lakrent Bondye pa ou ki konfyans ou,
ak entegrite chemen ou yo ki espwa ou?
7“Sonje byen #Job 36:6-7se kilès ki kon peri inosan?
Oswa ki kote ou wè moun ladwati yo te detwi?
8Selon sa ke mwen menm te wè, #Os 10:13 sila ki raboure inikite yo,
ak sila ki simen twoub yo, yo rekòlte li.
9 #
És 11:4
Pa souf Bondye, yo peri,
e pa van chalè Li, yo fini nèt.
10 #
Job 5:15
Gwo vwa a lyon fewòs la,
vwa fewòs a lyon an,
e dan a jenn lyon yo fin kase.
11 #
Job 29:17
Pi gran lyon an peri paske li manke manje,
e pitit li yo vin gaye.
12“Alò, an kachèt yon pawòl rive sou mwen;
zòrèy mwen te resevwa yon #Job 26:14ti souf li.
13Pami #Job 33:15refleksyon enkyetan ki sòti nan vizyon lannwit yo,
lè dòmi pwofon tonbe sou moun,
14laperèz te vini sou mwen.
Mwen te tranble e zo m yo te souke.
15Konsa, yon lespri te pase kote figi mwen;
plim sou chè mwen, te kanpe sou kò m.
16Li te kanpe an plas, men mwen pa t kab distenge aparans li.
Yon fòm te devan zye m.
Te gen silans, epi mwen te tande yon vwa:
17'Èske #Job 9:2lòm kapab jis devan Bondye?
Èske yon nonm kapab san tach devan Sila ki fè l la?
18Menm nan sèvitè Li yo, #Job 15:15Li pa mete konfyans;
ak pwòp zanj Li yo, Li jwenn fot.
19Konbyen anplis, pou sila ki rete nan kay fèt an ajil yo,
ki gen pousyè kon #Jen 2:7fondasyon,
ki vin kraze devan papiyon!
20 #
Job 14:2
Antre maten ak aswè, yo vin kase an mòso;
san yo pa wè anyen, yo peri nèt.
21Èske #Job 8:22kòd soutyen tant yo pa plwaye pa anndan?
Yo mouri konsa, san sajès.'
Chwazi Kounye ya:
Job 4: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith