Job 3
3
1Lè l fini, Job te ouvri bouch li e te modi jou li te fèt la. 2Job te di:
3 #
Jr 20:14-18
“Kite jou ke m te dwe fèt la peri,
ak nwit ki te anonse ‘se yon gason ki fèt la.’
4Ke jou sa a kapab vin fènwa nèt.
Pa kite Bondye anwo a pran swen li,
ni limyè vin klere sou li.
5Kite #Jr 13:16fènwa avèk gwo tenèb reklame li.
Kite fènwa jou sa a modi li.
6Selon nwit sa a, kite tenèb sezi li.
Kite li pa gen rejwisans nan jou ane a.
Kite li pa antre nan chif ki konte mwa yo.
7Koute byen, kite nwit sa a rete esteril.
Pa kite okenn kri lajwa antre ladann.
8Kite sila ki konn modi jou yo modi jou sa a,
sila ki prè pou fè Levyatan #Job 41:1-25leve kò l.
9Kite zetwal lannwit li yo vin etenn.
Kite li espere limyè, men pa twouve l.
E kite li pa wè maten vin parèt,
10akoz li pa t fèmen ouvèti vant manman m,
ni kache twoub devan zye m.
11 #
Job 10:18-19
“Poukisa mwen pa t mouri lè m te fèt?
Sòti nan vant li e mouri la menm?
12Poukisa jenou yo te resevwa m, e poukisa tete a, pou m ta pran?
13Paske koulye a mwen #Job 3:13-19t ap gen tan kouche pou m jwenn lapè;
mwen t ap dòmi depi lè sa a e mwen t ap twouve repo,
14ansanm ak #Job 12:18wa ak konseye latè
ki te rebati ansyen mazi yo pou kont yo;
15oswa avèk prens #Job 27:16-17ki te gen lò yo,
ki t ap plen lakay yo ak ajan;
16Oswa kon yon fòs kouch ki kache, mwen pa t ap egziste,
kon yon pitit ki pa t janm wè limyè.
17La, mechan yo sispann fè laraj,
e la moun fatige yo jwenn #Job 17:6repo.
18Prizonye yo alèz ansanm.
Yo p ap tande vwa a sipèvizè a.
19Ni piti, ni gran yo la.
E esklav la lib de mèt li.
20“Poukisa #Jr 20:18limyè bay a sila ki soufri a,
e lavi a nanm anmè a,
21ki #Rev 9:6anvi wè lanmò, men nanpwen,
e fouye plis pou twouve li pase trezò kache,
22ki rejwi anpil e fè lwanj lè yo rive nan tonbo a?
23Poukisa limyè bay a yon nonm #Job 19:6-12ak chemen an kache a,
ke Bondye te jennen tout kote a?
24Paske #Job 6:7soupi mwen yo parèt menm moman
manje a rive devan ze m.
Epi kri mwen yo vide tankou dlo.
25Paske #Job 9:28sa m krent lan te vini sou mwen.
Sa ke m pa vle wè a te tonbe sou mwen.
26 #
Job 7:13-14
Mwen pa alèz, ni mwen pa anpè.
Mwen pa jwenn repo,
ni m pa kal,
men se boulvèsman ki vin parèt.”
Chwazi Kounye ya:
Job 3: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith