Job 23
23
1Alò, Job te reponn:
2Menm jodi a, #Job 7:11plent mwen yo se rebelyon.
Men Li rete lou malgre tout plent mwen yo.
3O ke m ta kab konnen kibò mwen ta kab twouve Li,
pou m ta kab pwoche chèz Li a!
4Mwen ta #Job 13:18prezante ka m nan devan L,
e plen bouch mwen ak diskou yo.
5Mwen ta vin aprann pawòl ke Li ta reponn yo
e apèsi sa Li ta di m.
6Èske Li ta sèvi #Job 9:4gran fòs Li pou goumen ak mwen?
Non, anverite, Li ta koute mwen.
7La, moun ladwati yo ta #Job 13:3rezone avè L;
epi mwen ta #Job 23:10 delivre jis pou tout tan de Jij mwen an.
8Men gade, mwen fè avan, men Li pa la,
e mwen fè bak, men mwen #Job 9:11pa kab twouve Li.
9Lè L aji agoch, mwen pa kab wè Li.
Li vire adwat, mwen pa wè L.
10Men Li konnen chemen ke m pran an.
Li fè m #Za 13:9pase a leprèv, e mwen va sòti tankou lo.
11Pye m te #Job 31:7kenbe fèm a pa Li.
Mwen te kenbe chemen Li an, e mwen pa t vire akote.
12Mwen pa t kite kòmand a lèv Li yo.
Mwen te kenbe #Job 6:10pawòl a bouch Li
kon pi presye pase manje ki fè m gen fòs la.
13Men pa gen lòt tankou Li;
se kilès ki kab kanpe kont Li?
Sa ke nanm Li pito, se sa ke Li fè.
14Paske li acheve sa ki deziye pou mwen an.
Se anpil dekrè konsa ki rete avè L.
15Pou sa, mwen deranje nèt nan prezans Li.
Lè m kalkile, Li fè m pè anpil.
16Se Bondye ki fè #Det 20:3kè m sote.
Se Toupwisan an ki deranje m konsa.
17Akoz mwen pat koupe retire nèt avan fenwà a,
ni #Job 19:8 Li pat kouvri gwo tenèb la devan figi m.
Chwazi Kounye ya:
Job 23: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith