Job 22
22
1Epi Éliphaz, Temanit lan, te reponn:
2“Èske yon #Job 35:7nonm plen kouraj kapab itil a Bondye?
Byen klè yon nonm saj se itil a pwòp tèt li.
3Èske Toupwisan an pran plezi nan ladwati ou,
oswa twouve pwofi si chemen ou yo san fot?
4Èske se akoz krentif la menm ou gen pou Bondye
ke L ap repwoche ou?
Ke l ap #Job 14:3antre nan jijman kont ou?
5Se pa ke #Job 11:6mechanste ou gran
e inikite ou yo san limit?
6Paske ou te #Job 24:3-9pran garanti a frè ou yo san koz
e te menm retire rad pa yo jis yo vin toutouni.
7A moun fatige yo, ou #Job 31:16-17pa t bay dlo pou bwè
e a grangou yo, ou te #Job 31:31refize yo pen.
8Men posede tè a se pou nonm ki pwisan an,
e se #És 3:3moun entèg ki viv ladann.
9Ou te voye vèv yo ale men vid
e te kraze fòs a #Job 6:27òfelen yo.
10Akoz sa, pèlen yo antoure ou,
e #Job 15:21laperèz, sibitman, vin bay ou gwo lakrent,
11oswa se #Job 5:14fènwa pou ou pa kab wè
ak anpil dlo ki kouvri ou.
12“Èske Bondye pa #Job 11:7-9nan wotè syèl la?
Menm anplis, gade zetwal byen lwen yo; kijan yo wo!
13Ou di: #És 29:15‘Kisa Bondye konnen?
Èske Li kab jije nan fènwa pwofon an?
14 #
Job 26:9
Nwaj yo se yon plas pou L kab kache,
pou L pa kab wè.
Se anwo plafon syèl la l ap mache.’
15Èske ou va kenbe #Job 34:36ansyen chemen a,
kote mesye mechan yo te mache,
16ki te rachte avan lè yo,
ki te lese fondasyon ki lave a
retire nèt pa rivyè a?
17Yo te #Job 21:14-15di a Bondye: ‘Kite nou!’,
Epi: ‘Kisa Toupwisan an kab fè pou nou?’
18Sepandan, Li te #Job 12:6ranpli lakay yo ak bon bagay;
men #Job 21:16konsèy a mechan yo lwen m.
19 #
Sòm 52:6
Moun ladwati yo wè, yo fè kè kontan.
Inosan yo moke yo.
20Yo di: ‘Anverite, advèsè nou yo koupe retire nèt.
E #Job 15:30dife a fin manje retay yo.’
21 #
Sòm 34:10
“Vin konnen L depi koulye a e fè lapè avè L;
se konsa, sa ki bon va rive kote ou.
22Souple, resevwa #Job 8:10enstriksyon nan bouch Li
e etabli pawòl Li yo nan kè ou.
23Si ou retounen bò kote Toupwisan an,
ou va restore,
si ou #Job 11:14retire inikite a byen lwen tant ou.
24 #
Job 31:24-25
Mete riches ou nan pousyè a,
lò Ophir a pami wòch kouran dlo yo.
25Alò, se Toupwisan an ki va riches ou,
e pi bèl ajan pou ou.
26Paske konsa ou va #Sòm 37:4rejwi nan Toupwisan an,
e leve figi ou vè Bondye.
27Ou va priye a Li menm, e #Job 34:28Li va tande ou.
Ou va peye ve ou yo.
28Anplis, ou va fè yon dekrè e li va etabli pou ou;
konsa limyè va briye sou wout ou.
29Lè ou santi ou vin ba, alò ou va pale ak konfyans,
e moun ki #Jc 4:5enb lan, Li va sove li.
30Li va delivre menm sila ki pa inosan yo,
e #Job 42:7-8delivrans sa a va fèt akoz men ou ki pwòp.”
Chwazi Kounye ya:
Job 22: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith