Job 15
15
1Epi Éliphaz Temanit lan te reponn:
2Èske yon nonm saj ta dwe bay repons
ak konesans ki sòti nan van,
#
Job 6:26
e ki plen tèt li avèk van lès?
3Èske li ta diskite ak pale initil,
oswa ak pawòl ki pa gen valè?
4Anverite, ou manke respè Bondye
e ou siprime tout kalite bon refleksyon devan Bondye.
5Paske se #Job 22:5koupabilite ou ki enstwi bouch ou,
e ou chwazi langaj a rizye yo.
6 #
Job 18:7
Pwòp bouch ou kondane ou, pa mwen;
epi pwòp lèv ou fè temwayaj kont ou.
7“Èske se ou ki te premye la ki te fèt sou tè a,
oswa #Job 38:4-21èske ou te fèt avan tout kolin yo?
8Èske ou konn tande #Wo 11:34konsèy sekrè a Bondye yo,
oswa èske tout sajès se pou ou sèl?
9 #
Job 12:3
Kisa ou konnen ke nou pa konnen?
Èske ou konprann sa nou pa kapab konprann?
10Genyen ni granmoun ak moun #Job 12:12cheve blanch pami nou,
ki pi gran pase papa ou.
11Èske konsolasyon Bondye a twò piti pou ou,
menm mo ki pale ak dousè avèk ou yo?
12Poukisa a#Job 11:13kè ou pote ou rive lwen konsa?
Epi poukisa zye ou yo vin limen konsa?
13Pou ou ta vire lespri ou kont Bondye e
kite pawòl parèy a sila yo sòti nan bouch ou?
14Kisa lòm nan ye pou #Ekl 7:20li ta kab san tach,
oswa #Job 25:4 sila ki fèt de fanm nan pou ta kab dwat?
15Gade byen, Li pa mete konfyans menm nan #Job 5:1sen Li yo
e menm syèl yo pa san tach nan zye Li;
16konbyen anmwens, yon moun ki degoutan e konwonpi;
lòm ki #Job 34:7bwè inikite kon dlo a!
17“M ap di ou, koute m byen;
sa mwen konn wè, anplis m ap deklare li;
18 #
Job 8:8
sa ke moun saj konn pale
e ki pa t kache sòti de papa pa yo,
19A sila yo menm sèl ke tè a te donnen,
e pa t gen etranje ki te pase pami yo.
20Moun mechan an vire tounen #Job 15:24nan pwòp doulè li tout tan,
e fòs lane pou moun mechan yo byen kontwole.
21Bri laperèz sone nan zòrèy li.
#
Job 20:21
Pandan li anpè, destriktè a rive sou li.
22Li pa gen espwa #Job 15:30sòti nan tenèb la.
Desten li se #Job 19:29 nepe.
23Li mache egare pou chache manje epi di:
‘Kote li ye?’
Konsa, li konnen ke #Job 15:22-30jou tenèb la gen tan rive.
24Twoub ak gwo soufrans fè l gen gwo laperèz.
Yo fè l soumèt tankou yon wa ke yo prèt pou atake.
25Paske li fin lonje men l kont Bondye
e aji ak #Job 36:9awogans kont Toupwisan an.
26Li kouri kou rèd sou li tèt avan
avèk gwo boukliye li.
27Paske li fin #Sòm 73:7kouvri figi li ak grès li,
e fè kwis li vin lou ak chè.
28Li te #Job 3:14viv nan vil dezole yo,
nan kay kote pèsòn pa ta rete yo,
ki fèt pou vin dekonble nèt.
29Li #Job 27:16-17p ap vin rich, ni fòtin li p ap dire;
tèt sereyal li yo p ap janm bese rive atè.
30Li p ap #Job 5:14chape nan tenèb la.
Flanm nan va seche tout boujon li yo.
Kon #Job 4:9souf bouch li, lap wale nèt.
31Pa kite li #Job 35:13mete konfyans nan gwo vid la.
Sa a ta yon desepsyon;
paske gwo vid la va sèvi kon rekonpans li.
32Sa va vin rive #Job 22:16avan lè li.
Branch palmis li p ap vèt.
33Li va souke retire rezen li ki potko mi soti nan pye rezen a,
e va #Job 14:2jete flè li kon pye oliv la.
34Paske konpanyen a enkwayan yo va byen esteril,
epi se dife kap brile tant anba pwès yo.
35Yo #Sòm 7:14 plante mal la, e yo rekòlte inikite;
epi se desepsyon k ap jèmen nan panse yo.”
Chwazi Kounye ya:
Job 15: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith