Job 14

14
1 # Ekl 2:23 Lòm ki fèt de fanm gen vi kout ki plen traka.
2Tankou yon flè, li parèt e li fennen.
Anplis, #Job 8:9li sove ale kon lonbraj.
Li pa dire.
3Èske Ou ouvri zye Ou sou li
pou #Sòm 143:2mennen li an jijman avèk W?
4 # Job 15:4 Se kilès ki kab fè pwòp sa ki pa pwòp?
Pèsòn!
5Konsi #Job 21:21fòs jou li yo avèk Ou,
fòs mwa li yo avèk Ou.
Ou te etabli limit li ke li p ap kab depase.
6 # Job 7:19 Retire zye Ou sou li pou l kab pran repò,
jiskaske li kab konplete jou li yo,
kon yon ouvriye jounalye.
7Gen espwa pou yon pyebwa lè l koupe,
li kab boujonnen ankò,
nouvo boujon yo kab reyisi.
8Malgre rasin li yo vin vye nan tè a,
e chouk li mouri nan tè sèch,
9fè rive yon gout dlo,
e li va pete pouse boujon yo kon yon plant.
10Men #Job 3:13lòm mouri pou kouche plat.
Lòm mouri e kibò li ye?
11Tankou #És 19:5dlo lanmè fè vapè monte
e rivyè a vin sèch,
12konsa #Job 3:13lòm kouche, e li pa leve ankò.
Jiskaske syèl yo vin disparèt,
li p ap reveye, ni leve ankò.
13O ke ou ta kapab kache mwen nan sejou lanmò an,
pou ou ta kapab fè m kache #És 26:20jiskaske chalè Ou
retounen kote Ou!
Ke Ou ta fikse yon limit pou mwen, e sonje m!
14Si yon nonm mouri, èske li va leve ankò?
Pou tout jou a lit mwen yo, mwen ta tann
jiskaske lè rive pou yo lage m.
15Ou ta rele e mwen ta reponn Ou;
Konsa, Ou ta anvi anpil #Job 10:3zèv men Ou yo.
16Paske koulye a, ou konte tout pa mwen fè yo.
Èske Ou pa #Job 10:6swiv peche m yo?
17Transgresyon mwen yo sele nèt nan yon sachè
Konsa, Ou vlope tout inikite m yo.
18Men mòn nan kap tonbe pa mòso pa fè anyen;
wòch la ap kite plas li.
19Dlo a epwize wòch yo, gran fòs li lave pousyè tè a.
Se konsa Ou #Job 7:6detwi espwa a lòm.
20Ou vin fè l soumèt nèt pou tout tan, e li #Job 4:20pati;
Ou chanje aparans li, e voye l ale.
21Fis li yo vin resevwa lonè, men #Ekl 9:5li menm pa konnen sa;
oswa fis li yo vin pa anyen, men li pa apèsi sa.
22Men kò l fè mal;
epi li fè dèy sèlman pou pwòp tèt li.

Chwazi Kounye ya:

Job 14: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte