Jérémie 47
47
1Sa ki te vini kon pawòl SENYÈ a de Jérémie, pwofèt la, konsènan #Jr 25:20Filisten yo, avan Farawon te fin bat peyi Gaza.
2Konsa pale SENYÈ a:
“Gade byen, dlo yo ap leve soti nan #És 14:31nò
e l ap vin fè yon gwo fòs inondasyon dlo k ap debòde
jis li vin kouvri latè ak tout kapasite l,
menm vil a sila ki rete ladann.
Mesye yo va kriye fò,
e tout moun ladann va rele anmwey.
3Akoz bri zago cheval li k ap kouri rèd,
zen a cha li yo, ak gwonde a wou yo,
papa yo pa p retounen pran pitit yo,
men men yo va lage nèt ak sezisman.
4Akoz jou k ap vini pou detwi tout Filisten yo,
pou koupe retire nèt de Tyr ak Sidon tout soutyen ki rete yo;
paske SENYÈ a ap detwi Filisten yo,
retay a kot Caphtor a.
5Gaza vin chòv;
#
Jij 1:18
Askalon te fin detwi nèt.
O retay vale yo!
Pandan konbyen de tan
nou va blese pwòp chè nou?
6“‘Ah #Jij 7:20nepe SENYÈ a!
Pandan konbyen de tan
ou va refize vin kalm?
Ralanti, rantre nan fouwo a;
repoze e rete trankil.’
7“Kòman li ka kalm, lè SENYÈ a bay li lòd?
Kont Ashkalon, kont kot lanmè a;
Se la, Li te #Mi 6:9ranje pou l te fèt.”
Chwazi Kounye ya:
Jérémie 47: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith