Jérémie 46
46
1Sa ki te rive selon pawòl SENYÈ a a Jérémie, pwofèt la, #Jr 1:10konsènan nasyon yo.
2Pou Égypte: konsènan lame #II Wa 18:21Farawon Neco, wa Égypte la, ki te akote rivyè Euphrate nan Carkemisch, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te bat nèt nan katriyèm ane Jojakim, fis a Josias, wa Juda a.
3 #
És 21:5
“Alinye pwotèj ak boukliye
e pwoche pre pou batay la.
4Sele cheval, e monte sou do yo;
pran pozisyon nou ak kas nan tèt!
Netwaye tout lans yo,
e mete abiman an bwonz!
5Poukisa mwen te wè sa?
Yo pè nèt, y ap #És 42:17rale fè bak,
mesye pwisan yo fin bat nèt,
e sèl abri yo sove ale san gade dèyè.
Se gwo laperèz tout kote!”
deklare SENYÈ a.
6Pa kite #És 30:16sila ki pi rapid la sove ale,
ni moun pwisan an chape poul li.
Nan nò, akote rivyè Euphrate la,
yo te glise, chape tonbe.
7Se kilès sa ki #Jr 47:2leve tankou rivyè Nil la,
tankou rivyè ki gen dlo k ap jayi toupatou yo?
8Égypte leve tankou rivyè Nil la,
menm tankou rivyè ki gen dlo k ap jayi toupatou yo.
Li te di: “Mwen va #És 37:24leve kouvri peyi sa a;
anverite, Mwen va detwi vil la ak moun ki rete ladann yo.”
9An avan, cheval yo!
Kouri tankou moun fou, cha lagè yo!
Kite moun pwisan yo mache devan:
Éthiopie ak Puth ki manevre boukliye a,
#
Jr 47:3
Lidyen ki manevre e koube banza a.
10Paske jou sa a se pou Senyè BONDYE dèzame yo,
yon jou vanjans,
pou L kapab fè vanjans Li sou lènmi Li yo.
Nepe a va devore vin satisfè,
Li va bwè kont li nan san yo;
paske va genyen yon #És 34:6 sakrifis pou Senyè BONDYE dèzame yo,
nan peyi nò a, akote Larivyè Euphrate la.
11 #
Jr 8:22
Monte Galaad pou jwenn pomad gerizon an,
O fi vyèj Égypte la!
Anven nou te miltipliye remèd yo;
nanpwen gerizon pou nou.
12Nasyon yo te tande de bagay #Jr 2:36wont ou an,
e tè a plen ak kri detrès ou;
paske yon gran gèrye tonbe sou gran gèye,
e toulède tonbe atè ansanm.
13Sa se mesaj ke SENYÈ a te pale a Jérémie, pwofèt la, konsènan avni a wa Nebucadnetsar, wa Babylone nan, pou #És 19:1frape peyi Égypte la:
14“Se pou nou deklare an Égypte
e pwoklame nan Migdol;
pwoklame tou nan Noph e nan #Jr 43:8Tachpanès;
Di: ‘Pran pozisyon nou e kanpe,
paske nepe fin devore sila ki antoure nou yo.’
15Poukisa mesye pwisan nou yo vin pwostène?
Yo pa kanpe akoz SENYÈ a te #Sòm 18:14-39pouse yo desann.
16Li fè anpil #Lev 26:36-37tonbe;
anverite, yo tonbe youn kont lòt.
Yo te di: ‘Kanpe! Annou retounen kote
pwòp pèp pa nou, nan peyi natal nou,
lwen nepe a sila k ap oprime a.’
17Yo te kriye la: ‘Farawon, wa Égypte la,
pa plis ke yon #Egz 15:9-10gwo bri;
li te kite tan deziye a fin pase!’
18“Jan Mwen viv la,” deklare #Jr 48:15Wa a
ki gen kon non Li, SENYÈ dèzame yo,
“Anverite, youn ki parèt gran tankou Mòn Thabor pami mòn yo,
oswa tankou Carmel akote lanmè a;
se konsa lap vini.
19Prepare valiz ou pou #És 20:4egzil,
O fi k ap demere an Égypte,
paske Noph va devni yon dezolasyon;
li va brile menm,
pou l rete vid san moun ladann.
20“Égypte se yon gazèl byen bèl,
men yon gwo mouch ap vini #Jr 1:14soti nan nò.
Li fin rive.
21Anplis, sòlda mèsenè etranje nan mitan li yo
tankou jenn bèf yo byen angrese,
paske yo menm tou te fin vire nèt;
yo te sove ale ansanm.
Yo pa t kanpe,
paske jou malè pa yo fin rive sou yo;
lè #Jr 48:44pinisyon pa yo.
22Son li va soti kon yon sèpan;
paske tankou yon lame, yo vini,
yo rive kote li ak moun k ap pote rach.
23“Yo va koupe forè li”, deklare SENYÈ a;
anverite, li p ap twouve ankò;
paske yo plis pase gwo lame krikèt volan.
Fòs kantite yo depase kontwòl.
24Fi Égypte la ap fè gwo wont;
lap livre nan pouvwa moun nan nò yo.”
25SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la di: “Gade byen, Mwen ap pini Amon ki rete #Egz 30:14-16Thebes la, Farawon e Égypte ansanm ak dye li yo ak wa li yo, menm Farawon ak sila ki mete konfyans nan li yo. 26Mwen va livre yo a sila k ap #Jr 44:30chache touye yo, menm nan men Nebucadnetsar, wa Babylone nan ak nan men chèf li yo. Malgre sa, apre, li va vin gen moun ki rete ladann jan li te ye nan tan pase a.” deklare SENYÈ a.
27Men pou ou menm, O! Jacob, sèvitè Mwen an,
pa gen lakrent, ni pa twouble, O Israël!
Paske ou wè, Mwen va #És 11:11sove nou soti lwen,
e desandan nou yo soti nan peyi kaptivite yo.
Jacob va retounen pou rete san twoub,
ansekirite, san pèsòn ki pou fè l tranble.
28O Jacob, sèvitè Mwen an, pa gen lakrent!” deklare SENYÈ a:
“paske, Mwen avèk ou.
Paske Mwen va fè fen a tout nasyon
kote Mwen te chase ou ale yo.
Sepandan, Mwen #Jr 4:27p ap fè fen a ou menm;
men Mwen va korije ou jan sa dwe fèt
e Mwen p ap kite ou san pinisyon.”
Chwazi Kounye ya:
Jérémie 46: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith