Ésaïe 4
4
1Paske sèt fanm va kenbe #Jen 30:23yon sèl gason nan jou sa a pou di l: “Nou va manje pwòp pen nou e mete pwòp rad nou. Sèlman, kite nou rele pa non ou. Souple retire wont nou an!”
2Nan jou sa a, branch SENYÈ a va bèl, plen ak glwa, e fwi tè a va fè yo leve tèt yo wo akoz bèlte a tout retay Israël yo. 3Li va rive ke sila ki rete Sion an ak sila yo ki rete Jérusalem nan va rele sen— tout moun ki anrejistre pou #Egz 32:32 lavi Jérusalem yo 4lè Senyè a fin lave fè sòti tout salte fi a Sion yo, e pirifye Jérusalem de tout san vèse pou fè l sòti nan mitan li, pa lespri jistis ak #És 1:31 lespri brile a. 5SENYÈ la va fè sou tout landwa Mòn Sion, ak sou tout asanble li yo, yon #Egz 13:21-22nwaj pa jou, lafimen a menm, epi eklere ak yon flanm dife pandan nwit la, paske sou tout glwa la, va genyen yon kouvèti. 6Va gen #Sòm 27:5abri pou bay lonbraj kont chalè jounen an, e pou pwoteje kont tanpèt ak lapli.
Chwazi Kounye ya:
Ésaïe 4: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith