Ésaïe 3
3
1Paske gade byen, Senyè BONDYE dèzame yo va #Lev 26:26retire sou Jérusalem ak Juda ni sipò, ni mwayen materyo,
tout sa ki pou founi pen
e tout sa ki pou founi dlo;
2 #
II Wa 24:14
Nonm pwisan an,
gèrye la,
jij ak pwofèt la,
divinò a ak ansyen an,
3Kapitèn dè senkant yo,
nonm ki resevwa onè a,
konseye a,
atizan an,
ak sila ki fò nan fè wanga a.
4Konsa, Mwen va fè #Ekl 10:16senp tigason yo vin chèf sou yo,
e timoun san kontwòl yo va vin renye sou yo.
5Epi pèp la va #Mi 7:3-6oprime,
youn pa yon lòt e chak pa vwazen li;
jenn yo va fè rebèl kont granmoun yo
e sila ki enferyè a kont sila ki gen onè a.
6Lè yon nonm #És 4:1mete men l sou frè l lakay papa l, epi di:
“Se ou ki gen manto a, se ou k ap chèf nou an,
e tout miray kraze sa yo va anba pouvwa ou”,
7Nan jou sa a, li va diskite ak yo e li va di:
“Se pa mwen menm k ap #Éz 34:4geri nou an;
paske lakay mwen pa gen ni pen, ni manto;
se pa mwen menm pou nou ta chwazi chèf sou pèp la.”
8Paske Jérusalem chape glise e Juda fin tonbe akoz
pawòl ak zak yo kont SENYÈ a;
pou yo #És 65:3 fè rebèl kont prezans sen Li an.
9Vizaj figi yo fè temwen kont yo,
e yo montre tout moun peche yo tankou Sodome.
Yo pa menm kache sa a. Malè a yo menm!
Paske yo #Pwov 8:36mennen mal la vin tonbe sou yo.
10Di a #Det 28:1-14moun dwat yo sa prale byen pou yo,
paske yo va manje fwi a zèv yo.
11Malè a mechan an!
Sa prale mal pou li.
Paske #Det 28:15-68sa li merite a, se sa k ap rive li.
12O pèp Mwen an! Moun ki oprime yo se timoun
ak fanm ki gouvène sou yo.
O pèp Mwen an! #És 9:16 Sila k ap gide ou yo, egare ou,
e konfonn direksyon chemen nou yo.
13Se #És 66:16SENYÈ a ki parèt kon advèsè yo
e ki kanpe pou jije pèp la.
14SENYÈ a #Job 22:4antre nan jijman ak ansyen ak prens a pèp Li a.
“Se nou ki te devore chan rezen an;
piyaj malere a fèt anndan lakay nou.
15Se kilès ki bannou dwa pou #Sòm 94:5kraze pèp Mwen an,
e foule figi malere yo?” SENYÈ dèzame yo pale.
16Anplis SENYÈ a di: “Akoz #Kan 3:11fi a Sion yo ògeye,
mache ak tèt anlè ak zye k ap sedwi,
mache ak ti pa kout pou atire zye gason,
e fè sone tout ti son braslè sou pye yo.
17Pou sa, SENYÈ a va aflije tèt fi a Sion yo ak kal,
e SENYÈ a va fè tèt yo chòv.”
18Nan jou sa a, SENYÈ a va retire bèlte a braslè pye yo, bando sou tèt yo, #Jij 8:21-26dekorasyon kwasan yo, 19zanno zòrèy yo, braslè yo, vwal yo, 20#Egz 29:38dekorasyon tèt yo, chenn nan pye yo, bèl twal sentiwon yo ak bwat pafen yo, bwòch yo, 21bag dwèt yo, #Jen 24:47zanno nen yo. 22Vètman gwo fèt yo, gwo manto yo, bous lajan yo, 23miwa men yo, ti sou-vètman yo, tiban yo, ak vwal yo.
24Epi li va fin rive ke olye sant pafen dous,
ap gen move odè pouriti;
olye se sentiwon, ap gen yon kòd;
olye se #I Pi 3:3cheve swa byen ranje,
ap gen yon tèt chòv;
olye se bèl vètman, ya mete twal sak;
epi y ap pote etanp sou kò pou ranplase bote.
25Gason nou yo va #És 1:20tonbe devan nepe,
ak moun pwisan nou yo nan batay.
26Epi pòtay vil la va kriye fò ak lamantasyon,
doulè ak dezolasyon nèt. Li va #Lam 2:10chita atè.
Chwazi Kounye ya:
Ésaïe 3: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith