Ésaïe 17
17
1Pwofesi sou Damas.
“Gade byen, Damas prèt pou retire nèt kon vil. Li va tonbe nèt an yon #És 25:2 gwo pil mazi. 2Vil #Nonb 32:34Aroër yo ap abandone nèt. Y ap sèvi kon plas pou twoupo yo kouche. P ap gen pèsòn pou fè yo pè. 3#És 7:8-16Vil fòtifye a va disparèt nan Éphraïm e wa Damas la ak retay Syrie. Yo va tankou laglwa a fis Israël yo,” deklare SENYÈ dèzame yo.
4Alò, nan jou sa a, #És 10:3glwa Jacob la va febli nèt, e grès chè li va vin megri. 5Li va tankou lè mwasonè sereyal la ap ranmase; lè bra li ap rekòlte tèt sereyal yo. Wi, tankou yon moun k ap ranmase tèt sereyal nan #II Sam 5:18-22vale Rephaïm yo. 6Sepandan, #Det 4:27kèk nan mwason an va rete tankou lè yo rekòlte bwa doliv. Y ap jwenn de oswa twa grenn sou branch piwo a, kat oswa senk nan bwa ki donnen pi byen yo, deklare SENYÈ a, Bondye Israël la. 7Nan jou sa a, lòm va #És 10:20gen respè pou Kreyatè li a e zye li va gade vè Sila Ki Sen An Israël la. 8Yo p ap gade vè lotèl yo, zèv a men li yo, ni yo p ap okipe sa ke dwèt yo te fè; ni #Egz 34:13 Asherim yo ni lanp lansan yo. 9Nan jou sa a, vil ranfòse yo va tankou kote abandone nan forè a; tankou branch ke yo te abandone devan fis Israël yo. Konsa, tè a va dezole. 10Paske nou te bliye #Sòm 68:19 Bondye a sali nou an, ni nou pa t sonje wòch ki se sekou nou an. Pou sa, nou plante bèl plant e plase yo pami boujon chan a dye etranje yo. 11Nan jou ke nou plante l la, nou fè bèl kloti pou li. Nan #Sòm 90:6maten, nou fè jèm nan rive fè flè; men rekòlt la ap sove ale nan jou gwo maladi, nan jou doulè san rete a.
12Sepandan, gwo zen a anpil nasyon #És 5:30ki gwonde tankou anpil dlo yo, e ki fè bri a anpil nasyon k ap kouri desann tankou gwo dlo pwisan! 13#És 33:3Nasyon yo fè gwo bri desann tankou gwonde a anpil dlo, men Li va repwoche yo e yo va kouri rive byen lwen, yo va chase tankou pay sou mòn devan van, oswa toubiyon van an fè avan gwo tanpèt. 14Nan aswè, gade, gwo laperèz! Avan maten, yo #II Wa 19:35disparèt nèt. Se konsa pòsyon a sila k ap ranmase byen nou yo e tiraj osò a sila ki piyaje nou yo.
Chwazi Kounye ya:
Ésaïe 17: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith