Ésaïe 16
16
1Voye mouton tribi a bay gouvènè peyi a, soti nan Sela pa wout dezè a, jis rive nan mòn a fi Sion an. 2Li va rive ke tankou #Pwov 27:8zwazo k ap sove ale, oswa k ap gaye sòti nan nich yo, fi Moab yo va parèt kote pou janbe Arnon an. 3“Bannou konsèy! Fè yon desizyon! Voye lonbraj ou tankou lannwit nan gran lajounen! #I Wa 18:4Kache sila ki san abri yo! Pa trayi refijye a! 4Kite refijye Moab yo rete avè w! Devni yon kote pou yo kache kont destriktè a.” Paske #És 9:4opresè yo p ap reyisi. Destriksyon an va sispann. Opresè ap disparèt nèt nan peyi a. 5Yon twòn va etabli avèk lanmou dous, e yon jij va chita ak fidelite sou li nan tant #És 9:7 David la. Li va chache jistis e va fè vit pou etabli ladwati.
6 #
Jr 48:29
Nou konn tande afè ògèy Moab la, yon ògèy ki depase; afè awogans li an, ògèy li a, ak gwo kòlè li a. Pawòl anfle ògèy li pa anyen. 7Pou sa, Moab va rele anmwey; tout sila nan Moab yo va plenyen anlè. Ou va plenyen pou #I Kwo 16:3gato rezen a Kir-Haréseth kon sila konplètman frape yo. 8Paske chan a Hesbon yo te fennen, ansanm ak chan rezen a #Nonb 32:38Sibma yo. Mèt nasyon yo te kraze gwo grap ki te pi chwazi li yo, ki te rive jis Jaezer e te lonje kote dezè yo. Branch li yo te gaye nèt e te menm pase lòtbò lanmè a. 9Pou sa, Mwen va #Jr 48:32kriye byen fò pou Jaezer, pou chan Sibma a. Mwen va tranpe nou nèt ak dlo k ap sòti nan zye m, O Hesbon ak Élealé, paske sou fwi gran sezon nou yo ak rekòlt nou yo gen gwo lagè. 10#És 24:8Kè kontan ak lajwa sou chan fètil la ale. Nan chan rezen yo tou, p ap genyen chante a, ni gwo kri egzaltasyon yo, ni ouvriye k ap foule diven anba pye li nan peze yo. Mwen te fè kriye sa yo sispann. 11Pou sa, #És 24:8kè mwen sone tankou ap pou Moab ak santiman anndan mwen pou Kir-Haréseth. 12Konsa, li va rive ke lè Moab prezante tèt li, lè l fin fatige kò l sou #És 15:2 wo plas li e rive nan sanktiyè li a pou fè lapriyè, li p ap reyisi.
13Se pawòl sa a ke SENYÈ a te pale avan sa sou Moab. 14Men koulye a, SENYÈ a pale e di: “Avan twazan fin rive, jan yon #Job 7:1anplwaye ta konte yo, glwa a Moab la va vin degrade ansanm ak tout gwo kantite pèp li a, e retay li va vin piti e san fòs.”
Chwazi Kounye ya:
Ésaïe 16: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith