Ebre Yo 5

5
1Paske tout wo prèt ki #Egz 28:1pran pami moun se deziye pou moun, nan bagay ki apatyen a Bondye, pou l kapab ofri Bondye don ak sakrifis pou peche yo. 2Konsa,#Eb 2:18wo prèt la kapab aji ak konpasyon selon moun inyoran ak egare yo, paske li menm osi, li gen anpil feblès. 3Epi akoz de sa, li oblije ofri sakrifis #Lev 9:7pou peche pèp la, e pou pwòp tèt li tou. 4#Nonb 16:40Okenn moun konsa p ap pran onè pou tèt li, men li rele pa Bondye, menm jan Aaron te rele a. 5Menmjan an, Kris pa t osi bay pwòp tèt Li glwa, pou L ta devni yon wo prèt, men Li menm, Bondye ki te di Li:
# Sòm 2:7 “Ou se Fis Mwen; jodi a Mwen vin Papa Ou.”;
6Menmjan Li di osi nan yon lòt pasaj:
# Sòm 110:4 “Ou se yon prèt pou tou tan
selon modèl Melchisédek la.”
7Nan jou lachè Li yo, #Mat 26:39,42,44Li te ofri priyè, siplikasyon avèk gwo kriye ak dlo nan zye a Sila sèl ki ta kapab sove Li soti nan lanmò a, e Li, Bondye, te tande akoz de sentete Li. 8Malgre Li te #Eb 1:2yon Fis, Li te aprann #Fil 2:8obeyisans nan bagay ke Li te soufri yo. 9Epi apre, lè L te vin #Eb 2:10pafè, Li te vin devni pou tout sila ki obeyi Li yo, sous sali etènèl la, 10nonmen pa Bondye kòm #Eb 2:17wo prèt nan modèl a Melchisédek la.
11Konsènan Li menm, nou gen anpil bagay pou di, e se difisil pou eksplike akoz ke nou vin mal pou tande. 12Paske malgre lè sa a, nou ta dwe vin mèt, nou bezwen ankò yon moun pou enstwi nou #Eb 6:1prensip de baz revelasyon Bondye yo. Ou vin bezwen lèt olye manje solid.
13Paske tout sila ki pran lèt sèlman yo, yo pa abitye avèk pawòl ladwati a, paske yo #I Kor 3:1bebe toujou. 14Men manje solid la, se pou #I Kor 2:6granmoun yo, ki akoz de pratik yo, vin gen kapasite pou distenge sa ki byen ak sa ki mal.

Chwazi Kounye ya:

Ebre Yo 5: BSA

Pati Souliye

Pataje

Konpare

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte