1
Ebre Yo 5:14
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
Men manje solid la, se pou granmoun yo, ki akoz de pratik yo, vin gen kapasite pou distenge sa ki byen ak sa ki mal.
Konpare
Eksplore Ebre Yo 5:14
2
Ebre Yo 5:12-13
Paske malgre lè sa a, nou ta dwe vin mèt, nou bezwen ankò yon moun pou enstwi nou prensip de baz revelasyon Bondye yo. Ou vin bezwen lèt olye manje solid. Paske tout sila ki pran lèt sèlman yo, yo pa abitye avèk pawòl ladwati a, paske yo bebe toujou.
Eksplore Ebre Yo 5:12-13
3
Ebre Yo 5:8-9
Malgre Li te yon Fis, Li te aprann obeyisans nan bagay ke Li te soufri yo. Epi apre, lè L te vin pafè, Li te vin devni pou tout sila ki obeyi Li yo, sous sali etènèl la
Eksplore Ebre Yo 5:8-9
4
Ebre Yo 5:7
Nan jou lachè Li yo, Li te ofri priyè, siplikasyon avèk gwo kriye ak dlo nan zye a Sila sèl ki ta kapab sove Li soti nan lanmò a, e Li, Bondye, te tande akoz de sentete Li.
Eksplore Ebre Yo 5:7
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo