Ebre Yo 13

13
1Kite #Wo 12:10lanmou pou frè yo kontinye.
2Pa neglije byen resevwa etranje yo, paske pa fason sa a, kèk nan nou #Jen 18:1bay lojman menm a zanj, san nou pa konnen.
3 # Kol 4:18 Sonje prizonye yo, kòmsi nou ta nan prizon avèk yo, e sila ki maltrete yo, akoz ke nou menm, nou osi nan kò a.
4Maryaj dwe kenbe ak gwo respè pami tout moun, e kabann maryaj la dwe rete san souye; #I Kor 6:9paske Bondye ap jije fònikatè ak adiltè yo.
5Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: #Det 31:6,8“Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,” 6pou nou di avèk konfyans:
# Sòm 118:6 “Senyè a se soutyen mwen.
Mwen p ap pè.
Sa lòm ka fè m?”
7Sonje #Eb 13:17,24sila ki te dirije nou yo, ki te pale pawòl Bondye ak nou. Konsidere rezilta a zèv pa yo, e imite lafwa yo.
8 # Eb 8:12 Jésus Kri se menm lan ayè, jodi a, e pou tout tan.
9 # Ef 4:14 Pa vin pote ale pa doktrin varye e dwòl, paske li bon pou kè a ranfòse pa lagras, men pa ak kalite manje #Eb 9:10ki pa t bay benefis a sila ki te swiv yo.
10Nou gen yon lotèl #I Kor 10:18kote sila ki fè sèvis nan tabènak yo pa gen dwa manje. 11Paske #Egz 29:14kò a bèt sila yo ki gen san yo, ke Wo Prèt la pote nan lye sen an kòm yon ofrann pou peche yo, dwe brile deyò kan an. 12Menm jan an, Jésus osi, pou Li te kapab sanktifye pèp la #Eb 9:12ak pwòp san Li, te soufri deyò pòtay la. 13Donk, annou ale jwenn Li deyò kan an #Luc 9:23pou pote repwòch Li yo.
14Paske isit la, nou pa gen yon vil k ap dire, men n ap chache vil ki gen pou vini an.
15Alò, atravè Li menm, annou ofri yon sakrifis lwanj pou Bondye san rete, ki se #És 57:19fwi a lèv ki bay remèsiman a non Li yo.
16Epi pa neglije fè sa ki bon e #Wo 12:13pataje youn avèk lòt. Paske #Fil 4:18nan sakrifis konsa yo, Bondye pran plezi.
17Obeyi lidè nou yo e soumèt nou a yo. Paske #Éz 3:17yo kontinye ap gade sou nanm nou, kòm sila ki oblije rann kont. Kite yo fè sa avèk jwa, olye chagren, paske sa pa t ap gen pwofi pou nou. 18Priye pou nou, paske nou asire ke nou gen yon #Trav 24:16bon konsyans, nan dezire kondwi tèt nou avèk lonè nan tout bagay. 19Mwen ankouraje nou menm plis pou fè sa #Phm 22pou mwen kapab vin restore a nou menm pi vit menm.
20Koulye a, ke #Wo 15:33Bondye lapè a, ki te fè leve nan lanmò a #Jn 10:11gran Pastè a brebi yo pa san akò etènèl la, menm Jésus, Senyè nou an, 21#I Pi 5:10ekipe nou nan tout bon zèv, pou #Fil 2:13fè volonte Li, nan travay nan nou sa k ap fè plezi devan zye Li, nan Jésus Kri, a Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.
22Men mwen ankouraje nou #Eb 3:1frè m yo, pou sipòte #I Pi 5:12pawòl egzòtasyon sila a, paske mwen ekri nou brèvman. 23Byen aprann ke #Trav 16:1frè nou Timothée lage, e mwen va wè nou avèk li menm, si li vini vit. 24Salye #I Kor 16:16tout lidè nou yo ak tout sen yo. Sila an Italie yo salye nou. 25Ke lagras rete avèk nou tout.

Chwazi Kounye ya:

Ebre Yo 13: BSA

Pati Souliye

Pataje

Konpare

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte