Ebre Yo 12
12
1Konsa, akoz ke nou gen yon si tèlman gran nwaj temwen ki antoure nou, annou osi #Wo 13:12mete sou kote tout anpèchman ak peche ki trè fasil vin vlope nou, e annou kouri avèk andirans kous la ki mete devan nou an, 2ak zye nou byen fikse sou Jésus #Eb 2:10fondatè e nonm pafè lafwa a, ki pou lajwa ki te mete devan Li an, te #Fil 2:8sipòte lakwa a, te meprize wont lan, e te vin chita sou men dwat twòn Bondye a.
3Paske #Rev 2:3konsidere Li menm ki te andire tèl opozisyon pa pechè yo kont Li menm, pou nou menm pa t ap vin fatige e dekouraje.
4 #
Eb 10:32
Nou poko reziste jis rive #Fil 2:8pou rann san nan lit nou kont peche. 5Nou gen tan bliye egzòtasyon ki te adrese a nou menm kòm fis yo:
#
Job 5:17
“Fis mwen, pa gade a la lejè disiplin Bondye a,
ni vin febli lè nou korije pa Li;
6 #
Pwov 3:12
Paske sila ke Bondye renmen yo, Li disipline yo,
e Li fwete tout fis ke L resevwa.”
7Se pou disiplin ke nou andire. #Det 8:5Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin? 8Men si nou san disiplin #I Pi 5:9kon sila nou tout gen tan patisipe a, alò, nou se pitit ilejitim, e pa vrè fis.
9Anplis ke sa, nou te gen papa sou latè pou disipline nou, e nou te respekte yo. Èske nou pa ta bokou pito vin soumèt a #Nonb 16:22Papa a tout lespri yo, e #És 38:16viv? 10Paske yo te disipline nou pou yon ti tan ki, selon yo, te sanble pi bon, men Li menm, Li disipline nou pou byen nou #II Pi 1:4pou nou kapab pataje sentete Li a.
11Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay #És 32:17fwi lapè ladwati a.
12Konsa #És 35:3ranfòse men ki manke fòs ak jenou ki fèb yo, 13epi #Pwov 4:26fè chemen pye nou dwat, jis pou manm kò ki mal ranje a pa vin dejwente nèt, men pito vin geri.
14 #
Wo 14:19
Chèche lapè avèk tout moun, avèk sanktifikasyon. San sa a, pèsòn p ap wè Senyè a. 15Fè si ke pèsòn pa manke rive nan gras Bondye a; pou okenn #Det 29:18rasin anmè pa vin monte pou fè twoub, e pa li menm, anpil moun ta vin #Tit 1:15konwonpi. 16Pa kite nou gen okenn moun imoral oubyen #I Tim 1:9san Bondye tankou Esaü #Jen 25:33ki te vann pwòp dwa eritaj li a pou yon sèl repa manje. 17Paske nou konnen ke menm apre sa, #Jen 27:30-40lè li te dezire vin eritye yon benediksyon, li te rejte, paske li pa t twouve yon plas pou repantans, malgre li te chache sa ak dlo nan zye.
18Paske nou pa t vin kote #Egz 19:12,16yon mòn ki kapab touche e ki t ap flanbe, ni a tenèb, fènwa, ak tanpèt 19ni a #Mat 24:31gwo kout twonpèt ak son pawòl ki sone tankou sila ki te tande l t ap #Egz 20:19mande sekou a, pou okenn pawòl pa t pale a yo menm ankò. 20Paske yo pa t kapab sipòte dekrè lan: #Egz 19:12“Menm si yon bèt touche mòn nan, li va lapide ak kout wòch.” 21Vizyon sila a te si tèlman tèrib ke Moïse te di: #Det 9:19“Mwen plen lakrent ak tranbleman”.
22Men #Rev 14:1nou menm, nou te vini sou Mòn Sion ak #Eb 11:10vil a Bondye vivan an, Jérusalem selès la, e avèk kantite zanj ki pa t kab menm kontwole, 23anvè gran asanble a, ak legliz premye ne yo #Luc 10:20ki anrejistre nan syèl la, anvè Bondye, jij a tout moun nan, e anvè lespri a moun ladwati ki te fèt pafè yo, 24epi anvè Jésus #I Tim 2:5medyatè yon akò tounèf la, e anvè #Eb 9:19san vèse a, ki pale pi klè pase san Abel la. 25Fè si ke nou pa refize Sila k ap pale a. Paske si sa yo pa t chape lè yo te refize li menm ki te #Egz 20:22avèti yo sou latè a, konbyen mwens nou va chape nou menm ki vire kite Sila ki avèti nou depi nan syèl la. 26Epi vwa Li te souke tè a nan moman an, men koulye a, Li fè yon pwomès, e Li di: #Ag 2:6“Malgre sa, yon fwa ankò Mwen va souke, non sèlman tè a, men osi syèl la.”
27Ekspresyon sa a: “Malgre yon fwa ankò”, fè nou konprann ke tout bagay ki te kreye, ki kapab souke #És 34:4va retire, pou bagay sila ki pa kapab souke yo, kapab vin rete. 28Konsa, akoz ke nou resevwa yon #Dan 2:44wayòm ki pa kapab souke, annou montre rekonesans, pa sila nou kapab ofri a Bondye yon sèvis akseptab, avèk reverans ak lakrent. 29Paske #Det 4:24Bondye nou an se yon dife k ap devore.
Chwazi Kounye ya:
Ebre Yo 12: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith