Ebre Yo 10
10
1Paske Lalwa a, akoz ke se sèlman yon lonbraj a bon bagay k ap vini yo, e ki pa vrè fòm a bagay sa yo, pa #Wo 8:3janm kapab, ak menm sakrifis ke yo ofri, tout tan ane apre ane yo #Eb 7:19 fè vin pafè moun ki te rapwoche de li yo. 2Otreman, èske yo pa t ap sispann ofri sakrifis sa yo, akoz de adoratè yo, lè yo te fin netwaye yon fwa, yo pa t ap #I Pi 2:19vin sanse pechè ankò?
3Men #Eb 9:7nan sakrifis sa yo, gen yon sistèm pou sonje peche yo ane apre ane. 4Paske se enposib pou #Eb 9:12san towo ak kabrit efase peche.
5Konsa, lè Li vini nan mond lan, Li te di:
#
Sòm 40:6
“Sakrifis ak ofrann Ou pa t dezire,
men yon kò Ou te prepare pou Mwen.
6 #
Sòm 40:6
Nan tout ofrann ki brile
ak sakrifis pou peche,
Ou pa t pran plezi.
7 #
Sòm 40:7,8 Answit, Mwen te di:
‘Gade, Mwen gen tan vini
(nan woulo liv la li ekri de Mwen)
“pou fè volonte Ou, o Bondye.’”
8Lè L te fin di tout sa a: #Sòm 40:6“Sakrifis ak ofrann yo, tout ofrann brile ak sakrifis pou peche yo, Ou pa t dezire yo, ni Ou pa t pran plezi nan yo” (sila k ap ofri selon Lalwa yo).
9Answit, Li te di: #Sòm 40:7,8“Gade, Mwen vini pou fè volonte Ou.”
Li retire premye a pou Li kapab etabli dezyèm nan. 10Pa volonte sila a, nou #Jn 17:19vin sanktifye pa #Ef 5:2ofrann a kò Jésus Kris la yon fwa pou tout.
11Chak prèt kanpe chak jou pou fè ministè li e #Eb 5:1l ofri, tan apre tan, menm sakrifis yo, ki #Mi 6:6-8pa janm kapab efase peche yo.
12Men Li menm, ki te ofri yon sèl sakrifis pou peche yo pou tout tan an, Li #Sòm 110:1te vin chita sou men dwat a Bondye, 13pou Li ta tann depi lè sa jis rive pi devan an #Sòm 110:1jiskaske lènmi li yo vin tounen yon ti ban pou pye li. 14Paske pa yon sèl ofrann, Li te vin rann #Eb 10:1pafè pou tout tan sila ki vin sen yo.
15Epi #Eb 3:7Lespri Sen an temwaye osi a nou menm. Paske apre Li te di:
16 #
Jr 31:33
“Sa se akò ke Mwen va fè avèk yo
apre jou sa yo, di Senyè a;
Mwen va mete Lwa Mwen nan kè yo,
e nan panse yo, Mwen va ekri yo.”
Li di answit:
17 #
Jr 31:34
“Epi peche ak inikite yo,
Mwen p ap sonje yo ankò.”
18Alò, kote gen padon pou bagay sa yo, nanpwen ofrann pou peche ankò.
19Konsa, frè yo, paske nou gen konfyans #Eb 9:25pou antre nan lye sen an pa san Jésus a 20pa yon chemen tounèf e vivan ke Li te ouvri pou nou #Eb 6:19atravè vwal la, ki se chè Li, 21epi paske nou vin gen yon Granprèt #I Tim 3:15lakay Bondye a, 22annou #Eb 7:19rapwoche nou avèk yon kè sensè, ki plen asirans lafwa, avèk kè nou ki vin pwòp de yon move konsyans, e kò nou ki vin lave avèk dlo pwòp. 23Pou nou kenbe fèm a #Eb 3:1pwofesyon esperans lan, san ezite, paske Sila ki fè pwomès la, Li fidèl.
24Epi annou konsidere jan pou nou kapab #Eb 13:1ankouraje youn lòt nan lanmou ak bon zèv. 25Pa nan abandone pwòp asanble nou, jan kèk moun abitye fè, men nan #Eb 3:13ankouraje youn lòt, e plis menm akoz nou wè jou a ap pwoche.
26Paske si nou kontinye nan #Nonb 15:30peche volontèman aprè nou resevwa #I Tim 2:4konesans verite a, p ap gen yon sakrifis pou peche ki rete ankò, 27men n ap tann ak laperèz yon jijman ki asire, ak #És 26:11yon dife anraje, ranpli lakòlè ki va konsome tout advèsè yo.
28 #
Det 17:2-6
Nenpòt moun ki te konn mete sou kote Lalwa Moïse la te gen pou mouri san mizerikòd avèk temwayaj de de oubyen twa temwen. 29Ki pinisyon pi rèd ou panse li va merite, sila ki foule anba pye li Fis a Bondye a, e gade #Egz 24:8san akò pa sila li te vin sanktifye a, kòm pa pwòp, e ki ensilte Lespri lagras la?
30Paske nou konnen Sila ki te di a: #Wo 12:19“Vanjans se pou Mwen. Mwen va rekonpanse.” E ankò: #Det 32:36“Senyè a va jije pèp Li a.” 31Se yon bagay ki tèrib pou tonbe nan men #Mat 16:16Bondye vivan an.
32Men sonje jou nan tan pase yo, lè apre nou te fin #Eb 6:4eklere, nou te andire yon gwo #Fil 1:30konfli soufrans 33nan yon jan, nou te #I Kor 4:9devni yon spektak piblik, repwòch ak tribilasyon, men osi nou te #Fil 4:14pataje soufrans ak sila ki te maltrete konsa yo. 34Paske nou te montre konpasyon pou prizonye yo e te aksepte l #Mat 5:12avèk jwa lè yo te sezi byen nou yo, nan konnen ke nou te gen yon pi bon posesyon k ap dire nèt.
35Konsa, pa jete #Eb 10:19konfyans nou an, ki gen yon gran rekonpans. 36Paske nou oblije #Luc 21:19andire, pou lè nou fin fè volonte Bondye, nou kab #Eb 9:15resevwa sa ki te pwomèt a nou an.
37 #
Eb 2:3
“Paske nan yon tan ki kout,
Sila ki ap vini an, va vini, e li p ap fè reta.
38 #
Hab 2:4
Men moun ladwati pa M nan, va viv pa lafwa;
e si li fè bak, nanm Mwen p ap gen plezi nan li.”
39Men nou pa pami sila ki fè bak pou vin detwi yo, men sila ki gen lafwa pou prezève nanm la.
Chwazi Kounye ya:
Ebre Yo 10: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith