1
Ebre Yo 10:25
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
Pa nan abandone pwòp asanble nou, jan kèk moun abitye fè, men nan ankouraje youn lòt, e plis menm akoz nou wè jou a ap pwoche.
Konpare
Eksplore Ebre Yo 10:25
2
Ebre Yo 10:24
Epi annou konsidere jan pou nou kapab ankouraje youn lòt nan lanmou ak bon zèv.
Eksplore Ebre Yo 10:24
3
Ebre Yo 10:23
Pou nou kenbe fèm a pwofesyon esperans lan, san ezite, paske Sila ki fè pwomès la, Li fidèl.
Eksplore Ebre Yo 10:23
4
Ebre Yo 10:36
Paske nou oblije andire, pou lè nou fin fè volonte Bondye, nou kab resevwa sa ki te pwomèt a nou an.
Eksplore Ebre Yo 10:36
5
Ebre Yo 10:22
annou rapwoche nou avèk yon kè sensè, ki plen asirans lafwa, avèk kè nou ki vin pwòp de yon move konsyans, e kò nou ki vin lave avèk dlo pwòp.
Eksplore Ebre Yo 10:22
6
Ebre Yo 10:35
Konsa, pa jete konfyans nou an, ki gen yon gran rekonpans.
Eksplore Ebre Yo 10:35
7
Ebre Yo 10:26-27
Paske si nou kontinye nan peche volontèman aprè nou resevwa konesans verite a, p ap gen yon sakrifis pou peche ki rete ankò, men n ap tann ak laperèz yon jijman ki asire, ak yon dife anraje, ranpli lakòlè ki va konsome tout advèsè yo.
Eksplore Ebre Yo 10:26-27
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo