Jenèz 35

35
1Alò, Bondye te di a Jacob: “Leve ale #Jen 28:19Béthel e rete la. Fè yon lotèl la pou Bondye ki te parèt devan ou #Jen 27:43lè ou te sove ale sou frè ou a, Ésaü.”
2Alò, Jacob te di moun lakay li yo, ak tout sa ki te avè l yo: “Mete deyò tout #Jen 31:19-34 dye etranje yo ki pami nou, pirifye nou, e chanje rad nou. 3Annou leve monte Béthel. Mwen va fè yon lotèl la pou Bondye, #Sòm 107:6ki te reponn mwen nan jou detrès mwen an, e ki te #Jen 28:15avèk mwen nan tout kote ke m te konn ale yo.” 4Alò, yo te bay Jacob tout dye etranje ke yo te genyen yo, ak zanno ki te nan zòrèy yo, e Jacob te antere kache yo anba chenn ki te toupre Sichem nan. 5Pandan yo t ap vwayaje, yon #Egz 15:16gwo laperèz te vin sou vil ki te ozanviwon yo, e yo pa t swiv fis a Jacob yo.
6Alò, Jacob te vini #Jen 28:19Luz (sa vle di, Béthel), ki nan peyi Canaan an, li menm avèk tout moun ki te avèk li yo. 7#Jen 35:3Li te bati yon lotèl la, e li te rele plas la, El-Béthel, akoz ke se la Bondye te revele Li menm a li lè li te sove ale kite frè l la.
8Alò, Débora, nouris Rebecca a, te mouri, e li te antere anba Béthel anba chenn nan. Bwa sa a te rele Allon-bacuth (ki vle di chenn k ap kriye a).
9Alò, Bondye te vin parèt a Jacob ankò lè li te sòti Paddan-Aram, e Li te #Jen 32:29beni li. 10#Jen 17:5Bondye te di li: “Non ou se Jacob. Yo p ap rele ou Jacob ankò, men Israël va non ou.” Konsa li te rele li Israël.
11Bondye osi te di li: “Mwen se Bondye Toupwisan an. #Jen 9:1-7Fè fwi, e vin miltipliye. Yon nasyon ak yon #Jen 48:4gwo konpanyen nasyon va soti nan ou, e wa yo va sòti nan ou. 12#Jen 12:7Peyi ke M te bay Abraham, ak Isaac la, Mwen va ba ou li, ak desandan apre ou yo.” 13Konsa, #Jen 17:22Bondye te monte kite li nan plas kote Li te pale avèk li a.
14Jacob te etabli yon #Jen 28:18-19 pilye nan plas kote Li te pale avèk li a, yon pilye wòch. Li te vide yon bwason kòm ofrann sou li; epi osi li te vide yon lwil sou li. 15Alò, Jacob te nonmen plas kote Bondye te pale avèk li a #Jen 28:19Béthel. 16Yo te vwayaje sòti Béthel. Lè te toujou gen yon distans pou rive #Jen 35:19Éphrata, Rachel te kòmanse fè pitit li, e li te soufri yon doulè ki te difisil. 17Lè li te nan doulè rèd konsa, fanm saj la te di l: “Pa pè koulye a, paske #Jen 30:24ou va gen yon lòt gason.”
18Li te rive, ke pandan nanm li t ap pati (paske li t ap mouri), ke li te nonmen li Ben-Oni; men papa li te rele li Benjamin.
19 # Jen 48:7 Rachel te mouri e li te antere nan wout pou ale Éphrata a (sa vle di, Bethléem). 20Jacob te monte yon pilye sou tonm li an, e sa se #I Sam 12:2pilye a tonm Rachel jiska jounen jodi a.
21Israël te avanse e li te monte tant li an pi lwen #Mi 4:8tou Migdal-Éder a. 22Konsa, li te rive ke pandan Israël t ap viv nan peyi a, #Jen 49:4Reuben te ale kouche avèk Bilha, youn nan fanm a papa li yo, e Israël te tande koze sa a. Alò, te gen douz fis fèt pa Jacob— 23#Jen 49:4fis a Léa yo: Reuben, premye ne a Jacob la, ak Siméon, Lévi, Juda, Issacar avèk Zabulon, 24#Jen 30:22-24fis a Rachel yo: Joseph avèk Benjamin; 25#Jen 30:5-8 fis a Bilha yo, sèvant Rachel la: Dan avèk Nephthali; 26#Jen 30:10-13fis Zilpa yo, sèvant Léa a: Gad avèk Aser. Sa yo se fis Jacob yo ki te fèt a li menm nan Paddan-Aram.
27Jacob te vini vè papa li, Isaac nan #Jen 13:18Mamré pou #Jos 14:15Kirjath-Arba (ki se Hébron), kote Abraham avèk Isaac te demere a.
28Alò, jou Isaac yo te #Jen 25:26san-katre-ven ane. 29Isaac te rann dènye souf li. Li te mouri, e li te #Jen 25:8rasanble vè moun li yo, yon granmoun anpil laj. Konsa, Ésaü avèk Jacob te antere li.

Chwazi Kounye ya:

Jenèz 35: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte