1
Jenèz 35:11-12
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
Bondye osi te di li: “Mwen se Bondye Toupwisan an. Fè fwi, e vin miltipliye. Yon nasyon ak yon gwo konpanyen nasyon va soti nan ou, e wa yo va sòti nan ou. Peyi ke M te bay Abraham, ak Isaac la, Mwen va ba ou li, ak desandan apre ou yo.”
Konpare
Eksplore Jenèz 35:11-12
2
Jenèz 35:3
Annou leve monte Béthel. Mwen va fè yon lotèl la pou Bondye, ki te reponn mwen nan jou detrès mwen an, e ki te avèk mwen nan tout kote ke m te konn ale yo.”
Eksplore Jenèz 35:3
3
Jenèz 35:10
Bondye te di li: “Non ou se Jacob. Yo p ap rele ou Jacob ankò, men Israël va non ou.” Konsa li te rele li Israël.
Eksplore Jenèz 35:10
4
Jenèz 35:2
Alò, Jacob te di moun lakay li yo, ak tout sa ki te avè l yo: “Mete deyò tout dye etranje yo ki pami nou, pirifye nou, e chanje rad nou.
Eksplore Jenèz 35:2
5
Jenèz 35:1
Alò, Bondye te di a Jacob: “Leve ale Béthel e rete la. Fè yon lotèl la pou Bondye ki te parèt devan ou lè ou te sove ale sou frè ou a, Ésaü.”
Eksplore Jenèz 35:1
6
Jenèz 35:18
Li te rive, ke pandan nanm li t ap pati (paske li t ap mouri), ke li te nonmen li Ben-Oni; men papa li te rele li Benjamin.
Eksplore Jenèz 35:18
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo