Egzòd 18

18
1Alò #Egz 2:16,18 Jéthro, prèt Madian an, bòpè Moïse la, te tande tout sa ke Bondye te fè pou Moïse, ak pou Israël, pèp li a. Jan SENYÈ a te mennen Israël sòti an Égypte.
2Jéthro, bòpè Moïse la, te pran #Egz 2:21 Séphora, madanm a Moïse la apre li te fin voye li ale, 3ansanm avèk #Egz 2:22 de fis li yo. Youn nan yo te nonmen Guerschom, paske Moïse te di: “Mwen te yon vwayajè nan yon peyi etranje.” 4Lòt la te nonmen #I Kwo 23:15Eliézer, paske li te di: #Jen 49:25“Bondye a papa m nan te ed mwen, e Li te delivre m anba nepe Farawon.”
5Alò, Jéthro, bòpè Moïse la te vini avèk fis li yo ak madanm li vè Moïse nan dezè kote li te fè kan an, akote #Egz 3:1,12 mòn Bondye a. 6Li te voye di Moïse: “Mwen menm, bòpè ou Jéthro, ap vin kote ou avèk madanm ou, ak de fis li yo avè l.”
7Alò, Moïse te sòti pou rankontre bòpè li. Li te bese ba e li te bo li, epi yo chak te #Jen 43:27 mande lòt kijan yo te ye, epi yo te antre nan tant la.
8Moïse te pale bòpè li de tout sa ke SENYÈ a te fè Farawon an, ak Ejipsyen yo pou koz Israël, tout traka ki te vini sou yo nan vwayaj la, ak jan #Egz 15:6,16 SENYÈ a te delivre yo.
9Jéthro te rejwi de tout #És 63:7-14 bonte ke SENYÈ a te fè anvè Israël, lè l te delivre yo nan men Ejipsyen yo. 10Konsa, Jéthro te di: “#Jen 14:20 Beni se SENYÈ a ki te delivre ou nan men Ejipsyen yo, ak nan men Farawon, e ki te delivre pèp la anba men Ejipsyen yo. 11Koulye a mwen konnen ke #Sòm 95:3 SENYÈ a pi gran ke tout dye yo, akoz jan yo te aji nan ògèy kont pèp la.”
12 # Jen 31:54 Epi Jéthro, bòpè Moïse la te fè yon ofrann brile avèk sakrifis pou Bondye. Aaron te vini avèk tout ansyen Israël yo pou manje yon repa avèk bòpè Moïse la devan Bondye.
13Li te vin rive nan pwochen jou a ke Moïse te chita pou jije pèp la, e pèp la te kanpe antoure Moïse soti nan maten a rive jis aswè.
14Alò, lè bòpè Moïse la te wè tout sa ke li te fè pou pèp la, li te di: “Kisa ke w ap fè pou pèp la konsa la a? Poukisa ou chita ou sèl ou tankou jij, e tout pèp la kanpe antoure ou soti nan maten, rive jis aswè?”
15Moïse te di bòpè li: “Akoz pèp la vin kote mwen pou #Nonb 9:6,8 fè demann pou jijman Bondye. 16Depi yo gen #Egz 24:14 kont yo vin kote mwen, mwen jije antre yon nonm avèk vwazen li e mwen fè konnen règleman Bondye avèk lalwa Li yo.”
17Bòpè Moïse la te di li: “Sa ke w ap fè a pa bon. 18#Nonb 11:14,17 Ou va anverite vin epwize ou nèt, ni ou menm, ni pèp ki avè w la, paske tach la twò lou pou ou. #Det 1:9Ou p ap kapab fè l pou kont ou.
19“Koulye a, koute mwen. M ap ba ou konsèy, e ke Bondye kapab avè w. Ou va reprezante pèp la devan Bondye, e ou va #Nonb 27:5 mennen dispit yo devan Bondye. 20#Det 1:18Epi enstwi yo nan règleman avèk lalwa yo, e fè yo konnen nan #Sòm 143:8chemen ke yo dwe mache a, ak travay ke yo dwe fè a.
21“Anplis de sa, ou va chwazi pami tout pèp la, #Trav 6:3mesye ki kapab yo ki #Jen 42:18gen lakrent Bondye, moun ak verite, ki rayi richès malonèt. Konsa, ou va plase yo sou pèp la kòm chèf sou milye, sou santèn, sou senkantèn, ak sou dis. 22Kite yo jije pèp la nan tout lè. Konsa, kite sa fèt ke chak gwo ka va vini devan ou, men chak ti ka, yo menm yo va jije yo.
“Konsa li va pi fasil pou ou, e #Nonb 11:17 yo va pote chaj la avèk ou. 23Si ou fè bagay sa a jan Bondye kòmande ou a, alò, ou va gen kouraj pou andire, e anplis, tout moun sa yo va ale lakay yo anpè.”
24Alò Moïse te koute bòpè li, e li te fè tout sa ke li te di yo. 25Moïse te chwazi #Egz 18:21 mesye avèk kapasite pami tout Israël, e li te fè yo chèf sou pèp la, chèf sou dè milye, chèf sou dè santèn, chèf sou dè senkantèn, e sou dè dizèn. 26Yo te jije pèp la nan tout tan. #Egz 18:22 Ka ki difisil yo te mennen kote Moïse, e chak ti ka, yo te jije yo pou kont yo.
27Konsa, Moïse te #Nonb 10:29,30 di bòpè li orevwa, e li te fè wout li pou ale nan peyi li.

Chwazi Kounye ya:

Egzòd 18: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte