Egzòd 17

17
1Alò, tout asanble a fis Israël yo te vwayaje pazapa vè dezè #Nonb 33:12Sin nan. Selon kòmand a SENYÈ a, yo te fè kan nan #Egz 19:2Rephidim, men pa t gen dlo pou moun yo bwè. 2Akoz sa, pèp la te chache kont avèk Moïse. Yo te di: “Bannou dlo pou nou kab bwè.”
Konsa, Moïse te di: “Poukisa nou chache kont avè m? #Det 6:16 Poukisa nou pase SENYÈ a a leprèv?”
3Men nan plas sa a pèp la te swaf dlo, epi yo te #Egz 16:2,3plenyen kont Moïse. Yo te di: “Poukisa ou te mennen nou monte isit la kite Égypte, pou touye nou avèk zanfan nou yo, ak #Egz 12:38bèt nou yo avèk swaf.”
4Alò Moïse te kriye a SENYÈ a. Li te di: “Kisa pou m ta fè ak pèp sa a? #Nonb 14:10 Yon ti kras ankò e y ap lapide mwen.”
5Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Pase devan pèp la, e pran avè w kèk nan ansyen Israël yo. Epi pran nan men ou baton ou avèk sila ou te frape Nil lan, e ale. #Egz 3:16,18; Egz 7:20 Ou va frape wòch la, e dlo va sòti ladann, pou pèp la kapab bwè.” 6Gade byen, Mwen va kanpe devan ou sou wòch #Egz 3:1; Nonb 20:10,11Horeb la. Konsa, Moïse te fè sa devan zye a ansyen Israël yo. 7Li te nonmen kote a Massa ak Meriba, akoz kont ke fis Israël yo te genyen, e akoz ke yo te pase SENYÈ a a #Nonb 14:22 leprèv lè yo te di: “Èske SENYÈ a pami nou, wi oswa non?”
8Alò, #Jen 36:12 Amalèk te vin goumen kont Israël nan Rephidim. 9Konsa, Moïse te di a #Egz 24:13 Josué: “Chwazi mesye yo pou nou, e sòti pou batay kont Amalèk. Demen mwen va vin estasyone Mwen menm nan do kolin nan avèk #Egz 4:20baton a Bondye a nan men m.”
10Josué te fè jan Moïse te mande li fè a, e li te goumen kont Amalèk. Epi Moïse, Aaron, avèk #Egz 24:14 Hur te monte anwo tèt do kolin nan. 11Konsa, li te vin rive ke lè Moïse te leve men l, pèp Israël la te vin genyen, men lè li te kite men l desann, Amalèk te vin genyen.
12Men men Moïse te vin lou. Pou sa a, yo te pran yon wòch, yo te mete li anba li, e li te chita sou li. Aaron avèk Hur te bay men li #És 35:3 soutyen, youn sou yon bò, e lòt la sou lòt bò a. Konsa men li te rete dyanm jis rive lè solèy la te vin kouche. 13Epi Josué te bat Amalèk avèk pèp li a avèk lam nepe.
14Alò SENYÈ a te di a Moïse: “#Egz 24:4 Ekri sa a nan yon liv pou gen kòm souvni, e repete li a Josué, ke Mwen va konplètman efase memwa Amalèk soti anba syèl la.”
15Moïse te bati yon #Egz 24:4 lotèl e te nonmen li: “SENYÈ a Se Drapo mwen.” 16Li te di: #Jen 22:16 “SENYÈ a te sèmante: SENYÈ a va fè lagè kont Amalèk de jenerasyon an jenerasyon.”

Chwazi Kounye ya:

Egzòd 17: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte