Efezyen Yo 4

4
1Konsa, mwen menm, prizonye a Senyè a, mwen priye nou pou nou #Ef 2:10mache nan yon manyè dign de apèl avèk sila yo te rele nou an, 2avèk tout #Kol 3:12imilite ak dousè, avèk pasyans, nan montre tolerans pou youn lòt nan lanmou, 3nan rete dilijan pou konsève #Kol 3:14linite Lespri a, e nan lyen lapè. 4#I Kor 12:4; Ef 1:18Gen yon kò ak yon Lespri, menm jan ke nou te rele nan yon sèl espwa de apèl nou an; 5#I Kor 8:6yon sèl Senyè, yon sèl lafwa, yon sèl batèm, 6yon sèl Bondye e Papa #Wo 11:36tout moun ki, sou tout bagay, pami tout bagay e nan tout bagay. 7Men a nou chak, gras te vin bay #Wo 12:3selon mezi don a Kris la.
8Konsa sa ekri:
# Sòm 68:18 “Lè Li te monte anlè,
Li te mennen kon kaptif,
kaptivite a menm,
e Li te bay don a lèzòm.”
9Alò, fraz sila a, #Jn 3:13“Li te monte”, kisa sa vle di eksepte ke Li osi te desann anba nan pati ki pi fon nan latè a? 10Sila ki te desann nan se Li menm tou ki te monte #Eb 7:6bokou pi wo pase tout syèl yo, pou Li ta kapab #Ef 1:23akonpli tout bagay.
11Konsa, Li te bay #Trav 13:1kèk kòm apot, kèk kòm pwofèt, kèk kòm evanjelis, e kèk kòm pastè ak enstriktè, 12#II Kwo 13:9pou preparasyon a fidèl yo pou zèv sèvis la, pou l ranfòse kò a Kris la, 13jiskaske nou tout vin rive nan linite lafwa a, ak #Ef 1:17konesans a Fis Bondye a, yon #Eb 5:14moun ki gen matirite, jiska mezi a wotè ki apatyen a Kris la. 14Kòm rezilta, nou #I Kor 14:20pa dwe timoun ankò, ki vannen toupatou pa chak vag lanmè a, e ki vin pote pa chak van doktrin ki fèt pa twonpri a lòm, avèk tout koken ak manèv desepsyon; 15men pandan n ap pale verite a nan lanmou, nou dwe #Ef 2:21grandi nan tout aspè nan Sila, ki se tèt la, Kris Li menm. 16Nan Li menm #Wo 12:4tout kò a, ki fòme e ki kenbe ansanm pa sa ke chak jwenn founi, selon pwòp fonksyon a chak grenn pati, ki fè kò a grandi pou l byen bati pou kont li nan lanmou.
17Donk, mwen di sa e konfime ansanm avèk Senyè a #Ef 2:2pou nou pa mache ankò kòm pèp etranje yo mache, nan vanite a panse yo, 18avèk yon konprann ki byen #Wo 1:21fonse #Ef 2:12andeyò de lavi Bondye a, akoz de inyorans ki nan yo, akoz kè yo ki di. 19Konsa yo menm, ki te vin ensansib, te #Wo 1:24livre tèt yo a tout #Kol 3:5sansyalite, pou pratike tout kalite salte, e yo te vin voras. 20Men nou pa t #Mat 11:29aprann Kris nan fason sa a, 21si vrèman nou #Wo 10:14te menm tande Li e #Kol 2:7te enstwi nan Li, jis nou konnen verite a se nan Jésus. 22Sa vle di ke nan referans a jan nou te konn viv la, nou #Eb 12:1mete sou kote #Wo 6:6ansyen moun nan, ki konwonpi an akò avèk pasyon twonpri yo, 23epi pou nou #Wo 12:2vin tounèf nan lespri a panse nou, 24pou nou kapab mete sou nou #Kol 3:10nouvo moun nan, ki fèt nan limaj Bondye, e ki te kreye nan ladwati, ak sentete de verite a.
25Pou sa, mete akote sa ki fo, #Za 8:16e “pale verite a, nou chak avèk vwazen nou”, paske nou se manm a youn lòt. 26#Sòm 4:4 “Fè fache, e malgre sa pa peche”; pa kite solèy la kouche pandan nou fache a, 27epi pa #Wo 12:19bay Dyab la opòtinite. 28Sila ki vòlè a pa dwe vòlè ankò, men pito, fòk li travay, pou #I Tes 4:11fè avèk pwòp men li sa ki bon, pou li kapab gen yon bagay pou pataje avèk sila ki gen bezwen yo. 29Pa kite okenn vye mo sal sòti nan bouch nou, men sèlman kalite mo ki bon pou #Wo 14:19edifikasyon selon bezwen moman an, pou li kapab bay gras a sila ki tande l yo. 30Pa atriste Lespri Sen Bondye ki te #Jn 3:33sele nou pou jou redanmsyon an. 31#Wo 3:14Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans. 32Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt #Mat 6:14jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.

Chwazi Kounye ya:

Efezyen Yo 4: BSA

Pati Souliye

Pataje

Konpare

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte