Efezyen Yo 3
3
1Pou rezon sa a, mwen, Paul #Trav 23:18prizonye a Kris Jésus a, pou koz a nou, pèp etranje yo, 2si vrèman nou te tande de #Ef 1:10jerans a gras Bondye ke mwen te resevwa pou livre bay nou an, 3ke #Gal 1:12pa revelasyon mwen te vin konnen mistè a, sou ki mwen te deja ekri kèk mo a. 4Pa referans a sa, lè nou li, nou kapab konprann konesans mwen nan #Wo 11:25mistè a Kris la, 5ki, nan lòt jenerasyon yo pa t konnen pa fis a lòm yo, men koulye a li revele a #I Kor 12:28sen apot Li yo ak pwofèt yo nan Lespri a. 6Pou detaye byen klè, ke pèp etranje yo se eritye egal e manb parèy nan kò a, epi patisipan egal nan pwomès a Kris Jésus a selon levanjil la.#Gal 3:29 7#I Kor 1:23,25Sou pwomès sa a, mwen te vin yon sèvitè selon don lagras Bondye a, ke m te resevwa selon travay pouvwa Li a. 8A mwen menm, pi piti pami tout sen yo, gras sa a te bay, pou preche a pèp etranje yo, tout #Wo 2:4richès ensondab a Kris yo. 9Epi pou fè tout moun wè, sa ki se jerans a #Wo 16:25mistè a ki te kache pandan tan yo nan Bondye, ki te kreye tout bagay yo. 10Pou tout sajès a Bondye a ta kapab #I Pi 1:12vin konnen koulye a atravè legliz la, a tout #Ef 6:12pouvwa ak otorite nan lye selès yo. 11#Ef 1:11Sa te an akò avèk plan etènèl la ke Li te reyalize nan Kris Jésus, Senyè nou an. 12Nan #Ef 2:18Li menm, nou gen kouraj pa lafwa pou apwoche Li ak konfyans. 13Konsa, mwen mande nou pou nou pa dekouraje nan tribilasyon m ap pase#Ef 3:1pou nou yo, paske yo se glwa nou.
14Pou rezon sila a, mwen #Fil 2:10koube jenou m devan Papa de Senyè nou, Jésus Kris. 15Nan Li menm, tout fanmi nan syèl la ak sou tè a jwenn non yo, 16pou Li kapab bannou, selon richès laglwa Li, ke nou kapab ranfòse avèk pouvwa, atravè Lespri Li a ki fonse nan enteryè lòm nan. 17Pou Kris kapab demere nan kè nou pa lafwa, pou nou kapab, byen fonde e rasine nan lanmou, 18pou nou kapab konprann avèk tout sen yo #Job 11:8sa ki se lajè, longè, wotè, ak pwofondè a, 19epi pou nou konnen #Wo 8:35,39lanmou a Kris la ki depase konesans, pou nou ta kapab vin ranpli nèt ak tout sa ki nan Bondye yo.
20Koulye a, a Li menm ki #II Kor 9:8kapab fè bokou, bokou plis, de tout sa ke nou mande oubyen panse, selon pouvwa ki travay anndan nou an, 21#Wo 11:36a Li menm laglwa nan legliz la ak nan Kris Jésus a, a tout jenerasyon yo pou tout tan e pou tout tan. Amèn.
Chwazi Kounye ya:
Efezyen Yo 3: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith