Detewonòm 33
33
1Alò, sa se benediksyon yo avèk sila Moïse, #Jos 14:6nonm a Bondye a, li te beni fis Israël yo avan lanmò li. 2Li te di:
#
Egz 19:18-20
“SENYÈ a te sòti nan Sinai,
e te parèt sou yo soti nan Séir.
Li te briye soti nan Mòn Paran.
Li te sòti nan mitan di-milye yo ki te sen.
Nan men dwat Li, te gen yon lalwa
byen cho ki te pou yo.
3Anverite, Li renmen pèp la.
#
Det 7:6
Tout sen li yo nan men Ou.
Sou pye Ou, yo tout pwostène.
Yo te resevwa pawòl Ou yo.
4Moïse te pase nou lòd avèk yon lwa,
#
Sòm 119:111
eritaj pou asanble Jacob la.
5 #
Nonb 23:21
Epi Li te wa an Israël
lè tèt a pèp la te rasanble
tout tribi a Israël yo ansanm.
6 #
Jen 49:3-4
Ke Ruben viv e pa mouri;
ni ke moun li yo pa manke.”
7 #
Jen 49:8-12
Sa se pou Juda: Li te di,
“Tande O Israël vwa Juda,
e mennen li vè pèp li.
Avèk men li, li te lite pou kont li.
Ou va bay li soutyen kont advèsè pa li.”
8A Lévi, li di:
#
Egz 28:30
Thumim nan avèk Urim nan
apatyen a sèvitè fidèl Ou,
ou te pase li a leprèv nan Massa,
avèk sila ou te goumen nan dlo Meriba yo.
9Li te di de papa l avèk manman l:
“Mwen pa t wè li.”
Li pa t rekonèt pwòp frè pa li,
ni fis li yo #Mat 2:5pwiske yo te swiv pawòl Ou
e te kenbe akò Ou.
10 #
Lev 10:11
Yo va enstwi òdonans Ou yo a Jacob,
e lwa Ou a Israël.
Yo va mete lansan devan Ou,
ak ofrann brile an gwo sou lotèl Ou.
11O SENYÈ, beni abilite li yo,
e beni zèv men li yo.
Kase ren a sila ki leve kont li yo,
e sila ki rayi li kòmsi pou yo pa leve ankò.
12A Benjamin, li te di:
#
Det 4:37
“Ke byeneme SENYÈ a ta rete ansekirite ak Li,
paske Li pwoteje li tout lajounen.
Sila SENYÈ a renmen an rete antre zepòl Li.”
13A Joseph, li te di:
#
Jen 27:27-28
“Peyi li se beni pa SENYÈ a
ak lawouze presye ki soti nan syèl la,
e avèk dlo pwofon ki anba,
14pou meyè chwa a solèy la, ak meyè pwodwi lalin nan,
15pou pi bèl bagay a #Hab 3:6mòn ansyen yo,
pou pi bèl bagay nan kolin yo kap dire nèt,
16pou pi bèl bagay tè yo ak tout sa ki ladan l,
ak favè #Egz 2:2-6a Sila ki te demere nan touf bwa brile a.
Men kite sa vin parèt sou tèt Joseph la,
sou kouwòn a sila ki pi elve pami frè li yo.
17Tankou premye ne a bèf li, lonè pou li.
Kòn li yo se kòn a #Nonb 23:22bèf mawon.
Avèk yo, li va bourade pèp yo,
jis a sila a ki nan pwent latè yo.
Sila yo se di-mil a Ephraïm yo.
Yo se milye yo a Manassé.”
18De Zabulon, li te di:
#
Jen 49:13-15
“Rejwi, Zabulon lè nou soti,
ak Issacar nan tant nou yo.
19Yo va rele nasyon yo vini nan mòn la.
La, yo va ofri sakrifis ladwati,
paske yo va rale #És 60:5abondans lanmè
ak trezò ki kache nan sab yo.”
20De Gad, li te di:
“Beni se sila ki fè Gad vin pi gwo;
li kouche ba #Jen 49:9tankou yon manman lyon,
pou l dechire bra a oswa tèt la.
21Premye pati li fè pou kont li,
paske pou li, pòsyon gran chèf lalwa a te rezève.
Epi li te vini avèk chèf a pèp yo.
#
Jos 22:1-3
Li te egzekite jistis a SENYÈ,
òdonans Li yo avèk Israël.”
22 #
Jen 49:16
De Dan, li te di:
“Dan se pòtre a yon lyon
ki vòltije sòti nan Basan.”
23De Nephtali, li te di:
“#Jen 49:21O Nephtali, satisfè avèk favè,
ranpli avèk benediksyon SENYÈ a,
Kon eritaj, vin pran pati lwes la, ak sid la.”
24 #
Jen 49:20
De Aser, li te di:
“Pi beni pase fis yo se Aser.
Ke li kapab beni pa frè li yo.
Ke pye li kapab vin fonse nan lwil.
25Très cheve ou yo va tankou fè avèk bwonz.
#
Det 4:40
Selon kantite jou ou yo, konsa, ou va gen fòs.
26Nanpwen lòt ki tankou Bondye Israël la,
#
Det 10:14
ki monte sou syèl yo pou rive ede nou,
e ki travèse syèl yo nan majeste Li.
27 #
Sòm 90:1-2
Bondye etènèl la se kote pou nou kache.
Pa anba, se bwa Li ki la pou tout tan.
Li te chase lènmi an devan nou;
Li te di: ‘Detwi!’
28 #
Det 33:12
Konsa, Israël viv ansekirite,
sous Jacob ki mete apa a,
#
Jen 27:28-37
nan yon peyi sereyal avèk diven nèf.
Wi, syèl Li yo vin degoute lawouze a.
29Beni ou ye, O Israël!
#
Det 4:32
Kilès ki sanble avèk ou,
yon pèp delivre pa SENYÈ a,
ki se pwotèj k ap ba ou sekou a
ki se nepe a majeste ou?
Konsa, lènmi ou yo va vin kraponnen devan ou,
e ou va foule wo plas yo.”
Chwazi Kounye ya:
Detewonòm 33: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith