Detewonòm 32

32
1 # Det 4:26 “Prete zòrèy nou, O syèl yo;
kite mwen pale.
Kite tè a tande pawòl a bouch mwen yo.
2Kite #És 55:10-11enstriksyon mwen yo tonbe tankou lapli,
pawòl mwen yo poze tankou lawouze,
tankou ti gout sou zèb fre,
ak lapli k ap farinen sou zèb.
3Paske mwen pwoklame non a SENYÈ a.
Bay #Det 3:24glwa a Bondye nou an!
4Wòch la! Zèv Li yo pafè,
paske #Jen 18:25 tout chemen li yo jis.
# Det 7:9 Yon Bondye fidèl e san enjistis,
dwat e jis ke Li ye.
5Yo te fè zak konwonpi anvè Li.
Yo pa pitit li akoz defo yo.
# Mat 17:17 Yon jenerasyon pèvèti e kwochi,
6se konsa nou #Sòm 116:12rekonpanse SENYÈ a,
O #Det 32:28pèp ki san konprann e ki san sajès?
Èske se pa Papa nou, Kreyatè nou an,
ki te fè nou e ki te fòme nou?
7Sonje jou tan pase yo,
konsidere lane a tout jenerasyon yo.
# Egz 12:26 Mande papa nou e li va fè nou konnen,
ansyen nou yo e yo va di nou.
8Lè Pi Wo a #Trav 17:26te bay nasyon yo eritaj yo,
lè Li te separe fis a lòm yo,
Li te etabli lizyè a tout pèp la
Selon kantite a fis Israël yo.
9Paske #I Sam 10:1 pòsyon SENYÈ a se pèp Li a.
Jacob se don eritaj Li a.
10Li te twouve li nan yon peyi dezè,
# Sòm 17:8 nan savann dezole kote van soufle a.
Li te antoure li, Li te pran swen li,
Li te pwoteje li tankou #Sòm 18:10-18de zye nan tèt Li.
11 # Sòm 18:10-18 Tankou yon èg ki anvayi nich li,
ki pann sou jenn pitit li yo,
Li te ouvri zèl li yo pou te kenbe yo.
Li te pote yo anwo plim li.
12SENYÈ a sèl te gide li.
Li #Det 32:39pa t gen dye etranje ki te avè l.
13 # És 58:14 Li te fè li monte sou wo plas tè yo.
Yo te manje pwodwi a chan yo.
Li te fè li souse siwo myèl nan wòch la,
ak lwil nan wòch ki te di:
14Bòl lèt a bèf yo ak lèt bann kabrit yo,
avèk grès jenn ti mouton yo,
Belye a ras Basan yo ak kabrit,
Avèk ble ki pi fen yo.
Nou te bwè #Jen 49:11san rezen an,
diven an menm nou te bwe.
15Men Israël te vin gra e te voye pye.
Ou vin gra, gwo e swa.
# Sòm 78:58 Li te abandone Bondye ki te fè l la,
e li te meprize #Det 32:4Wòch a delivrans li an.
16 # Sòm 78:58 Yo te fè Li vin jalou avèk dye etranje yo.
Avèk #Sòm 106:29bagay abominab,
yo te pwovoke Li a lakòlè.
17Yo te fè sakrifis a dyab ki pa t Bondye yo,
a dye ke yo pa t janm konnen,
dye nèf ki fenk parèt,
ke zansèt nou yo pa t janm bay lakrent.#Det 28:64; Jij 5:8
18Nou te neglije Wòch ki te fè nou an,
e nou #Sòm 106:21te bliye Bondye ki te bannou nesans lan.
19 # Jr 44:21-23 SENYÈ a te wè sa e te meprize yo
akoz pwovokasyon fis ak fi Li yo.
20“Alò, #Det 9:23Li te di: ‘Mwen va kache figi Mwen sou yo.
Mwen va wè kijan yo fini;
Paske yo se yon jenerasyon pèvès,
fis ki pa fidèl.
21‘Yo te fè m jalou avèk sa ki pa Bondye yo.
Yo te pwovoke Mwen a lakòlè avèk zidòl yo.
# Wo 10:19 Konsa tou, Mwen va fè yo jalou avèk sa ki pa yon pèp yo.
Mwen va pwovoke yo a lakòlè
avèk yon nasyon ki san konprann.
22Paske yon dife vin limen nan chalè Mwen,
ki brile jis rive nan pati pi fon nan sejou lanmò yo.
Li #Lev 26:20 manje latè a avèk tout don li yo,
e limen dife a nan fondasyon mòn yo.
23Mwen #Det 29:21 va ogmante gwo pil malè sou yo.
Mwen #Sòm 18:14va depanse flèch Mwen sou yo.
24 # Det 28:22-48 Mwen va epwize yo ak gwo grangou,
e manje yo ak chalè ki brile,
e avèk destriksyon anmè.
Mwen va voye pami yo bèt voras,
avèk pwazon a bèt ki trennen sou vant.
25Pa deyò, se nepe ki va rache lavi yo,
epi pa anndan, gwo laperèz,
ni sou jennonm ni vyèj la,
tibebe a avèk granmoun cheve blanch lan.#Lam 1:20; II Kwo 36:17
26Mwen te prèt pou di: “M ap #Det 4:27koupe yo an mòso,
M ap rache memwa yo soti de lòm,
27si M pa t krent ke li t ap pwovoke lènmi an,
ke lènmi pa yo ta mal jije pou yo ta di:
“Se men nou ki gen viktwa a.
Se pa t vrèman SENYÈ a ki fè tout sa.”’
28Paske #Det 32:6yo se yon nasyon ki manke bon konsèy.
Yo san konprann.
29Pito #Det 5:29ke yo te saj, ke yo te konprann sa,
ke #Det 31:29yo te konprann avni yo!
30Kijan #Lev 26:7-8yon moun ta kapab chase yon milye,
pou de sèl grenn fè di mil sove ale,
sof ke Wòch pa yo a te vann yo,
sof ke SENYÈ a te livre yo bay.
31Anverite, wòch pa yo a pa tankou Wòch nou an.
Menm lènmi nou yo kapab jije sa.
32Paske rezen pa yo sòti nan rezen Sodome,
ak chan yo nan Gomorrhe.
Rezen pa yo se rezen #Det 29:18pwazon.
Grap yo anmè.
33Diven pa yo se pwazon vipè,
pwazon mòtèl koulèv kobra.
34Èske #Job 14:17M pa mete sa nan depo,
byen sele nan trezò Mwen?
35“‘Vanjans se pou Mwen, avèk revandikasyon,
nan lè pye yo va glise,
Paske jou malè a yo toupre,
E rekonpans yo ap kouri vit sou yo.’
36Paske #Sòm 135:14SENYÈ a va jije pèp Li a.
Li va fè mizerikòd sou sèvitè Li yo,
lè Li wè fòs yo fin disparèt,
ke pèsòn pa rete, ni esklav, ni lib.
37Li va di: #Jij 10:14‘Kote dye yo ye?
Wòch kote yo te pran refij la?
38Sila ki te manje grès a sakrifis pa yo a,
e ki te bwè diven a bwason pa yo a?
Kite #Jr 11:12yo vin bannou sekou!
Kite yo fè kote pou nou kache!
39Vin wè ke Mwen menm se Li.
# Det 32:12 Nanpwen dye sof ke Mwen.
Se Mwen ki mete a lanmò,
e se Mwen ki bay lavi.
Se Mwen ki te fè blese
e se Mwen ki fè gerizon.
Nanpwen pèsòn ki kab delivre soti nan men M.
40Anverite, #És 20:5-6 Mwen leve men M vè syèl la E Mwen di:
Menm jan ke Mwen viv pou tout tan an,
41si #És 34:6-8Mwen file nepe briyan Mwen an,
se men M ki kenbe lajistis.
# Jr 50:28-32 Mwen va rann vanjans sou advèsè Mwen yo,
epi Mwen va rekonpanse sila ki rayi Mwen yo.
42M ap fè flèch Mwen yo vin sou ak san,
e nepe Mwen va devore chè avèk san
a mò yo ak kaptif yo,
k ap sòti nan chèf a lènmi yo.’
43Rejwi, O nasyon avèk pèp pa Li a,
paske #II Wa 9:7L ap fè vanjans san a sèvitè Li yo.
Li va rann vanjans sou advèsè Li yo,
e fè ekspiyasyon pou peyi Li avèk pèp Li a.”
44Alò, Moïse te vin pale tout pawòl a chan sila nan zòrèy a pèp la, li menm avèk #Nonb 13:8-16Josué, fis a Nun nan. 45Lè Moïse te fin pale tout pawòl sila yo a tout Israël, 46li te di yo: “Pran a kè nou tout pawòl avèk sila mwen avèti nou jodi a, ke nou va kòmande #Det 4:9fis nou yo pou swiv avèk atansyon, tout pawòl a lalwa sila yo. 47Paske se pa yon bagay pa aza ke yo ye pou nou. Anverite, #Det 8:3se lavi nou yo ye. Pa pawòl sila yo, nou va pwolonje vi nou nan tè ke nou prèt pou travèse Jourdain an pou posede a.
48 # Nonb 27:12 SENYÈ a te pale avèk Moïse nan menm jou sa a. Li te di: 49“Monte sou mòn sila nan Abarim nan, Mòn Nebo, ki nan peyi Moab, anfas Jéricho, e gade sou peyi a Canaan an ke Mwen ap bay a fis Israël yo kòm posesyon an. 50Epi mouri sou mòn nan kote ou monte a pou vin #Jen 25:8ranmase a zansèt ou yo, jan Aaron te fè sou Mòn Hor a, e te vin ranmase pa pèp li a; 51#Nonb 20:12akoz ou te peche kont Mwen nan mitan fis Israël yo nan dlo a Meriba-Kadès yo, nan dezè Tsin nan; akoz ou pa t trete Mwen tankou sen nan mitan fis Israël yo. 52#Det 34:1-3Donk, ou va wè peyi a yon distans, men ou p ap ale la, nan peyi ke Mwen ap bay fis Israël yo.”

Chwazi Kounye ya:

Detewonòm 32: BSA

Pati Souliye

Pataje

Konpare

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte