II Kwonik Yo 11

11
1 # I Wa 12:21-24 Alò, lè Roboam te vini Jérusalem. Li te rasanble lakay Juda avèk Benjamin, san-katre-ven-mil mesye byen chwazi ki te gèrye, pou goumen kont Israël pou reprann wayòm nan pou Roboam. 2Men pawòl SENYÈ a te vini a #II Kwo 12:5-7-15Schemaeja, nonm Bondye a, Li te di: 3“Pale a Roboam, fis a Salomon an, wa a Juda a ak tout Israël nan Juda avèk Benjamin pou di: 4‘Konsa pale SENYÈ a: “Nou pa pou monte ni goumen kont #II Kwo 28:8-11fanmi pa nou yo! Retounen chak mesye yo lakay yo, paske bagay sa a sòti nan Mwen menm.”’” Konsa, yo te koute pawòl SENYÈ a, e yo te retounen pou yo pa sòti kont Jéroboam.
5Roboam te viv Jérusalem, e li te #II Kwo 8:2-6bati vil pou fè defans nan Juda. 6Konsa li te bati Bethléem, Étham, Tekoa, 7Beth-Tsur, Soko, Adullam, 8Gath, Maréscha, Ziph, 9Adoraïm, Lakis, Azéka 10Tsorea, Ajalon avèk Hébron, ki se vil fòtifye nan Juda ak nan Benjamin. 11Anplis, li te ranfòse fò yo, e li te mete kòmandan ladan yo avèk depo manje, lwil ak diven. 12Li te mete boukliye defans avèk lans nan chak vil yo, e li te byen fòtifye yo. Konsa, Juda avèk Benjamin te pou li.
13Anplis, prèt avèk Levit ki te nan tout Israël yo te kanpe avèk li soti nan landwa pa yo. 14Paske #Nonb 35:2-5Levit yo te kite tè patiraj pa yo pou te rive Juda avèk Jérusalem, paske Jéroboam te bloke sèvis yo kòm prèt SENYÈ a. 15#I Wa 12:31Li te etabli prèt pa li yo pou kont li pou sèvi nan wo plas yo, pou imaj bouk yo avèk jenn bèf ke li te fè yo. 16#II Kwo 15:9Sila yo nan tout tribi Israël ki te dispoze kè yo pou swiv SENYÈ a, Bondye Israël la, te swiv yo rive Jérusalem pou fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a. 17Yo te fòtifye wayòm Juda a, e yo te #II Kwo 12:1bay soutyen a Roboam, fis Salomon nan pandan twazan, paske yo te mache nan chemen David avèk Salomon an pandan twazan.
18Alò, Roboam te pran kòm madanm li, Mahalath, fi a Jerimoth la, fis a David la avèk Abichaïl, fi a Éliab la, fis a Jesse a. 19Li te fè fis yo: Jeusch, Schemaria, avèk Zaham. 20Apre, li te pran #I Wa 15:2Maaca, fi a Absalom an. Li te fè pou li Abija, Attaï, Ziza, avèk Schelomith. 21Roboam te renmen Maaca, fi a Absalom an plis pase tout lòt madanm avèk ti mennaj li yo. Paske li te #Det 17:17pran dizuit madanm avèk swasant mennaj, e li te fè venn-tuit fis ak swasant fi. 22Roboam te chwazi Abija, fis a Maaca a kòm chèf e dirijan pami frè li yo, paske li te gen entansyon fè l wa. 23Li te aji avèk sajès, e li te plase fis li yo nan tout teritwa a Juda avèk Benjamin nan tout vil fòtifye yo, e li te ba yo anpil manje. Epi li te chache anpil madanm pou yo.

Chwazi Kounye ya:

II Kwonik Yo 11: BSA

Pati Souliye

Pataje

Konpare

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte