II Kwonik Yo 10
10
1 #
I Wa 12:1-20
Roboam te ale Sichem, paske tout Israël te vini Sichem pou fè l vin wa. 2Lè Jéroboam, fis a Nebath la te tande sa, (paske li te an Égypte kote li te sove ale rive pou l kite prezans a wa Salomon), Jéroboam te retounen soti an Égypte. 3Pou sa, yo te voye lòd pou l vini. Lè Jéroboam avèk tout Israël te vini, yo te pale ak Roboam. Yo te di: 4“Papa ou te fè fado #I Wa 5:13-16nou rèd. Alò, pou sa, lache sèvis di a papa ou ak fado lou a ke li te konn mete sou nou an, e nou va sèvi ou.”
5Li te di yo: “Retounen kote mwen nan twa jou.”
Konsa, pèp la te ale.
6Alò, Wa Roboam te fè #Job 8:8-9konsiltasyon avèk ansyen ki te konn sèvi papa li yo, Salomon pandan li te vivan an. Li te mande yo: “Ki konsèy n ap ban mwen pou reponn a pèp sila a?”
7Yo te pale avèk li e te di: “Si ou va aji nan dousè avèk pèp sa a, si ou va fè yo kontan e #Pwov 15:1pale pawòl dous ak yo, alò, yo va vin sèvi ou nèt.”
8Men li te #II Sam 17:4echwe konsèy ansyen yo te bay li yo, pou l te konsilte jennonm ki te grandi ansanm avè l e ki te kanpe devan l. 9Konsa, li te mande yo: “Ki konsèy n ap ban mwen pou m ta reponn pèp sila a, ki te pale avèk mwen, ki te di: ‘Fè fado ke papa ou te konn mete sou nou an vin pi lejè?’”
10Jennonm ki te konn grandi avèk li yo te pale avèk li. Yo te di: “Konsa ou va reponn a pèp sila ki te pale avèk ou a, ki te di: ‘Papa ou te fè jouk nou lou; men ou menm, fè l pi lejè pou nou.’ Konsa, ou va reponn yo: ‘Ti dwèt mwen pi gwo pase ren papa m! 11Konsi papa m te chaje nou avèk yon jouk lou, mwen va mete anplis sou jouk nou an. Papa m te konn disipline avèk fwèt, men mwen menm, avèk eskòpyon.’”
12Konsa, Jéroboam avèk tout pèp la te parèt a Roboam nan twazyèm jou a jan wa a te mande lè l te di: “Retounen kote mwen nan twazyèm jou a.” 13Wa a te reponn yo byen di, e Wa Roboam te echwe konsèy a ansyen yo. 14Li te pale avèk yo selon konsèy a jennonm yo, e li te di: “Papa m te konn fè jouk nou lou, men mwen va mete anplis sou li. Papa m te fè disiplin avèk fwèt, men mwen va fè disiplin avèk eskòpyon.”
15Konsa, wa a pa t koute pèp la, paske sa se te yon boulvèsman ki te soti nan Bondye, #I Wa 11:29-39pou SENYÈ a ta kapab etabli pawòl ke Li te pale pa Achija, Silonit lan, a Jéroboam nan, fis a Nebath la.
16Lè tout Israël te wè ke wa a pa t koute yo, pèp la te reponn wa a e te di: #II Sam 20:1“Ki pòsyon nou gen nan David? Nanpwen eritaj pou nou nan fis Jesse a! Tout gason rive nan tant ou, O Israël! Koulye a, David, okipe pwòp lakay ou!” Konsa, tout Israël te pati rive nan tant yo.
17Men pou fis Israël ki te rive nan vil a Juda yo, Roboam te renye sou yo. 18Epi Wa Roboam te voye Hadoram ki te #I Wa 4:6chèf kòve yo, e fis Israël yo te lapide li ak kout wòch jiskaske li te mouri. Wa Roboam te fè vit monte cha li pou sove ale rive Jérusalem. 19Konsa, #I Wa 12:19Israël te vin nan rebelyon kont kay David la jis rive jodi a.
Chwazi Kounye ya:
II Kwonik Yo 10: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith