I Tesalonisyen Yo 5

5
1Alò, konsènan #Trav 1:7tan ak epòk yo, frè m yo, nou pa bezwen ekri nou anyen. 2Paske nou menm, nou konnen trè byen ke #I Kor 1:8jou a Senyè a va vini sou nou tankou yon vòlè lannwit. 3Pandan y ap di “Lapè ak sekirite”, alò #II Tes 1:9destriksyon va vini sou yo sibitman, tankou #Jn 16:21doulè a yon fanm k ap fè pitit. E yo p ap chape.
4Men nou menm, frè m yo, nou pa nan #Trav 26:18tenèb, pou jou a ta siprann nou tankou yon vòlè. 5Paske nou tout se #Luc 16:8fis a limyè e fis lajounen an. Nou pa apatyen a lannwit ni a tenèb. 6Konsa, annou pa #Wo 13:11dòmi tankou #Ef 2:3lòt yo konn fè a, men annou rete vijilan e rezoli. 7Paske sila ki dòmi yo, fè dòmi yo a nan lannwit; e sila kap vin sou yo #Trav 7:15vin sou lannwit. 8Men paske nou apatyen a lajounen, annou rete rezoli. Annou fin mete sou nou #És 59:17pwotèj lestomak lafwa ak lanmou an, e kòm #Ef 6:17kas, lesperans sali a.
9Paske Bondye pa t destine nou a #I Tes 1:10lakòlè, men pou nou vin #II Tes 2:13gen Sali atravè Senyè nou an, Jésus Kri. 10#Wo 14:9Li te mouri pou nou pou kit nou vivan kit nou mouri, nou va viv ansanm avèk Li.
11Konsa, annou ankouraje youn lòt, e #Ef 4:29remonte youn lòt, jis jan n ap fè a.
12Men nou mande nou, frè m yo, pou nou apresye sila #Wo 16:6,12ki travay avèk dilijans pami nou yo, e ki #Eb 13:17responsab nou nan Senyè a pou bannou lenstriksyon e korije nou. 13Fòk nou ba yo gwo estim nan lanmou akoz de travay yo.
# Mc 9:50 Viv nan lapè avèk youn lòt.
14Nou egzòte nou anpil, frè m yo, avèti moun san #II Tim 3:6,7,11prensip yo, ankouraje #És 35:4sila ki manke kouraj yo, ede fèb yo, aji nan pasyans avèk tout moun. 15Veye pou #Wo 12:17pèsòn pa rann youn lòt mal pou mal, men toujou chache sa ki bon pou youn lòt e pou tout moun.
16 # Fil 4:4 Se pou nou rejwi nou tout tan. 17Priye san rete. 18Nan tout bagay #Ef 5:20bay remèsiman, paske sa se volonte Bondye pou nou nan Kris Jésus a.
19 # Ef 4:30 Pa etenn Lespri Sen an. 20Pa meprize #Trav 13:1pawòl pwofetik yo. 21Men #I Kor 14:29byen egzamine tout bagay. Kenbe fèm a sa ki bon an 22e evite tout kalite mal.
23Koulye a, ke Bondye lapè a, Li menm, ki sanktifye nou nèt la, e ke #Luc 1:46lespri nou, nanm nou ak kò nou kapab konsève nèt #II Pi 3:14san repwòch jis nan vini a Senyè nou an, Jésus Kri.
24 # I Kor 1:9 Fidèl se Sila ki rele nou an, e Li osi va fè l rive konsa.
25Frè m yo #Ef 6:19priye pou nou.
26 # Wo 16:16 Salye tout frè yo avèk yon bo ki sen. 27Mwen bay ou lòd nan non Senyè a pou #Kol 4:16fè lèt sa a li bay tout frè yo.
28Ke #Wo 16:20lagras Senyè nou an, Jésus Kri avèk nou. Amen.

Chwazi Kounye ya:

I Tesalonisyen Yo 5: BSA

Pati Souliye

Pataje

Konpare

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte