1
I Tesalonisyen Yo 5:16-18
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
Se pou nou rejwi nou tout tan. Priye san rete. Nan tout bagay bay remèsiman, paske sa se volonte Bondye pou nou nan Kris Jésus a.
Konpare
Eksplore I Tesalonisyen Yo 5:16-18
2
I Tesalonisyen Yo 5:23-24
Koulye a, ke Bondye lapè a, Li menm, ki sanktifye nou nèt la, e ke lespri nou, nanm nou ak kò nou kapab konsève nèt san repwòch jis nan vini a Senyè nou an, Jésus Kri. Fidèl se Sila ki rele nou an, e Li osi va fè l rive konsa.
Eksplore I Tesalonisyen Yo 5:23-24
3
I Tesalonisyen Yo 5:15
Veye pou pèsòn pa rann youn lòt mal pou mal, men toujou chache sa ki bon pou youn lòt e pou tout moun.
Eksplore I Tesalonisyen Yo 5:15
4
I Tesalonisyen Yo 5:11
Konsa, annou ankouraje youn lòt, e remonte youn lòt, jis jan n ap fè a.
Eksplore I Tesalonisyen Yo 5:11
5
I Tesalonisyen Yo 5:14
Nou egzòte nou anpil, frè m yo, avèti moun san prensip yo, ankouraje sila ki manke kouraj yo, ede fèb yo, aji nan pasyans avèk tout moun.
Eksplore I Tesalonisyen Yo 5:14
6
I Tesalonisyen Yo 5:9
Paske Bondye pa t destine nou a lakòlè, men pou nou vin gen Sali atravè Senyè nou an, Jésus Kri.
Eksplore I Tesalonisyen Yo 5:9
7
I Tesalonisyen Yo 5:5
Paske nou tout se fis a limyè e fis lajounen an. Nou pa apatyen a lannwit ni a tenèb.
Eksplore I Tesalonisyen Yo 5:5
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo