I Pierre 5

5
1Pou sa mwen egzòte ansyen legliz yo pami nou, mwen kòm yon ansyen parèy, yon #Luc 24:48; I Pi 1:5temwen nan soufrans Kris la, e yon patisipan nan laglwa ki va vin revele a, 2se pou nou vin bèje #Jn 21:16a bann mouton Bondye pami nou an. Gade sou yo #Phm 14pa paske nou oblije, men paske nou vle, jan Bondye vle nou ye a, pa nan pouswiv move lajan, men nan dezi pou sèvi. 3Ni se pa tankou #Éz 34:4kòmande sila ki plase anba otorite nou yo, men kòm yon egzanp pou bann mouton an. 4Epi lè Chèf #I Pi 2:25Bèje a vin parèt, nou va resevwa kouwòn laglwa ki p ap janm gate a.
5Nou menm, jènjan yo, vin soumèt nou a lansyen yo. Ke nou tout, abiye nou avèk #I Pi 3:8imilite youn anvè lòt, paske: #Pwov 3:34“Bondye opoze a ògeye yo, men Li bay gras a moun enb yo".
6Konsa #Mat 23:12desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.
7Lage tout #Sòm 55:22tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.
8 # I Pi 1:13; Mat 24:42 Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore. 9Men reziste kont li, kanpe fèm nan lafwa, paske nou konnen frè kwayan yo nan mond lan, ap pase menm kalite soufrans yo.#Jc 4:7
10Lè nou gen tan fin soufri pou yon ti tan, #I Pi 1:6Bondye a tout gras #I Kor 1:9ki te rele nou nan laglwa etènèl Li a an Kris, va, Li menm, fè nou pafè, konfime nou, e fè nou vin dyanm. 11A Li menm, pwisans pou tout tan e pou tout tan. Amen.
12Avèk èd #II Kor 1:19Silvain, frè fidèl nou yo (se konsa mwen panse sou li) mwen #Eb 13:22ekri nou an brèf, pou ankouraje nou e bannou temwayaj ke sa se vrè gras a Bondye a. Kanpe fèm ladann!
13Madanm ki Babylone nan, ki te chwazi ansanm avèk nou an, voye bannou salitasyon li, tankou fis mwen an #Trav 12:12,25Marc tou.
14Salye youn lòt avèk yon bo lanmou. Lapè avèk nou tout ki nan Kris la.#Wo 16:16

Chwazi Kounye ya:

I Pierre 5: BSA

Pati Souliye

Pataje

Konpare

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte