I Pierre 4
4
1Konsa, paske #I Pi 2:21Kris te soufri nan lachè a, ranfòse tèt nou osi avèk menm bi a; paske moun ki deja soufri nan lachè yo, gen tan sispann fè peche, 2#Wo 6:2pou nou pa viv rès tan an konsa, nan lachè ak dezi a lòm, men viv pou volonte a Bondye.
3Paske #I Kor 12:2tan ki pase deja a, sifi pou nou te akonpli tout dezi a payen yo. Nou te konn pouswiv yon kous sansyèl, dezi chanèl, vin sou, banbòch, gwo fèt bwason, ak idolatri ki abominab.
4Nan tout sa, yo etone ke nou pa kouri avèk yo nan menm eksè ki fè yo #Ef 5:18dejenere konsa a, e yo #I Pi 3:16pale mal sou nou. 5Men yo va rann kont a Sila ki prèt pou jije #Trav 10:42vivan ak mò yo a.
6Paske #I Pi 3:18pou rezon sa a, levanjil la preche menm a sila ki mouri yo, pouke, malgre, yo jije nan lachè kòm lòm, yo ta kapab viv nan lespri selon volonte a Bondye a.
7 #
Wo 13:11
Lafen tout bagay pwòch. Konsa, se pou nou vin saj, ak yon jan de panse byen serye pou nou kab priye. 8Anplis de tout bagay, #I Pi 1:22rete fèm nan lanmou nou youn pou lòt, paske #Pwov 10:12lanmou kouvri yon gran kantite peche. 9#I Tim 3:2Resevwa youn lòt lakay nou san plenyen.
10 #
Wo 12:6
Akoz chak moun gen tan resevwa yon don espesyal, anplwaye li nan sèvi youn lòt kòm #I Kor 4:1bon jeran ak tout gras ke Bondye te bay la. 11#Tit 2:1Nenpòt moun ki pale, li dwe fè sa tankou sila k ap pale pawòl a Bondye. Nenpòt moun ki sèvi, li dwe fè li tankou sila k ap sèvi avèk #Ef 6:10tout fòs ke Bondye ba li, pouke nan tout bagay, Bondye kapab glorifye atravè Jésus Kri. A Li menm, apatyen laglwa ak pwisans, pou tout tan e pou tout tan. Amen.
12Byeneme yo, pa vin etone de #I Pi 1:6eprèv cho kap brile nan mitan nou an, ki parèt sou nou kòm yon eprèv, kòmsi se kèk bagay etranj k ap rive nou. 13Men nan menm degre ke nou #Wo 8:17pataje soufrans Kris la, kontinye rejwi nou, anfen ke nan revelasyon laglwa Li, nou kapab rejwi nou avèk gwo lajwa. 14Si yo pale mal de nou #Jn 15:21pou non a Kris la #Mat 5:11nou beni, paske Lespri laglwa a, ak Lespri Bondye a rete sou nou. De pati de sa yo, non L blasfeme, men sou pati pa w Li resevwa glwa.
15Fè si ke okenn nan nou pa soufri kòm asasen, vòlè, oswa yon malfektè, ni yon moun k ap simen latwoublay#II Tes 3:11; 16Men, si yon moun soufri kòm yon Kretyen (yon moun k ap adore Kris), li pa dwe wont, men li dwe glorifye Bondye nan non sila a.#I Pi 4:11
17Paske li lè pou jijman #Am 3:2kòmanse avèk #Eb 3:6manm lakay Bondye yo. E si li kòmanse avèk nou an premye, kisa ki va rive a sila ki pa obeyi a levanjil a Bondye a?
18 #
Pwov 11:31
Epi si se avèk difikilte ke moun jis yo sove, kisa ki va rive #I Tim 1:9nonm ki san Bondye a, ak pechè a?
19Konsa, sila yo osi ki soufri selon #I Pi 3:17volonte Bondye a lè yo fè byen, lese yo remèt nanm yo a Li menm kòn yon Kreyatè Fidèl.
Chwazi Kounye ya:
I Pierre 4: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith