I Korentyen Yo 13
13
1Si mwen pale avèk #I Kor 12:10lang a lèzòm ak zanj yo, men mwen pa gen lanmou, mwen tankou yon klòch k ap fè gwo bwi oubyen yon #Sòm 150:5senbal k ap sone. 2Si m gen don pwofesi, e konnen tout #I Kor 12:10,28,30; I Kor 13:2mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen. 3Si mwen #Mat 6:2bay tout sa ke m posede pou bay manje a pòv yo, e si mwen #Dan 3:28livre kò m pou brile, men mwen pa gen lanmou, sa p ap rapòte m anyen.
4Lanmou #Pwov 10:12pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè #II Kor 5:19pa teni kont de mal li resevwa. 6Li pa rejwi nan lenjistis, men #II Jn 4rejwi nan verite a. 7Li #I Kor 9:12sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.
8Lanmou pa janm disparèt. Si gen don #I Kor 13:2pwofesi, y ap vin disparèt. Si gen don #I Kor 13:1lang, yo va fini. Si gen konesans, li va anile. 9Paske nou #I Kor 8:2konnen yon ti pati e nou pwofetize yon ti pati; 10men lè sa ki pafè a vini, sa ki poko konplè a va disparèt. 11Lè m te timoun, mwen te konn pale tankou yon timoun, panse tankou yon timoun, rezone tankou yon timoun. Lè m te vin gran, mwen te kite bagay timoun yo. 12Paske koulye a nou wè twoub, konsi nan yon glas, men answit nou va wè #Jen 32:30fasafas. Koulye a m konnen yon ti pati, men answit, mwen va konnen tout bagay menm jan ke Bondye konnen tout bagay de mwen an. 13Men koulye a, lafwa, lesperans, ak lanmou; rete twa bagay sa yo. Men pi gran nan bagay sa yo, se #Gal 5:6lanmou.
Chwazi Kounye ya:
I Korentyen Yo 13: BSA
Pati Souliye
Pataje
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith