I Korentyen Yo 12

12
1Alò, konsènan #I Kor 12:4don Lespri Sen yo, frè m yo, mwen pa vle nou enkonsyan de yo. 2#I Kor 6:11Nou konnen ke lè nou te payen, nou te #I Tes 1:9mennen egare kote zidòl ki pa t kapab pale yo, nenpòt jan yo ta ka mennen nou. 3Konsa, mwen fè nou konnen ke pa gen pèsòn k ap pale pa Lespri Bondye a ki di: “Jésus madichonnen”. Ni pèsòn p ap ka di: “Jésus se Senyè a”, eksepte #Mat 22:43 pa Lespri Sen an.
4Alò, gen #Wo 12:6plizyè kalitie don, men se menm Lespri a. 5Gen plizyè kalite ministè, e menm Senyè a. 6Gen plizyè kalite fonksyon, men menm #I Kor 15:28Bondye a ki fè tout bagay fonksyone nan tout moun. 7Men chak kwayan resevwa #I Kor 12:12-30don Lespri a, pou lavantaj a tout moun. 8Paske a yon moun pawòl #I Kor 2:6sajès la bay selon Lespri a, e a yon lòt pawòl konesans lan selon menm Lespri a. 9A yon lòt #I Kor 13:2lafwa pa menm Lespri a, e a yon lòt #I Kor 12:28,30don gerizon pa Lespri a, 10epi a yon lòt don pou fè mirak, e a yon lòt, pwofesi, e a yon lòt #I Kor 14:29kapasite pou distenge pami lespri yo, a yon lòt plizyè kalite langaj, e a yon lòt, pou entèprete lang yo. 11Men youn e menm Lespri a travay nan tout bagay sa yo, e Li #I Kor 12:4distribiye yo a chak grenn moun selon volonte Li.
12Paske menm jan ke kò a se yon sèl, men gen anpil manm, e tout manm kò yo, malgre ke yo anpil, yo se yon sèl kò #I Kor 12:27konsa tou Kris la ye. 13Paske #Ef 2:18pa yon sèl Lespri, nou tout te batize nan yon sèl kò, kit Jwif, kit Grèk, kit esklav, kit lib, e nou tout te fèt pou #Jn 7:37-39bwè nan yon sèl Lespri.
14Paske #I Kor 12:20kò a se pa yon sèl manm, men anpil manm. 15Si pye a ta di: “Akoz ke mwen se pa yon men, mwen pa yon pati nan kò a,” se pa sa ki ta fè l okenn mwens yon pati nan kò a. 16Epi si zòrèy la di: “Mwen pa yon zye, mwen pa yon pati nan kò a,” se pa pou rezon sa a li pa omwen yon pati nan kò a. 17Si tout kò a te yon zye, kote zòrèy la t ap ye? Si tout kò a te sèl zòrèy, kote nen pou santi t ap ye? 18Men koulye a Bondye byen #I Kor 12:28plase manm yo, yo chak nan kò a #Wo 12:6jis jan Li te vle a. 19Si yo tout te yon sèl manm, kote kò a t ap ye? 20Men koulye a #I Kor 12:12gen anpil manm, men yon sèl kò. 21Konsa, zye a pa kapab di a men an: “Mwen pa bezwen ou” ni ankò, tèt la a pye yo: “Mwen pa bezwen nou.” 22Okontrè, li pi vrè ke manm kò ki sanble pi fèb yo nesesè. 23Epi manm nan kò yo ke nou estime mwens onorab yo, sou yo nou bay plis onè, e manm ki mwens prezantab nou yo, vin pi prezantab, 24pandan ke manm pi prezantab nou yo pa bezwen sa. Men Bondye byen ranje kò a pou bay plis onè a manm ki manke onè yo, 25jis pou pa vin gen divizyon nan kò a, men pou manm yo kapab gen menm sousi pou youn lòt. 26Si yon manm soufri, pou tout manm yo soufri avèk li. Si yon manm resevwa onè, pou tout manm yo rejwi avèk li.
27Alò ansanm, nou se kò a Kris la, e nou se chak grenn #Wo 12:5manm de li. 28Konsa, Bondye te #I Kor 12:18chwazi nan legliz la, premyèman #Ef 4:11apot yo, dezyèmman, pwofèt yo, twazyèmman, enstriktè yo, answit don mirak yo, answit don gerizon yo, èd yo, administrasyon yo, plizyè kalite langaj yo. 29Èske se tout ki apot? Non! Èske tout se pwofèt? Non! Èske tout se enstriktè? Non Èske se tout ki fè mirak? Non! 30Èske tout fè gerizon? Non! Èske tout pale an lang? Non! Èske tout entèprete? Non! 31Men #I Kor 14:1,39swayezman kiltive dezi pou pi gran don yo. E mwen va montre nou yon chemen ki toujou pi ekselan.

Chwazi Kounye ya:

I Korentyen Yo 12: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte