Chirasid 50

50
Simon, pitit Oniyas
1Gen Simon, pitit Oniyas la, granprèt la, #50.1 Simon: Simon sa a se Simon ki te pitit Oniyas De a. Li te yon bon chèf pou frè li yo, epi li te fè pèp la kontan l. Li te viv bò lanne de-san ven (220) rive lanne sankatrevenkenz (195) anvan Jezikri.
ki te repare tanp lan, ki te ranfòse miray kay ki apa pou Granmèt la.
2Se li menm ki te mete fondasyon gwo miray doub la,
miray ranpa byen wo ki fè wonn tanp lan.
3Se sou reny li yo te fouye rezèvwa dlo a,
gwo basen ki te laj tankou yon lanmè a.
4Paske li pa te vle kite lènmi fini ak pèp la.
Li ranfòse defans lavil la pou sizoka lènmi ta fèmen l.
5Se te bèl bagay pou ou te wè l nan mitan pèp la
lè li sòti dèyè rido ki nan tanp lan!
6Ou ta di bèl zetwal maten an nan mitan nyaj yo.
Li te tankou lalin lan lè li plenn,
7tankou solèy la k'ap klere sou kay yo mete apa pou Bondye ki anwo nan syèl la,
tankou lakansyèl ki limen byen bèl nan nyaj yo,
8tankou flè wòz nan sezon prentan, tankou flè lis bò sous dlo,
tankou pye sèd peyi Liban yo nan sezon chalè,
9tankou lansan k'ap boule nan lansanswa a,
tankou yon bèl veso fèt an lò yo dekore ak tout kalite bèl pyè koute chè,
10tankou pye oliv ki chaje ak donn li,
tankou pye pichpen ki rive byen wo jouk nan nyaj yo.
11Lè Simon mete bèl rad seremoni yo ak tout lòt òneman yo sou li pou l moute sou lotèl Bondye a,
li te fè tout anndan kay yo mete apa pou Bondye a tounen yon bèl bagay.
12Lè prèt yo ap lonje ba li pòsyon vyann bèt yo te ofri yo,
li kanpe bò dife ki sou lotèl la,
ak tout frè l yo bò kote l tankou yon kouwòn.
Li te tankou yon jenn pye sèd peyi Liban nan mitan yon bann pye palmis.
13Pitit pitit Arawon yo menm ak bèl rad yo sou yo,
ak ofrann pou Granmèt la nan men yo,
te kanpe devan tout moun pèp Izrayèl yo.
14Simon menm t'ap fè sèvis li sou lotèl la,
li t'ap ranje vyann bèt yo te touye pou Bondye ki anwo nan syèl la, pou Bondye ki gen tout pouvwa a.
15Li lonje men l pran gwo gode a,
li vide ti gout ji rezen nan pye lotèl la
tankou yon ofrann santi bon k'ap fè Bondye ki anwo nèt la, Bondye Wa tout linivè a, plezi.
16Lè sa a, prèt yo, pitit Arawon yo, pete yon sèl rèl, yo kònen twonpèt ajan yo.
Yo fè yon kokennchenn bri pou Bondye ki anwo nèt la ka chonje yo.
17Lamenm, tout pèp la bese tèt yo ansanm jouk atè pou adore Granmèt yo a ki gen tout pouvwa,
Bondye ki anwo nèt nan syèl la.
18Sanba yo menm pran chante pou fè lwanj Bondye.
Tout bri sa a te fè yon bèl mizik dous.
19Pèp la t'ap lapriyè nan pye Granmèt ki anwo nèt nan syèl la.
Yo t'ap lapriyè Bondye ki gen bon kè a
jouk yo fin fè tout seremoni pou Granmèt la,
jouk sèvis la te fini.
20Lè sa a atò, Simon desann sòti bò kote lotèl la,
li leve de men l sou tout pèp Izrayèl ki te sanble la a.
Byen fò, li bay benediksyon Granmèt la.
Se sèl lè sa a li te gen privilèj nonmen non Bondye.
21Yon dezyèm fwa ankò tout pèp la bese tèt yo jouk atè
pou yo te resevwa benediksyon ki sòti nan Bondye ki anwo nèt nan syèl la.
Yon benediksyon
22Kounyeya, annou fè lwanj Bondye linivè a,
li menm ki fè yon bann bèl bagay toupatou,
ki ban nou bèl pozisyon depi nan vant manman nou,
epi ki boule ak nou dapre bon kè li.
23Annou mande l pou l ban nou kè kontan,
pou l fè nou viv ak kè poze nan peyi Izrayèl la,
depi jòdi a ak pou tout tan.
24Annou mande l pou l toujou gen pitye pou nou,
pou l vin delivre nou lè n'a nan ka. #50.22-24 osinon, dapre sa nou jwenn nan tèks ebre a: 22 Kounyeya, annou fè lwanj Granmèt la, Bondye pèp Izrayèl la, li menm ki fè yon bann bèl bagay toupatou sou latè, ki fè moun grandi depi nan vant manman yo, epi ki fòme yo jan li vle. 23 Annou mande l pou l ban nou bon konprann, pou l fè nou viv ak kè poze yonn ak lòt. Annou mande l pou l toujou gen pitye pou Simon, pou l kenbe pwomès li avè l, dapre kontra li te pase ak Fineas, 24 pou kontra sa a pa janm fini, ni pou li ni pou rès fanmi li, tout tan syèl Bondye a va la.
Nasyon jwif yo rayi
25Gen de nasyon mwen pa ka santi.
Pou di vre, gen twa. Men, twazyèm lan pa merite yo rele l yon nasyon:
26Se moun ki rete nan mòn Seyi yo.#50.26 moun ki rete nan mòn Seyi yo: osinon, dapre sa nou jwenn nan tèks grèk la: moun ki rete peyi Samari yo.
Se moun peyi Filisti yo.
Epi se bann moun egare ki rete lavil Sichèm yo.
Dènye koze a
27Se mwen menm Jezi, pitit Chira, ki li menm te pitit Eleaza,#50.27: Jezi, pitit Chira ki li menm te pitit Eleaza: osinon, dapre sa nou jwenn nan tèks ebre a: Simeyon, pitit Jezi ki li menm te pitit Eleaza, ki li menm te pitit Chira. moun lavil Jerizalèm,
ki te kite bon konprann mwen gen nan kè mwen koule sòti tankou lapli,
epi ki te ekri tout leson bon konprann ak konesans sa yo nan liv sa a.
28Benediksyon Bondye pou tout moun ki va pran san yo pou yo repase pawòl sa yo.
Depi yon moun kenbe pawòl sa yo nan kè li, se pou l gen bon konprann.
29Depi li fè sa pawòl sa yo mande l fè, l'ap fò nan tout bagay,
paske l'ap mache nan limyè Granmèt la.

Chwazi Kounye ya:

Chirasid 50: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte