Chirasid 49
49
Jozyas
1Lè nou chonje Jozyas, se tankou yon bon odè lansan melanje yo byen konpoze avèk anpil ladrès.
Li dous tankou siwomyèl nan bouch tout moun.
Se tankou mizik ak diven nan gwo resèpsyon.
2Li menm Jozyas te pran bon chemen an.
Li te sòti pou l fè pèp la tounen vin jwenn Bondye.
Li dechouke sèvis zidòl Bondye pa vle wè a.
3Li sèvi Granmèt la nèt ale ak tout kè li,
atout lè sa a tout moun t'ap vire do bay Bondye,
Li t'ap ankouraje moun k'ap sèvi Bondye yo.
Dènye wa yo ak dènye pwofèt yo
4Lè ou wete David, Ezekyas ak Jozyas,
tout lòt wa peyi Jida yo te donnen nan fè sa ki mal.
Yo vire do bay lalwa Bondye ki anwo nan syèl la.
Yo tout disparèt tou.
5Yo renmèt tou sa ki fè fòs yo nan men lòt moun.
Yo lage tou sa ki te fè onè respè yo nan men moun lòt nasyon.
6Lènmi yo boule lavil yo te mete apa pou Bondye a, lavil Bondye menm te chwazi a.
Yo fè lari yo rete blanch, san pyès moun ladan yo,
7jan Jeremi te di l la,
paske yo te maltrete Jeremi, yon moun Bondye te mete apa depi nan vant manman l pou sèvi pwofèt,
pou dechouke, pou detwi, pou kraze,
men tou pou bati ak pou plante.
8Te gen Ezekyèl tou ki te fè vizyon bèl pouvwa
Bondye te fè l wè sou cha anwo cheriben yo.
9Se li menm tou ki pale sou pwofèt Jòb
ki te toujou mache dwat devan Bondye.
10Se pou zosman douz pwofèt yo leve sòti vivan nan tonm yo
paske yo te ankouraje fanmi Jakòb yo,
yo delivre yo, yo ba yo konfyans ak espwa.
Zowobabèl ak Jozye
11Ki jan nou ka fè lwanj Zowobabèl?
Li tankou yon so nan men dwat Bondye.
12Se menm jan an tou pou Jozye, pitit Jeosadak la.
Tou de mesye sa yo te bati tanp lan.
Wi, yo bati yon kay yo mete apa pou Granmèt la
pou sa ka sèvi yon lwanj pou tout tan pou li.
Neemi
13Nou chonje anpil travay Neyemi te fè yo tou.
Se li menm ki te rebati miray lavil Jerizalèm yo ki te fin tonbe.
Li mete pòtay yo kanpe ak ba pou fèmen yo.
Li rebati kay kote nou rete yo.
14Pa gen moun Bondye mete sou latè ki janm tankou Enòk,
ki te moute tou vivan nan syèl la.
15Pa gen moun ki fèt sou latè ki janm tankou Jozèf
ki te chèf frè li yo.
Se li ki te yon soutyen pou pèp li a.
Yo respekte ata zosman li yo tou.
16Nan tout moun sou latè, gwo respè pou Sèm ak Sèt. #49.16 Nan tout moun sou latè, gwo respè pou Sèm ak Sèt: osinon, dapre sa nou jwenn nan tèks ebre a: Gwo respè pou Sèm, pou Sèt ak pou Enòk.
Men, anwo tout moun nèt se Adan.
Chwazi Kounye ya:
Chirasid 49: HAT98
Pati Souliye
Pataje
Kopye

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Haitian Creole DC Bible © Societé Biblique Haïtienne, 1998.

: