Chirasid 51

51
Yon diplis
1Mwen vle di ou mèsi, ou menm Granmèt ki wa,
mwen vle fè lwanj pou ou, Bondye delivrans mwen.
M'ap di ou yon gwo mèsi,
2dèske ou pwoteje m, ou soutni mwen.
Ou delivre kò mwen anba men moun ki fin pèdi yo,
nan pèlen moun k'ap pale moun mal yo,
nan pèlen moun k'ap bay manti yo. #51.2 Osinon, dapre sa nou jwenn nan tèks ebre a pou kat premye liny nan vèsè de a: Se ou ki gwo fò k'ap defann lavi mwen, paske ou rache nanm mwen anba lanmò. Ou pwoteje m pou m pa tonbe nan peyi kote mò yo ye a. Ou delivre m anba moun k'ap pale m mal nan mitan pèp la.
Devan je tout moun ki pa vle wè m yo,
3ou te yon sekou pou mwen, ou te delivre m
anba bouch moun ki te pare pou devore m yo,
anba men moun ki te vle touye m yo,
paske ou pa manke gen bon kè, ou pa manke gen pouvwa.
Ou delivre m nan mitan tout kantite malè sa yo ki rive m:
4nan mitan yon lafimen ki t'ap toufe m,
nan mitan yon dife mwen pa te limen,
5nan bafon peyi kote mò yo ye a,
anba lang moun ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye yo,
anba lang moun k'ap bay pawòl manti,
6anba manti yon mechan al bay wa a sou mwen.
Sa ki te rete pou m mouri a pa te anyen.
Mwen wè lanmò anfas.
7Yo te sènen m toupatou. Pa te gen pèsonn pou soutni mwen.
Mwen voye je m toupatou ap chache yon moun pou vin ede m. Anyen menm!
8Lè sa a, mwen chonje jan ou gen bon kè, Granmèt.
Mwen chonje tou sa ou fè depi tout tan,
jan ou te sove moun ki te konte sou ou yo,
jan ou te sove yo anba men mechan yo.
9Lè sa a, antan m sou tè a, mwen lapriyè nan pye ou
pou ou delivre m anba lanmò a.
10Mwen rele Granmèt la, papa mwen an, #51.10 papa mwen an: osinon, dapre sa nou jwenn nan tèks grèk la: papa mèt mwen an.
pou l pa lage m nan jou malè sa yo,
lè m san sekou devan awogans lènmi m yo.
Mwen pwomèt pou m toujou fè lwanj li,
pou m pa janm sispann chante pou di li mèsi.
11Ou reponn lapriyè mwen.
Ou sove m pou m pa fini nèt,
ou wete m nan move pas sa a.
12Se poutèt sa m'ap di ou mèsi, m'ap fè lwanj pou ou.
Wi, m'ap chante pou fè lwanj Granmèt la. #51.12 Nan tèks ebre a, apre vèsè 12 lan nou jwenn yon chante pou di Bondye mèsi, chante nou pa jwenn nan okenn ansyen vèsyon yo. Kifè, moun save yo pa fin sèten chante sa a te nan premye premye tèks ebre a. Men chante a: Lwanj pou Bondye, paske li gen bon kè! Non, li p'ap janm sispann renmen nou. Lwanj pou Bondye ki merite vre pou yo fè lwanj pou li! Non, li pap janm sispann renmen nou. Lwanj pou gadò pèp Izrayèl la! Non, li p'ap janm sispann renmen nou. Lwanj pou Sila ki kreye tout bagay! Noni, li p'ap janm sispann renmen nou. Lwanj pou Sila ki delivre pèp Izrayèl la! Non, li p'ap janm sispann renmen nou. Lwanj pou Sila k'ap sanble tout moun pèp Izrayèl ki te gaye yo! Non, li p'ap janm sispann renmen nou. Lwanj pou Bondye ki bati yon lavil ak yon tanp apa pou li a! Non, li p'ap janm sispann renmen nou. Lwanj pou Bondye ki kenbe baton kòmandman an fèm nan fanmi David la! Non, li p'ap janm sispann renmen nou. Lwanj pou Bondye ki chwazi pitit Zadòk yo pou sèvi l prèt! Non, li p'ap janm sispann renmen nou. Lwanj pou Bondye ki tankou yon plak pwotèj pou Abraram! Non, li pap janm sispann renmen nou. Lwanj pou Bondye ki kanpe tankou yon wòch pou pwoteje Izarak! Non, li p'ap janm sispann renmen nou. Lwanj pou Bondye Jakòb la ki gen tout pouvwa! Non, li p'ap janm sispann renmen nou. Lwanj pou Bondye ki te chwazi mòn Siyon an! Non, li p'ap janm sispann renmen nou. Lwanj pou Bondye ki wa tout wa yo! Non, li p'ap janm sispann renmen nou. Se li menm k'ap mete pouvwa pèp li a kanpe ankò. Non, li p'ap janm sispann renmen nou. Se pou li tout moun ki kenbe fèm yo ap fè lwanj. Tout pitit pèp Izrayèl yo, pèp ki rete bò kote l yo, fè lwanj pou Granmèt la!
Annou pa janm sispann kouri dèyè bon Konprann
13Lè m te jenn gason, anvan m te konmanse ap vwayaje,
se tout tan nan lapriyè mwen yo mwen t'ap mande bon konprann.
14Devan pòtay kay Bondye, m'al mande sa.
Jouk jou mwen mouri mwen p'ap janm bouke chache l.
15Depi lè m te fenk konmanse ap fleri,
jouk jou mwen mi nan granmoun mwen,
se nan li mwen te jwenn plezi mwen.
Depi lè m te jenn gason se li m'ap swiv,
mwen toujou mache dwat.
16Pare m pare zòrèy mwen koute, mwen gentan resevwa l.
Li ban m anpil konesans. #51.16 Nan tèks grèk la, nou jwenn yon vèsè 17 ki pati konsa: Se gremesi li mwen fè pwogrè. Mwen gen anpil respè pou tout moun ki ban m kon konprann.
18Mwen te pran desizyon pou m fè tou sa li mande m fè.
Mwen te cho pou m fè sa ki byen.
Mwen p'ap janm regrèt mwen te fè sa. #51.18 Nan tèks grèk la, nou jwenn yon vèsè 19 ki pati konsa: Mwen goumen pou m ka gen bon konprann, mwen veye kò m pou m fè tou sa lalwa a mande m fè. Lè m leve bra m nan syèl ap lapriyè, mwen rekonèt ak lapenn tou sa m te fè san bon konprann.
20Mwen te sòti pou m te genyen l ak tout kè mwen.
Mwen kenbe tèt mwen nan kondisyon pou m sèvi Bondye, mwen jwenn li.
Depi premye jou mwen jwenn li a li ban m lespri.
Se poutèt sa li p'ap janm lage m.
21Se pa ti anvi mwen te anvi jwenn li.
Konsa, se yon bèl bagay mwen gen la a.
22Granmèt la ban m don pou m pale.
Se rekonpans sa a li ban mwen.
M'ap sèvi avè l pou m fè lwanj li.
23Nou tout ki bezwen konnen, vin jwenn mwen.
Vin aprann nan men mwen.
24Jan nou swaf sa a,
poukisa pou nou rete pi lontan san fè anyen pou sa?
25M'ap pale, men sa m'ap di nou:
Sa p'ap koute nou lajan pou nou gen bon konprann.
26Annik pran desizyon soumèt devan egzijans li yo,
epi sòti pou aprann sa l'ap moutre nou.
Nou pa bezwen al twò lwen pou jwenn li.
27Nou menm, wè ak je nou jan mwen pa te bay kò m twòp lapenn
anvan mwen te jwenn bon repo sa a.
28Nenpòt ki lajan sa ka mande nou pou nou gen konprann
konnen l'ap fè nou jwenn anpil lò ak anpil ajan.
29Fè kè nou kontan pou jan Granmèt la gen bon kè.
Pa wont fè lwanj li!
30Fè travay nou lè pou nou fè l la.
Granmèt la va ban nou rekonpans nou lè li menm la vle.
Bon Konprann Jezi, pitit Chirak la. #51.30 Bon Konprann Jezi, pitit Chirak la: Nan tèks ebre a nou jwenn yon finisman ki pi long: Lwanj pou Granmèt la pandan tout tan ki p'ap janm fini an! Chante pou fè lwanj li pou tout tan tout tan! Bon Konprann Simeyon, pitit Jezi ki li menm te pitit Eleaza, ki li menm te pitit Chirak. Se pou yo fè lwanj pou Granmèt la depi kounye a jouk nan tan ki p'ap janm fini an.

Chwazi Kounye ya:

Chirasid 51: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte