Chirasid 48
48
Eli
1Apre sa, pwofèt Eli parèt tankou yon dife.
Pawòl nan bouch li boule tankou bwa chandèl.
2Li fè grangou tonbe sou pèp la.
Li fè, li fè jouk yo tounen yon ti ponyen.
3Li pale nan non Granmèt la, li fèmen syèl la pou lapli pa tonbe.
Twa fwa, li fè dife sòti nan syèl la.
4Ala bèl pouvwa ou te genyen an bèl, Eli, pou fè tout mèvèy sa yo!
Pa gen moun ki ka pretann yo ka fè tankou ou!
5Ak pawòl Bondye ki anwo nan syèl la,
ou fè yon moun mouri leve vivan, ou rache l nan twou kote mò yo ye a.
6Ou fè wa pèdi pye yo.
Ou fè grannèg tonbe, yo mouri.
7Sou mòn Sinayi, ou tande Bondye fè ou repwòch.
Sou mòn Orèb, ou tande Bondye pran desizyon pou l pini moun ki pa vle wè l yo.
8Ou mete wa pou fè moun yo peye sa yo fè.
Ou mete pwofèt pou pran plas ou apre ou.
9Se nan yon toubouyon dife yo pote ou ale nan syèl la,
sou yon cha chwal dife t'ap rale.
10Nan mesay repwòch pou tan k'ap vini yo, se ou menm yo chwazi
pou kalme kòlè Bondye anvan li dechennen,
pou fè papa ak pitit yo byen ankò,
pou mete branch fanmi Jakòb yo kanpe ankò.
11Ala bon sa bon pou moun ki va wè ou yo,
pou moun ki mouri deja ak renmen nan kè yo,
paske nou menm tou n'ap gen lavi. #48.10-11 Nou pa fin sèten se sa de vèsè sa yo vle di, ni nan tèks grèk la ni nan tèks ebre a.
Elize
12Lè yo pote Eli ale nan toubouyon an, lespri Eli a desann sou Elize.
Pandan tout lavi Elize, pa te gen chèf pou fè l pè. Pèsonn pa te ka fè l fè sa yo vle.
13Anyen pa te twò difisil pou li.
Menm apre li mouri, kadav li fè mirak toujou.
14Pandan tout lavi li, li fè anpil mèvèy.
Menm apre li mouri, li t'ap fè mèvèy toujou.
15Atousa, pèp la pa te kite move lavi yo t'ap mennen an.
Yo pa vire do bay peche yo,
jouk jou yo depòte yo byen lwen peyi yo,
yo gaye yo toupatou sou latè.
16Se yon ti ponyen moun ase ki te rete anba lòd yon chèf ki sòti nan fanmi David la.
De twa ladan yo te fè sa ki fè Bondye plezi, men lòt yo lage kò yo nan fè peche sou peche.
Ezekyas
17Ezekyas #48.17 Ezekyas: Gen yon pawoli yo fè nan lang ebre a ak non Ezekyas la ki vle di: Granmèt la ap bay fòs. ranfòse defans lavil kapital la.
Li fè dlo rive jouk andedan miray ranpa li yo.
Avèk zouti fè, li fouye kannal nan wòch yo.
Li bati gwo rezèvwa pou dlo.
18Senakerib, antan li te wa, te sòti pou l fè lagè ak yo.
Li voye Rabsakès, kòmandan lagad li a.
Nan lògèy li, li penmèt li leve men l sou mòn Siyon an.
19Lè sa a, moun yo pèdi kouray, yo pran tranble.
Yo t'ap soufri tankou yon fanm ki gen tranche.
20Yo rele nan pye Granmèt la ki gen bon kè,
yo leve men yo anlè pou yo lapriyè l.
Nan syèl kote Bondye ki apa a ye a, li prese reponn yo,
li voye Ezayi delivre yo.
21Li leve men l sou kan moun peyi Lasiri yo,
zanj li a disparèt yo.
Ezayi
22Ezekyas te fè sa ki fè Granmèt la plezi.
Li kenbe fèm nan chemen David, zansèt li a,
dapre lòd li te resevwa nan men pwofèt Ezayi,
ki te gen anpil pouvwa, epi ki te konn wè klè.
23Lè sa a, Ezayi fè solèy la fè bak,
li lonje lavi rwa a.
24Avèk pouvwa lespri a, li wè sa ki te gen pou rive apre sa.
Li bay moun mòn Siyon yo ki te nan lapenn kouray.
25Li fè konnen sa ki gen pou rive anvan tout bagay kaba nèt,
Li fè konnen bagay kache anvan menm yo rive fèt.
Chwazi Kounye ya:
Chirasid 48: HAT98
Pati Souliye
Pataje
Kopye

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Haitian Creole DC Bible © Societé Biblique Haïtienne, 1998.

: