Moun sòt, se tankou yon fanm ki pale fò, ki pa konn anyen, ki pa wont anyen. Li chita sou yon chèz devan papòt lakay li, li kage chèz li kote ki pi wo nan lavil la. L'ap rele moun ki sou wout yo, ki pa sou bò l. L'ap di yo: Vini jwenn mwen non, nou menm ki poko konn anyen! Li pale ak moun ki san konprann yo, li di yo: Dlo kay moun toujou pi fre. Manje deyò toujou pi gou! Men, moun ki pran nan pawòl fanm sa a pa konnen lè yo mete pye lakay li se papye lanmò yo yo senyen. Depi yo antre lakay li, yo deja mouri.
Li Pwovèb 9
Koute Pwovèb 9
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Pwovèb 9:13-18
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo