Pwovèb 9

9
Moun lespri ak moun san konprann
1Bon konprann bati kay li, li kanpe l avèk #Mat 16.18; Ef 2.20-22 sèt gwo poto. 2Li #Sòm 23.5; Mat 22.4; Lik 14.17 fè yo pare bon vyann pou fè fèt, li fè bon konpoze ak diven, li ranje tab la byen ranje. 3Li #Pwo 8.1,2; Mat 22.3 rele sèvant li yo, li voye yo moute kote ki pi wo nan lavil la pou fè tout moun konnen nouvèl la, pou di yo: 4Nou #Pwo 6.32 menm ki poko konn anyen, vini non! Li rele moun san konprann yo, l'ap di yo: 5Vin #Kan 8.2; Eza 55.1; Jan 6.27 manje manje mwen an non! Vin bwè bon diven mwen pare a non! 6Kite sòt! Vin aprann lavi! Vin mache nan chemen konesans.
7Si #Sòm 141.5; Mat 7.6 w'ap kouri dèyè yon moun k'ap pase moun nan betiz, l'ap joure ou mete sou li. Si w'ap rale zòrèy yon mechan, l'ap bat ou mete sou li. 8Pa janm kouri dèyè yon moun k'ap pase moun nan betiz. L'a rayi ou. Men, si w'ap kouri dèyè yon moun ki gen konprann, l'a gen respè pou ou. 9Si #Mat 13.12 ou pale ak yon moun ki gen bon konprann, w'ap fè l gen plis bon konprann toujou. Plis w'ap moutre yon nonm debyen, plis l'ap mete sou konesans li.
10#Pwo 1.7 ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann. Si ou konnen ki moun Bondye ye, ou gen lespri. 11Bon #Pwo 3.2 konprann ap fè ou viv lontan. L'ap fè ou wè plizyè lanne. 12Si #Jòb 22.2; 35.7 ou gen bon konprann, premye moun k'ap pwofite sa se ou menm. Konsa tou, si w'ap pase konesans nan betiz, se ou menm tou k'ap peye konsekans lan pou kont ou.
13Moun #Pwo 7.7-27 sòt, se tankou yon fanm ki pale fò, ki pa konn anyen, ki pa wont anyen. 14Li chita sou yon chèz devan papòt lakay li, li kage chèz li kote ki pi wo nan lavil la. 15L'ap rele moun ki sou wout yo, ki pa sou bò l. L'ap di yo: 16Vini #Pwo 9.4 jwenn mwen non, nou menm ki poko konn anyen! Li pale ak moun ki san konprann yo, li di yo: 17Dlo #Pwo 20.17 kay moun toujou pi fre. Manje deyò toujou pi gou! 18Men, #Pwo 7.27 moun ki pran nan pawòl fanm sa a pa konnen lè yo mete pye lakay li se papye lanmò yo yo senyen. Depi yo antre lakay li, yo deja mouri.

Chwazi Kounye ya:

Pwovèb 9: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an