Mak 7

7
Kèsyon koutim granmoun lontan yo
(Matye 15.1-9)
1Farizyen yo ak kèk dirèktè lalwa te sòti Jerizalèm. #Mat 15.1-20 Yo sanble bò kote Jezi. 2Yo #Lik 11.38 wè te gen nan disip li yo ki t'ap manje ak men yo tou sal, san lave yo.
3Farizyen yo ak tout lòt jwif yo pat janm manje san yo pat lave men yo byen lave. Nan sa, yo t'ap swiv koutim granmoun lontan yo. 4Lè yo sòti nan mache, sa pat bon nonplis pou yo te manje san yo pat pran yon beny anvan. #7.4: Lè yo sòti nan mache, sa pat bon nonplis pou yo te manje san yo pat pran yon beny anvan: Ou ankò Sa pat bon nonplis pou yo te manje anyen ki sòti nan mache san yo pat lave l anvan. Yo te gen yon bann lòt koutim konsa ankò yo t'ap swiv. Pa egzanp, yo te gen yon jan pou yo lave chak bagay, yon jan pou gode yo, yon jan pou krich yo, yon jan pou mamit yo, yon jan pou lave menm kabann yo.
5Se sa k fè, farizyen yo ak dirèktè lalwa yo mande Jezi:
— Poukisa disip ou yo pa swiv koutim granmoun lontan yo? Men y'ap manje ak men yo tou sal.
6Jezi #Eza 29.13 reponn yo:
— Bann ipokrit! Ezayi te gen rezon lè l t'ap pale sou nou, jan sa ekri a:
Se nan bouch pèp sa a respekte m,
men kè yo byen lwen mwen.
7Se tan yo y'ap pèdi lè y'ap fè sèvis pou mwen.
Paske nan leson yo, se pawòl lèzòm y'ap moutre moun.
8Jezi di yo konsa:
— Nou mete kòmandman Bondye yo sou kote pou nou swiv koutim moun etabli.
9Li di yo tou:
— Nou byen konnen jan pou nou vire kòmandman Bondye yo voye jete, pou nou ka kenbe pwòp pawòl pa nou yo. 10Tande #Egz 20.12; 21.17; Det 5.16 byen. Moyiz di konsa: Respekte papa ou ak manman ou. Li di ankò: Si yon moun pale papa l ak manman l mal, se pou yo touye li. 11Men nou menm, nou di: Si yon moun di papa l osinon manman l: Tou sa m ta gen pou m ede ou la, li kòban (ki vle di: se yon ofrann mwen mete apa pou Bondye), 12nan ka sa a, li pa bezwen fè anyen pou papa l osinon manman li. 13Se konsa nou fè pawòl Bondye yo pase pou anyen ak pawòl pa nou n'ap transmèt yonn bay lòt. Nou fè anpil lòt bagay konsa ankò.
Sa ki mete moun nan kondisyon pou pa ka sèvi Bondye
(Matye 15.10-20)
14Apre sa, Jezi rele foul moun yo vin bò kote l ankò. Li di yo konsa:
— Nou tout, tande byen sa m'ap di nou la a. Manyè konprann sa. 15Se #Tra 10.14,15 pa sa ki antre anndan yon moun lè li manje ki ka mete li nan kondisyon pou li pa ka sèvi Bondye. [ 16Si nou gen zòrèy pou n tande, tande.]
17Lè l fin kite foul moun yo dèyè, li antre nan kay la. Disip li yo mande l esplike yo parabòl sa a. 18Li di yo:
— Nou menm tou, nou san konprann toujou? Nou pa konprann pawòl sa a: Tout bagay ki sot deyò antre anndan yon moun pa kapab mete l nan kondisyon pou l pa ka fè sèvis Bondye. 19Paske manje pa antre nan kè moun. Se nan vant li pase. Apre sa, li watè li yon kote.
Se konsa Jezi fè konprann tout manje bon 20Li di yo ankò:
— Sa ki sòti nan kè yon nonm, se sa ki mete l nan kondisyon pou l pa ka fè sèvis Bondye. 21Se nan kè yon moun, se anndan li tout move lide sòti: lide fè ou fè tout move bagay, li fè ou vòlè, li fè ou touye moun; 22li fè ou fè adiltè, li fè ou renmen lajan. Li rann ou mechan, fentè, li lage ou nan libètinay, li ba ou gwo je, li fè ou pale moun mal, li fè ou gen lògèy, li rann ou fou. 23Tout move bagay sa yo, se nan kè moun sa sòti, se yo ki mete yon moun nan kondisyon pou l pa ka fè sèvis Bondye.
Yon fanm ki pat jwif kwè nan Jezi
(Matye 15.21-28)
24Jezi #Mat 15.21-28 kite kote li te ye a, l'ale nan zòn ki nan vwazinay lavil Tir la. L antre nan yon kay, li pat vle pèsonn konnen li te la. Men, li pat kapab rete kache. 25Se konsa te gen yon fanm ki te gen yon pitit fi l ak yon move lespri sou li. Li tande pale sou Jezi. Menm lè a, li kouri vin bò kote l, li lage kò l nan pye Jezi. 26(Fanm sa a pat jwif, se moun peyi Siri, nan yon seksyon yo rele Fenisi.) Li te fè Jezi demann sa a:
— Tanpri souple, chase move lespri ki sou pitit fi m lan.
27Men Jezi di li konsa:
— Kite vant timoun yo fin plen anvan non. Paske li pa bon pou wete manje nan bouch timoun pou bay ti chen.
28Fanm lan reponn li:
— Se vre wi, Mèt. Men ti chen ki anba tab ka manje ti kal manje timoun yo jete atè.
29Lè sa a Jezi di li:
— Poutèt pawòl sa a, ou mèt al lakay ou: move lespri a sòti sou pitit fi ou la.
30Lè fanm lan rive lakay li, li jwenn pitit la kouche byen trankil sou kabann lan. Move lespri a te gentan sòti sou li.
Jezi geri yon nonm bèbè
31Jezi #Mat 15.29-31 kite zòn lavil Tir la. Li pase lavil Sidon, li travèse nan mitan zòn Dekapòl. Li tounen lòt bò lanmè Galile. 32Yo #Mak 5.23 mennen yon nonm ba li. Nonm lan te soud, li te bèbè. Yo mande Jezi poze men sou li. 33Men #Mak 8.23 Jezi pran men nonm lan, li fè l sòti nan mitan foul moun yo, li mennen l sou kote. Li mete dwèt li nan zòrèy nonm lan, li krache, epi li manyen lang nonm lan. 34Apre #Mak 6.41; Jan 11.41 sa, li leve je l nan syèl la, li bay yon soupi. Li di:
— Efata! (Ki vle di: Louvri!)
35Latou, zòrèy nonm lan louvri, lang li deleye nan bouch li epi li pran pale trè byen. 36Jezi #Mak 1.43-45 te mande yo tout pou yo pat di pèsonn sa. Men plis li te defann yo pale se plis yo te mache pale bagay la. 37Moun #Eza 35.5 yo te pi sezi ankò. Yo t'ap di:
— Nonm sa a fè tout afè l byen. Li fè soudè yo tande, li fè bèbè yo pale.

Chwazi Kounye ya:

Mak 7: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an