Mak 6

6
Moun Nazarèt refize kwè nan Jezi
(Matye 13.53-58; Lik 4.16-30)
1Jezi kite kote l te ye a, l'ale nan lavil #Mat 13.53-58; Lik 4.15-30 kote l te grandi a. Disip li yo te ale avè l tou. 2#Jan 7.15 jou saba a rive, li vini nan sinagòg la anseye anpil bagay. Moun ki t'ap koute li yo te sezi anpil, epi yo t'ap di nan kè yo:
— Kote li aprann tout bagay sa yo? Kilès ki ba li tout konesans sa a? Kòman li fè fè tout kalite mirak sa yo? 3Se pa ti bòs chapant pitit Mari a? Se pa frè Jak, Jòz, Jid ak Simon an? Apa tout sè l yo la avèk nou?
Se sa ki fè li te tounen pou yo yon okazyon pou tonbe nan peche. 4Se konsa Jezi di yo:
— Yon pwofèt pa janm jwenn konsiderasyon li merite nan peyi li, nan fanmi li, ni lakay li.
5Se #Mak 6.13 konsa li pat kapab fè okenn mirak la, esèpte pou de ou twa moun malad. Li te mete men sou tèt yo, li geri yo. 6Jezi te sezi wè jan yo pat kwè nan li.
Jezi voye douz disip yo de pa de
(Matye 10.1,5-15; Lik 9.1-6)
Apre sa, Jezi te mache nan tout ti bouk nan vwazinay la. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay. 7#Mat 10.5-15; Lik 9.1-6 sa a, #Lik 10.1 Jezi rele douz disip li yo, li voye yo de pa de. Li ba yo pouvwa chase move lespri. 8Li pase yo lòd sa a:
— Pa pran anyen pou vwayaj la, esèpte yon baton. Pa pote ni pen, ni sak. Pa mete lajan nan pòch nou. 9Nou mèt mete sapat nan pye nou. Men, pa mete de rad sou nou.
10Epi li di yo ankò:
— Lè nou rive nan yon lavil, rete nan yon sèl kay, kay kote y'a resevwa nou an, jouk nou pati. 11Men si nou rive yon kote nou wè pesonn pa vle resevwa nou, pesonn pa vle koute nou, vire do ale fè wout nou. Souke pousyè nan pye nou pou sa sèvi yo avètisman.
12Douz disip yo pati. Y'al mache bay nouvèl la pou tout moun tounen vin jwenn Bondye. 13Yo #Jak 5.14,15 te chase anpil move lespri. Yo te pase lwil sou anpil moun malad, yo te geri yo.
Lanmò Jan Batis
(Matye 14.1-12; Lik 9.7-9)
14Wa #Mat 14.1-12; Lik 9.7-9 Ewòd #Lik 3.19,20 te tande pale sou Jezi, paske yo t'ap nonmen non l toupatou. Gen moun ki t'ap di:
— Se Jan Batis ki leve pami mò yo, se poutèt sa li kapab fè tout mirak sa yo.
15Gen lòt ki t'ap di tou:
— Se Eli.
Epi gen lòt ankò ki t'ap di:
— Se yon pwofèt tankou ansyen pwofèt yo.
16Men, lè Ewòd tande sa, li di konsa:
— Se Jan wi. Mwen te fè koupe tèt li. Men, li tounen vivan ankò.
17Se Ewòd menm ki te voye arete Jan. Li te fè mete l nan prizon poutèt Ewodyad. Ewòd te pran Ewodyad, madanm Filip, frè li, pou madanm li. 18Se #Lev 18.16 konsa, Jan te di li:
— Ou pa gendwa pran madanm frè ou pou madanm ou.
19Ewodyad te kenbe Jan nan kè. Li te vle fè yo touye li. 20Men, li pat kapab, paske Ewòd pou tèt pa l te gen yon krentif pou Jan. Li te konnen Jan se yon nonm dwat ki t'ap viv pou Bondye. Se sa k fè li te pwoteje li. Li te renmen tande l pale tou, menm si apre sa kè l te boulvèse.
21Jou Ewodyad t'ap tann lan vin rive. Se te jou fèt Ewòd. Jou sa a, Ewòd te fè yon fèt pou tout zotobre nan gouvènman l lan, ansanm ak gwo chèf nan lame a ak lòt grannèg nan peyi Galile a. 22Pitit fi Ewodyad la #6.22: Pitit fi Ewodyad la: Gen maniskri ki bay Ewodyad, pitit fi li a. antre nan sal resèpsyon an: li danse, li danse. Sa te fè Ewòd ak envite l yo plezi anpil. Wa a di madmwazèl la konsa:
— Mande m nenpòt sa ou vle, m'ap ba ou li.
23Ewòd #Estè 5.3,6 sèmante ba li, li di l konsa:
— Tou sa ou mande, m'ap ba ou li, te mèt mwatye nan peyi m'ap gouvènen an.
24Madmwazèl la sòti, l'al di manman li:
— Kisa m ta mande?
Manman an reponn li:
— Mande tèt Jan Batis.
25Jenn fi a prese tounen kote wa a, li fè l demann sa a:
— Mwen ta vle pou ou ban mwen tèt Jan Batis kounyeya, nan yon plato.
26Kè wa a kase. Men, li pat kapab di li non ankò, akòz gwo sèman li te fin fè devan tout envite yo. 27Menm lè a, li voye yon gad avèk lòd pou l'al chache tèt Jan Batis pote vini. 28Gad la koupe tèt Jan Batis nan prizon an. Li pote l vini nan yon plato. Li bay madmwazèl la tèt la. Madmwazèl la menm pote l bay manman li. 29Lè patizan Jan yo tande sa, yo vin pran kò a, yo mete l nan yon kavo.
Jezi bay senkmil moun manje
(Matye 14.13-21; Lik 9.10-17; Jan 6.1-14)
30Tounen #Lik 9.10; 10.17 apot yo retounen sot nan misyon, yo vin rakonte Jezi tou sa yo fè ak tou sa yo di. 31Lè sa a, te sitèlman gen moun ki t'ap ale vini, Jezi ak disip li yo pat menm gentan pou yo manje. Se poutèt sa Jezi di disip li yo:
— Ann al avè m yon kote ki pa gen moun pou nou ka pran yon ti repo.
32Epi, #Mat 14.13-21; Lik 9.11-17; Jan 6.1-13 yo pati pou kont yo nan yon kannòt pou y'ale yon kote ki pa gen moun. 33Men, anpil moun te wè lè y ale, yo te rekonèt yo. Se konsa, yo kouri sòti nan tout bouk yo, yo gentan rive kote Jezi taprale avèk disip li yo anvan li.
34#Nonb 27.17; Eze 34.5; Mat 9.36 Jezi rive pou l debake sot nan kannòt la, li wè tout bann moun yo. Kè l fè l mal pou yo, paske yo te tankou yon bann mouton san gadò. Lamenm, li tanmen esplike yo anpil bagay. 35#Mak 8.1-9 li te konmanse fè ta, disip yo pwoche bò kote Jezi, yo di li:
— Li fin ta, wi. Pa gen moun rete bò isit la. 36Voye moun yo ale non pou yo ka achte manje nan bouk yo.
37Jezi reponn yo:
— Poukisa nou menm, nou pa ba yo manje pito?
Disip yo reponn li:
— Ou ta vle pou n'al achte mil (1000) goud pen bay tout moun sa yo manje?
Jezi reponn yo:
38— Konbe pen nou gen la a? Ale wè non.
Lè yo fin jwenn konbe pen yo genyen an, yo di l konsa:
— Nou gen senk pen ak de pwason.
39Lè sa a, Jezi pase lòd pou disip yo fè moun yo fè ti gwoup chita sou zèb la. 40Moun yo menm chita fè gwoup senkant, gwoup san. 41Apre #Mak 7.34 sa, Jezi pran senk pen yo ak de pwason yo. Li leve je li anlè, li rann Bondye gras. Epi li separe pen yo bay disip yoditribye bay moun yo. Li fè menm bagay la tou ak de pwason yo. 42Tout moun manje vant plen. 43Disip #Det 28.5 yo ranmase tout ti moso pen yo ansanm ak rès pwason yo. Yo plen douz panyen pote ale. 44Te gen senkmilòm ki te jwenn pen pou yo manje.
Jezi mache sou dlo
(Matye 14.22-23; Jan 6.15-21)
45Toutswit #Mat 14.22-36; Jan 6.15-21 apre sa, Jezi fè disip li yo moute nan yon kannòt, li voye yo devan nan direksyon Betsayida. Jezi menm rete dèyè pou ranvwaye foul la. 46Apre li fin ranvwaye yo, l'al lapriyè sou yon ti mòn. 47Lè solèy fin kouche, kannòt la te nan mitan lanmè a toujou. Jezi te pou kont li atè. 48Li wè disip yo te gen anpil traka pou yo rame paske van an te kont yo. Vè twazè dimaten, Jezi pran mache sou lanmè a pou l'ale jwenn disip yo. Li te fè kòmsi li vle depase yo. 49Men lè yo wè l'ap mache sou lanmè a, yo te kwè se te yon zonbi. Yo pran rele. 50Yo tout yo te wè li, yo tout te pè. Menm lè a, Jezi pale avèk yo, li di yo konsa:
— Pran tèt nou non. Se mwen menm. Nou pa bezwen pè.
51Li #Mak 4.39 moute bò kote yo nan kannòt la, van an vin tonbe. Se pa ti sezi disip yo te sezi. 52Yo pat konprann sans mirak pen an, paske lespri yo te bouche toujou.
Jezi geri moun malad Jenezarèt
(Matye 14.34-36)
53Yo fin travèse lanmè a, yo fè tè toupre lavil Jenezarèt. Yo mare kannòt la atè. 54Kou yo sòti nan kannòt la, lamenm moun yo rekonèt Jezi. 55Pèp la kouri vini sot toupatou nan tout peyi a. Yo pote malad tou kouche ba li kote yo tande li ye a. 56Toupatou #Mak 5.27,28; Tra 5.15; 19.11,12 kote Jezi te rive, kit nan bouk, kit nan lavil ou andeyò, yo te mete malad yo sou plas piblik, yo te mande Jezi pou l te kite yo manyen bò rad li ase. Tout moun ki te manyen rad li te geri.

Chwazi Kounye ya:

Mak 6: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an