Apre sa, Jezi rele foul moun yo vin bò kote l ankò. Li di yo konsa:
— Nou tout, tande byen sa m'ap di nou la a. Manyè konprann sa. Se pa sa ki antre anndan yon moun lè li manje ki ka mete li nan kondisyon pou li pa ka sèvi Bondye. [ Si nou gen zòrèy pou n tande, tande.]
Lè l fin kite foul moun yo dèyè, li antre nan kay la. Disip li yo mande l esplike yo parabòl sa a. Li di yo:
— Nou menm tou, nou san konprann toujou? Nou pa konprann pawòl sa a: Tout bagay ki sot deyò antre anndan yon moun pa kapab mete l nan kondisyon pou l pa ka fè sèvis Bondye. Paske manje pa antre nan kè moun. Se nan vant li pase. Apre sa, li watè li yon kote.
Se konsa Jezi fè konprann tout manje bon Li di yo ankò:
— Sa ki sòti nan kè yon nonm, se sa ki mete l nan kondisyon pou l pa ka fè sèvis Bondye. Se nan kè yon moun, se anndan li tout move lide sòti: lide fè ou fè tout move bagay, li fè ou vòlè, li fè ou touye moun; li fè ou fè adiltè, li fè ou renmen lajan. Li rann ou mechan, fentè, li lage ou nan libètinay, li ba ou gwo je, li fè ou pale moun mal, li fè ou gen lògèy, li rann ou fou. Tout move bagay sa yo, se nan kè moun sa sòti, se yo ki mete yon moun nan kondisyon pou l pa ka fè sèvis Bondye.
Jezi kite kote li te ye a, l'ale nan zòn ki nan vwazinay lavil Tir la. L antre nan yon kay, li pat vle pèsonn konnen li te la. Men, li pat kapab rete kache. Se konsa te gen yon fanm ki te gen yon pitit fi l ak yon move lespri sou li. Li tande pale sou Jezi. Menm lè a, li kouri vin bò kote l, li lage kò l nan pye Jezi. (Fanm sa a pat jwif, se moun peyi Siri, nan yon seksyon yo rele Fenisi.) Li te fè Jezi demann sa a:
— Tanpri souple, chase move lespri ki sou pitit fi m lan.
Men Jezi di li konsa:
— Kite vant timoun yo fin plen anvan non. Paske li pa bon pou wete manje nan bouch timoun pou bay ti chen.
Fanm lan reponn li:
— Se vre wi, Mèt. Men ti chen ki anba tab ka manje ti kal manje timoun yo jete atè.
Lè sa a Jezi di li:
— Poutèt pawòl sa a, ou mèt al lakay ou: move lespri a sòti sou pitit fi ou la.
Lè fanm lan rive lakay li, li jwenn pitit la kouche byen trankil sou kabann lan. Move lespri a te gentan sòti sou li.
Jezi kite zòn lavil Tir la. Li pase lavil Sidon, li travèse nan mitan zòn Dekapòl. Li tounen lòt bò lanmè Galile. Yo mennen yon nonm ba li. Nonm lan te soud, li te bèbè. Yo mande Jezi poze men sou li. Men Jezi pran men nonm lan, li fè l sòti nan mitan foul moun yo, li mennen l sou kote. Li mete dwèt li nan zòrèy nonm lan, li krache, epi li manyen lang nonm lan. Apre sa, li leve je l nan syèl la, li bay yon soupi. Li di:
— Efata! (Ki vle di: Louvri!)
Latou, zòrèy nonm lan louvri, lang li deleye nan bouch li epi li pran pale trè byen. Jezi te mande yo tout pou yo pat di pèsonn sa. Men plis li te defann yo pale se plis yo te mache pale bagay la. Moun yo te pi sezi ankò. Yo t'ap di:
— Nonm sa a fè tout afè l byen. Li fè soudè yo tande, li fè bèbè yo pale.