Mak 7:14-37

Mak 7:14-37 1998 Haïtienne (HAT98)

Apre sa, Jezi rele foul moun yo vin bò kote l ankò. Li di yo konsa: — Nou tout, tande byen sa m'ap di nou la a. Manyè konprann sa. Se pa sa ki antre anndan yon moun lè li manje ki ka mete li nan kondisyon pou li pa ka sèvi Bondye. [ Si nou gen zòrèy pou n tande, tande.] Lè l fin kite foul moun yo dèyè, li antre nan kay la. Disip li yo mande l esplike yo parabòl sa a. Li di yo: — Nou menm tou, nou san konprann toujou? Nou pa konprann pawòl sa a: Tout bagay ki sot deyò antre anndan yon moun pa kapab mete l nan kondisyon pou l pa ka fè sèvis Bondye. Paske manje pa antre nan kè moun. Se nan vant li pase. Apre sa, li watè li yon kote. Se konsa Jezi fè konprann tout manje bon Li di yo ankò: — Sa ki sòti nan kè yon nonm, se sa ki mete l nan kondisyon pou l pa ka fè sèvis Bondye. Se nan kè yon moun, se anndan li tout move lide sòti: lide fè ou fè tout move bagay, li fè ou vòlè, li fè ou touye moun; li fè ou fè adiltè, li fè ou renmen lajan. Li rann ou mechan, fentè, li lage ou nan libètinay, li ba ou gwo je, li fè ou pale moun mal, li fè ou gen lògèy, li rann ou fou. Tout move bagay sa yo, se nan kè moun sa sòti, se yo ki mete yon moun nan kondisyon pou l pa ka fè sèvis Bondye. Jezi kite kote li te ye a, l'ale nan zòn ki nan vwazinay lavil Tir la. L antre nan yon kay, li pat vle pèsonn konnen li te la. Men, li pat kapab rete kache. Se konsa te gen yon fanm ki te gen yon pitit fi l ak yon move lespri sou li. Li tande pale sou Jezi. Menm lè a, li kouri vin bò kote l, li lage kò l nan pye Jezi. (Fanm sa a pat jwif, se moun peyi Siri, nan yon seksyon yo rele Fenisi.) Li te fè Jezi demann sa a: — Tanpri souple, chase move lespri ki sou pitit fi m lan. Men Jezi di li konsa: — Kite vant timoun yo fin plen anvan non. Paske li pa bon pou wete manje nan bouch timoun pou bay ti chen. Fanm lan reponn li: — Se vre wi, Mèt. Men ti chen ki anba tab ka manje ti kal manje timoun yo jete atè. Lè sa a Jezi di li: — Poutèt pawòl sa a, ou mèt al lakay ou: move lespri a sòti sou pitit fi ou la. Lè fanm lan rive lakay li, li jwenn pitit la kouche byen trankil sou kabann lan. Move lespri a te gentan sòti sou li. Jezi kite zòn lavil Tir la. Li pase lavil Sidon, li travèse nan mitan zòn Dekapòl. Li tounen lòt bò lanmè Galile. Yo mennen yon nonm ba li. Nonm lan te soud, li te bèbè. Yo mande Jezi poze men sou li. Men Jezi pran men nonm lan, li fè l sòti nan mitan foul moun yo, li mennen l sou kote. Li mete dwèt li nan zòrèy nonm lan, li krache, epi li manyen lang nonm lan. Apre sa, li leve je l nan syèl la, li bay yon soupi. Li di: — Efata! (Ki vle di: Louvri!) Latou, zòrèy nonm lan louvri, lang li deleye nan bouch li epi li pran pale trè byen. Jezi te mande yo tout pou yo pat di pèsonn sa. Men plis li te defann yo pale se plis yo te mache pale bagay la. Moun yo te pi sezi ankò. Yo t'ap di: — Nonm sa a fè tout afè l byen. Li fè soudè yo tande, li fè bèbè yo pale.

Pataje
Li Mak 7

Mak 7:14-37 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Ensuite, Jésus appelle de nouveau la foule et il dit aux gens : « Vous tous, écoutez-moi et comprenez bien ceci. Aucune chose de l’extérieur ne peut rendre une personne impure quand elle entre en elle. Au contraire, ce qui sort du cœur, voilà ce qui rend une personne impure. [] » Jésus quitte la foule et il entre dans la maison. Alors ses disciples l’interrogent sur ce qu’il vient de dire. Jésus leur répond : « Vous non plus, vous n’êtes pas encore capables de comprendre ? Aucune chose de l’extérieur ne peut rendre une personne impure quand elle entre en elle. Vous ne comprenez donc pas cela ? Ces choses n’entrent pas dans son cœur, mais dans son ventre, et ensuite elles sortent du corps. » Par ces paroles, Jésus montre qu’on peut manger de tous les aliments. Il leur dit encore : « Ce qui sort d’une personne, voilà ce qui la rend impure. En effet, les mauvais désirs sortent de l’intérieur, du cœur humain. Ainsi, les gens ont une vie immorale, ils volent, ils tuent les autres, ils commettent l’adultère, ils veulent avoir toujours plus. Ils font du mal aux autres, ils les trompent. Ils se conduisent n’importe comment, ils sont jaloux. Ils disent du mal des autres, ils sont orgueilleux, ils manquent de sagesse. Tout ce mal sort de l’intérieur d’une personne et la rend impure. » Ensuite, Jésus quitte cet endroit et il va dans la région de Tyr. Il entre dans une maison et il ne veut pas qu’on sache qu’il est là, mais les gens l’apprennent. En effet, une femme entend parler de Jésus. Cette femme n’est pas juive, elle est née en Syrie, dans la région de Phénicie. Sa fille a un esprit mauvais en elle. La mère vient aussitôt se jeter aux pieds de Jésus et elle lui dit : « Je t’en prie, chasse l’esprit mauvais de ma fille ! » Jésus lui dit : « Laisse d’abord les enfants manger leur part. Ce n’est pas bien de prendre la nourriture des enfants et de la jeter aux petits chiens. » La femme lui répond : « Seigneur, pourtant même les petits chiens mangent les miettes que les enfants laissent tomber sous la table. » Jésus lui dit : « À cause de cette parole, l’esprit mauvais est sorti de ta fille, tu peux rentrer chez toi. » La femme rentre chez elle et elle trouve son enfant couchée sur le lit. L’esprit mauvais est sorti de la fille. Ensuite, Jésus quitte la région de Tyr. Il passe par Sidon. Il revient vers le lac de Galilée en traversant la région des Dix Villes . Des gens lui amènent un homme qui est sourd et qui parle difficilement. Ils supplient Jésus : « Pose la main sur sa tête ! » Alors Jésus emmène l’homme avec lui, loin de la foule. Il met les doigts dans ses oreilles, puis il lui touche la langue avec sa main mouillée de salive. Ensuite, Jésus lève les yeux vers le ciel, il pousse un soupir et dit : « Effata ! » Cela veut dire : « Ouvre-toi ! » Aussitôt, les oreilles de l’homme s’ouvrent, sa langue est guérie et il peut parler normalement. Jésus donne cet ordre aux gens : « Ne dites rien à personne ! » Mais chaque fois qu’il leur commande cela, les gens racontent encore plus ce que Jésus a fait. Ils sont profondément étonnés et ils disent : « Tout ce qu’il fait est vraiment bien ! Il fait entendre les sourds et il fait parler les muets ! »

Pataje
Li Mak 7

Mak 7:14-37 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Jezi pale ak foul moun yo ankò epi li di yo: “Se pou nou tout louvri zòrèy nou byen pou n ka tande epi konprann sa m pral di nou an. Se pa sa k deyò ki antre nan you moun ki fè moun nan pa pwòp. Men se sa ki anndan yo k ap sòti yo.” Apre sa, Jezi kite foul la ale epi l al lakay li. Disip yo poze l kesyon sou sans ki kache dèryè sa l te di a. Li di yo: “Menm nou menm tou, nou pa konprann? Nou pa konprann tout sa ki antre nan you moun ki kapab sal moun sa a? Paske se pa nan kè l li antre, men se nan vant li l ale. Apresa l al jete l nan latrin.” (Lè Jezi t ap di sa, li te vle di pa t gen yon manje k ap fè nou pa akseptab devan Bondye). Epi Jezi di: “Se sa k sot nan bouch se nan kè li sòti. Se sa ki sal yon moun. Paske se nan kè move panse soti, epi ki bay tout lòt bagay yo, tankou move zak, vòlè, touye moun, adiltè, avaris, mechanste, bay manti, fònikasyon, gwo je, tripotay, awogans ak yon lavi tankou moun fou. Tout move bagay sa yo se anndan yo sòti, epi se yo ki sal moun.” Jezi kite zòn nan epi li ale nan yon lòt zòn yo rele Ti. Li antre nan yon kay, li pa t vle moun nan zòn sa a konnen li te la. Men li pa t ka ret kache. Se konsa, yon madanm ki te gen pitit fi l ki te gen yon move lespri sou li te tande Jezi nan zòn nan, l al kot Jezi epi li tonbe nan pye Jezi. Madanm nan pa t Jwif, li se moun Fenisi nan peyi Siri. Li mande Jezi chase demon an sou piti l la. Jezi di madanm nan: “Avan tout bagay, fòk ti moun yo manje anvan, li pa bon pou pran manje ti moun yo voye bay chyen.” Men fi a reponn, li di: “Senyè, men chyen yo ki anba tab la konn manje ti moso manje ti moun yo kite tonbe atè.” Alò Jezi di li: “Se yon bon repons. Ou mèt ale, demon an sòti sou pitit fi w la.” Lè madanm nan retounen lakay li, li jwenn pitit la kouche. Demon an te soti. Jezi kite zòn Ti epi li pase Sidon. Sou wout pou l ale Galile, li pase sou teritwa dis vil yo. Pandan li la, yo mennen ba li yon moun ki te soud epi ki pa t ka pale byen. Yo mande Jezi pou li poze men l sou nonm lan. Jezi mennen nonm nan akote, lwen foul la. Li mete dwèt li nan zòrèy nonm lan. Apre sa li krache sou dwat li epi li manyen lang nonm nan. Jezi leve je l anlè nan syèl, li fè yon gwo soupi epi li di: “ Efata! ” (Sa ki vle di: ouvri). Kou Jezi fin di sa, zòrèy nonm lan ouvri, lang li vin lejè epi li kòmanse pale byen klè, san pwoblèm. Jezi di pèp la pou yo pa di moun sa k te rive a. Men plis li di yo pa di anyen, se pi plis moun yo pale sa ki te rive a. Tout moun te sezi, yo t ap di: “Gade kijan li fè tout bagay byen. Ata moun ki soud li fè yo tande! E menm bèbè yo li fè yo pale.”

Pataje
Li Mak 7

Mak 7:14-37 New International Version (NIV)

Again Jesus called the crowd to him and said, “Listen to me, everyone, and understand this. Nothing outside a person can defile them by going into them. Rather, it is what comes out of a person that defiles them.” After he had left the crowd and entered the house, his disciples asked him about this parable. “Are you so dull?” he asked. “Don’t you see that nothing that enters a person from the outside can defile them? For it doesn’t go into their heart but into their stomach, and then out of the body.” (In saying this, Jesus declared all foods clean.) He went on: “What comes out of a person is what defiles them. For it is from within, out of a person’s heart, that evil thoughts come—sexual immorality, theft, murder, adultery, greed, malice, deceit, lewdness, envy, slander, arrogance and folly. All these evils come from inside and defile a person.” Jesus left that place and went to the vicinity of Tyre. He entered a house and did not want anyone to know it; yet he could not keep his presence secret. In fact, as soon as she heard about him, a woman whose little daughter was possessed by an impure spirit came and fell at his feet. The woman was a Greek, born in Syrian Phoenicia. She begged Jesus to drive the demon out of her daughter. “First let the children eat all they want,” he told her, “for it is not right to take the children’s bread and toss it to the dogs.” “Lord,” she replied, “even the dogs under the table eat the children’s crumbs.” Then he told her, “For such a reply, you may go; the demon has left your daughter.” She went home and found her child lying on the bed, and the demon gone. Then Jesus left the vicinity of Tyre and went through Sidon, down to the Sea of Galilee and into the region of the Decapolis. There some people brought to him a man who was deaf and could hardly talk, and they begged Jesus to place his hand on him. After he took him aside, away from the crowd, Jesus put his fingers into the man’s ears. Then he spit and touched the man’s tongue. He looked up to heaven and with a deep sigh said to him, “Ephphatha!” (which means “Be opened!”). At this, the man’s ears were opened, his tongue was loosened and he began to speak plainly. Jesus commanded them not to tell anyone. But the more he did so, the more they kept talking about it. People were overwhelmed with amazement. “He has done everything well,” they said. “He even makes the deaf hear and the mute speak.”

Pataje
Li Mak 7

Mak 7:14-37 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Puis Jésus appela de nouveau la foule et lui dit : Ecoutez-moi tous, et comprenez-moi bien : Rien de ce qui vient du dehors et qui pénètre dans l’homme ne peut le rendre impur. C’est, au contraire, ce qui sort de l’homme qui le rend impur ! [ Si quelqu’un a des oreilles pour entendre, qu’il entende!] Lorsque Jésus, laissant la foule, fut rentré à la maison, ses disciples lui demandèrent de leur expliquer le sens de cette image. Il leur répondit : Ainsi, vous non plus, vous ne comprenez pas ? Ne saisissez-vous pas ce que je veux dire ? De tout ce qui vient du dehors et pénètre dans l’homme, rien ne peut le rendre impur. Tout cela, en effet, ne va pas dans son cœur mais dans son ventre, et est évacué par les voies naturelles. – Il déclarait par là même que tous les aliments sont purs. – Et il ajouta : Ce qui sort de l’homme, c’est cela qui le rend impur. Car c’est du dedans, c’est du cœur de l’homme que proviennent les pensées mauvaises, l’immoralité, le vol, le meurtre, les adultères, l’envie, la méchanceté, la tromperie, le vice, la jalousie, le blasphème, l’orgueil, et toutes sortes de comportements insensés. Tout ce mal sort du dedans et rend l’homme impur. Jésus partit de là et se rendit dans la région de Tyr. Il entra dans une maison ; il ne voulait pas qu’on sache qu’il était là, mais il ne put cacher sa présence. En effet, à peine était-il arrivé, qu’une femme, qui avait entendu parler de lui et dont la fillette était sous l’emprise d’un esprit mauvais, vint se jeter à ses pieds. C’était une femme païenne, originaire de Syro-Phénicie. Elle le supplia de chasser le démon qui tourmentait sa fille. Jésus lui dit : Laisse d’abord se rassasier les enfants de la maison. Car il ne serait pas convenable de prendre le pain des enfants pour le jeter aux petits chiens. – Sans doute, Seigneur, reprit-elle, mais les petits chiens, qui sont sous la table, mangent les miettes que laissent tomber les enfants. Et Jésus de répondre : A cause de cette parole, va, retourne chez toi, le démon vient de sortir de ta fille. Elle rentra chez elle et trouva son enfant couchée sur le lit : le démon était parti. Jésus quitta la région de Tyr, passa par Sidon, et regagna le lac de Galilée en traversant le territoire des « Dix Villes ». On lui amena un sourd qui avait du mal à parler et on le pria de lui imposer les mains. Jésus l’emmena seul avec lui, loin de la foule : après avoir posé ses doigts sur les oreilles du malade, il les humecta de salive et lui toucha la langue ; alors il leva les yeux au ciel, poussa un soupir et dit : Ephphatha (ce qui signifie : ouvre-toi). Aussitôt les oreilles de cet homme s’ouvrirent, sa langue se délia et il se mit à parler correctement. Jésus recommanda à ceux qui étaient là de n’en rien dire à personne ; mais plus il le leur défendait, plus ils en parlaient. Remplies d’étonnement, les foules s’écriaient : Tout ce qu’il fait est magnifique : il fait entendre les sourds et parler les muets !

Pataje
Li Mak 7

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an