Mak 16

16
Jezi resisite
(Matye 28.1-18; Lik 24.1-12; Jan 20.1-10)
1Fini jou saba a fini, Mari, moun #Mat 28.1-8; Lik 24.1-12; Jan 20.1-10 Magdala, Mari, manman Jak ak Salome, achte lwil santi bon pou al anbonmen kò Jezi. 2Nan dimanch maten byen bonè, solèy te fenk ap leve, medam yo ale nan kavo a. 3Yonn t'ap di lòt:
— Ki moun ki pral woule wòch ki devan bouch kavo a pou nou?
4Lè yo leve je yo, yo wè yo te gentan woule wòch la sou kote. E se te yon gwo wòch. 5Yo antre nan kavo a, yo wè yon jennonm chita adwat. Li te gen yon wòb tou blan sou li. Medam yo te pantan, afòs yo te pè. 6Men jennonm lan di yo:
— Nou pa bezwen pè: N'ap chache Jezi, nonm Nazarèt, yo te kloure sou kwa a? Enben, li pa isit la ankò. Li resisite. Gade! Men kote yo te mete li a. 7Ale #Mak 14.28 di disip li yo ansanm ak Pyè, l'al tann yo nan peyi Galile. Se la y'a wè l, jan l te di yo a.
8Medam yo sòti nan kavo a, yo pran kouri ale. Yo t'ap tranble kou fèy bwa, yo te pè anpil. Yo pa di pèsonn anyen tèlman yo te pè.
(SE PITA YO TE AJOUTE RES SA A NAN LIV MAK TE EKRI A)
Jezi fè Mari, moun Magdala a, wè li
(Matye 28.9-10; Jan 20.11-18)
[ 9Nan #Lik 8.2; Jan 20.11-18 dimanch maten, Jezi te leve sòti vivan nan lanmò. Premye moun li te fè wè li, se te Mari, moun lavil Magdala a. (Se sou li Jezi te wete sèt move lespri.) 10Mari al pote nouvèl la bay moun ki te konn ak Jezi yo. Yo te nan lapenn anpil, yo t'ap kriye. 11Men, yo pat vle kwè Mari, lè l te di yo:
— Jezi vivan, mwen wè l ak de je mwen.
Jezi fè de disip wè li
(Lik 24.13-35)
12Apre #Lik 24.13-35 sa, Jezi te parèt yon lòt jan ankò devan de nan disip yo, antan yo te nan chemen pou ale andeyò. 13Yo tounen sou chemen yo vin fè lòt yo konn sa. Men, lòt yo pat ankò vle kwè toujou.
Jezi fè onz apòt li yo wè li
(Matye 28.16-20; Lik 24.36-49; Jan 20.19-23; Travay 1.6-8)
14Pita, #Lik 24.36-49; Jan 20.19-23 Jezi #1 Kor 15.5 parèt devan tout onz disip yo yon lè yo t'ap manje. Li repwoche yo dèske yo pat gen konfyans, yo t'ap fè tèt di toujou, yo pat kwè moun ki te wè l yo apre li te leve sòti vivan pami mò yo. 15Epi #Mat 28.18-20 li di yo:
— Ale toupatou sou latè, anonse Bòn Nouvèl la bay tout moun. 16Moun #Tra 2.38 ki kwè epi ki resevwa batèm va delivre. Men, moun ki pa kwè va kondannen. 17Moun #Tra 16.18; 2.4,11; 10.46 ki kwè va fè anpil mirak. Y'a chase move lespri nan non mwen, y'a pale lòt lang. 18Yo #Lik 10.19; Tra 28.3-6; Jak 5.14,15 ta mèt kenbe sèpan, yo ta mèt bwè pwazon, anyen p'ap rive yo. Y'a mete men sou tèt moun malad, moun malad yo va geri.
Jezi remoute nan syèl
(Lik 24.50-53; Travay 1.9-11)
19Apre #Lik 24.50-53; Tra 1.4-11; 1 Tim 3.16; Sòm 110.1; Tra 7.55; 2 Wa 2.11 Senyè Jezi te fin pale ak yo konsa, li moute nan syèl, l'al chita sou bò dwat Bondye. 20Disip #Eb 2.4 yo pati, y'al anonse Bòn Nouvèl la toupatou. Senyè a t'ap travay ansanm ak yo: Anmenmtan li t'ap fè anpil mirak tou pou moutre sa yo t'ap di a se vre.]
(MEN YON LOT RES KI PI KOUT: LI VINI APRE VESE WIT NAN KEK ANSYEN LIV)
[ 9Medam yo ale rakonte Pyè ansanm ak zanmi l yo an de twa mo tout sa jenn gason an te di yo. 10Apre sa, Jezi li menm voye disip li yo toupatou depi nan peyi solèy leve jouk nan peyi solèy kouche pou fè tout moun konnen Bondye ap delivre yo pou tout tan. Sa se mesay Bondye a menm, li p'ap janm disparèt.]

Chwazi Kounye ya:

Mak 16: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an