Mak 15

15
Jezi devan Pilat
(Matye 27.1-2; 11.14; Lik 23.1-5; Jan 18.28-38)
1Nan granmaten, chèf prèt yo fè yon reyinyon #Mat 27.1-2; Lik 22.66; 23.1; Jan 18.28 avèk chèf fanmi yo, dirèktè lalwa yo ansanm ak tout manm Gran Konsèy jwif yo pou pran yon desizyon. Apre yo fin mare Jezi, yo mennen l ale. Yo renmèt li bay Pilat. 2Pilat #Mat 27.11-30; Lik 23.2-25; Jan 18.29—19.16 menm mande li:
— Eske ou se wa jwif yo?
Jezi reponn li:
— Se ou ki di li.
3Chèf prèt yo te depoze anpil plent sou do li. 4Pilat mande l ankò:
— Ou pa reponn anyen? Tande tout plent yo depoze sou do ou.
5Men #Mak 14.61; Eza 53.7 Jezi pa reponn anyen toujou. Sa te fè Pilat sezi anpil.
Yo kondannen Jezi amò
(Matye 27.15-26; Lik 23.13-25; Jan 18.39; 19.16)
6Pou chak fèt Delivrans Pilat te konn lage yon prizonye. Se pèp la ki te konn chwazi kilès. 7Te gen yon nonm yo rele Barabas. Li te nan prizon ansanm ak kèk lòt ki t'ap konplote avèk li. Yo te nan prizon poutèt yon nonm yo te touye yon jou yo te pran lezam kont gouvènman an. 8Foul moun yo moute lakay Pilat. Yo pran mande Pilat pou l lage yon prizonye ba yo jan li te toujou fè a. 9Li reponn yo:
— Eske nou vle mwen lage wa jwif la ban nou?
10Paske #Jan 11.48; 12.19; Mat 21.38 li te byen konnen se jalouzi ki te pouse chèf prèt yo mennen Jezi ba li. 11Men, chèf prèt yo pran tèt pèp la pou yo mande Pilat pou l lage Barabas pito. 12Pilat pran lapawòl ankò, li di yo:
— Enben, kisa nou vle m fè avèk nonm yo rele wa jwif la?
13Yo rele byen fò:
— Kloure l sou yon kwa!
14Pilat di yo:
— Men, ki move zak li fè konsa?
Yo rele pi fò toujou:
— Kloure l sou yon kwa!
15Pilat te vle fè pèp la plezi: li lage Barabas ba yo. Apre li fin fè yo bat Jezi byen bat, li renmèt li bay sòlda yo pou y'al kloure l sou yon kwa.
Sòlda yo ap pase Jezi nan betiz
(Matye 27.27-31; Jan 19.2-3)
16Sòlda yo mennen Jezi anndan bèl lakou a (sa vle di, nan kay kòmandan an). Yo rele tout rejiman sòlda yo vini. 17Yo mete yon gwo rad koulè wouj vyolèt sou Jezi. Yo trese yon kouwòn pikan, yo mete l nan tèt li. 18Epi yo pran salwe l konsa:
— Bonjou, wa jwif yo!
19Yo ba l kou nan tèt avèk yon baton wozo. Yo krache sou li, yo mete ajenou, yo bese tèt yo devan li. 20Apre #Mat 27.31-56; Lik 23.26-49; Jan 19.16-30 yo fin pase l nan betiz kont kò yo, yo wete gwo rad la. Yo mete rad pa l sou li ankò. Epi yo mennen l ale pou yo kloure l sou yon kwa.
Yo kloure Jezi sou kwa a
(Matye 27.32-44; Lik 23.26-43; Jan 19.17-27)
21Te #Wòm 16.13 gen yon nonm yo rele Simon, moun peyi Sirèn, papa Aleksann ak Rifis. Antan Simon sa a t'ap sòti nan jaden, li pase bò la, epi sòlda yo fòse mesye pote kwa Jezi a. 22Yo mennen Jezi yon kote yo rele Gòlgota (ki vle di: Plas zo bwa tèt la). 23Yo #Sòm 69.21 te vle ba li diven melanje ak yon siwo fèt ak lami pou l te bwè. Men, li pa pran li. 24Apre #Sòm 22.18 yo fin kloure li sou kwa a, yo separe rad li yo ant yo. Yo fè tirajosò pou konnen sa ki t'ap vini pou yo chak. 25Li te nevè nan maten lè yo te kloure l sou kwa a. 26Yo te bay kòz ki fè yo te kondannen l lan sou yon ti pankat ki te ekri: Wa jwif yo! 27Yo te kloure Jezi nan mitan de ansasen, yonn sou chak bò. [ 28Se konsa pawòl ki te ekri a vin rive vre: Yo mete l ansanm ak mechan yo.]
29Moun #Sòm 22.7; 109.25; Mak 14.58 ki t'ap pase bò la t'ap plede joure l. Yo t'ap fè siy sou li, yo t'ap di:
— Ey! Ou menm ki te vle kraze tanp lan pou ou rebati l nan twa jou, 30sove tèt ou non, desann sou kwa a.
31Konsa tou, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo t'ap pase l nan rizib. Yonn t'ap di lòt:
— Gade! Li sove lòt moun, li pa ka sove tèt pa li! 32Se #Mat 16.1,4 pou Kris la, wa pèp Izrayèl la, desann sou kwa a kounyeya. Konsa n'a wè epi n'a kwè.
Ata mesye ki te kloure sou lòt kwa yo t'ap joure l tou.
Jezi mouri
(Matye 27.45-56; Lik 23.44-49; Jan 19.28-30)
33#Am 8.9 midi konsa, vin gen yon fènwa sou tout peyi a, jouk twazè nan apremidi. 34#Sòm 22.1 twazè, Jezi rele byen fò:
— Eloyi, Eloyi, lema sabaktani? (Ki vle di: Bondye, Bondye, poukisa ou lage m konsa?)
35Nan moun ki te la yo genyen ki te tande l pale. Yo di:
— Koute. Men l'ap rele Eli.
36Yonn #Sòm 69.21 nan yo kouri, l'al tranpe yon eponj nan vinèg, li mete l nan pwent yon gòl wozo, li lonje l bò bouch Jezi ba l bwè. Epi li di:
— Rete! Ann wè si Eli va vin desann li sou kwa a!
37Men Jezi bay yon gwo rèl, epi li mouri.
38Rido nan Tanp lan chire fè de moso, depi anwo jouk anba. 39Te gen yon kaptenn lame kanpe anfas Jezi. Lè l wè Jezi mouri konsa, li di:
— Nonm sa a, se te pitit Bondye tout bon.
40Te #Lik 8.2,3 gen kèk fanm la tou. Men yo te rete lwen ap gade. Pami yo te gen Mari, moun lavil Magdala a, Mari, manman Ti Jak ak Jòz, ansanm ak Salome. 41Medam sa yo t'ap swiv Jezi, se yo ki t'ap okipe l depi lè l te nan peyi Galile. Te gen anpil lòt tou ki te moute lavil Jerizalèm ansanm ak li.
Yo antere Jezi
(Matye 27.57-61; Lik 23.50-56; Jan 19.38-42)
42Solèy #Mat 27.57-61; Lik 23.50-55; Jan 19.38-42 te fin kouche. Se te jou preparasyon jwif yo, se te lavèy jou saba. 43Lè sa a Jozèf, yon moun lavil Arimate, vin rive. Se te yon manm respektab nan Gran Konsèy jwif yo. Li menm tou li t'ap tann lè Bondye t'ap vin pran gouvènman an nan men pa li. Li te gen kouray ale devan Pilat mande kò Jezi. 44Men, Pilat te sezi lè l vin konnen Jezi te gentan mouri. Li voye rele kaptenn lan, li mande l si Jezi te mouri depi lontan. 45Lè kaptenn lan fin ba li repons sèten, li bay Jozèf kò a. 46Jozèf achte yon bèl dra blan, li desann kò Jezi sou kwa a, li vlope l nan dra a, epi li mete l nan yon kavo yo te fouye nan wòch la. Apre sa, li woule yon gwo wòch devan bouch kavo a. 47Mari, moun lavil Magdala a, ansanm ak Mari, manman Jòz, t'ap gade kote yo mete kò a.

Chwazi Kounye ya:

Mak 15: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an