Lè Jezi tande yo te mete Jan Batis nan prizon, li wete kò l, l'ale nan peyi Galile. Li kite Nazarèt, l'ale rete Kapènawòm, toupre lanmè Galile, sou tè moun Zabilon ak moun Neftali yo. Konsa, pawòl pwofèt Ezayi te di a rive vre: Peyi Zabilon ak peyi Neftali ki sou wout pou ale bò lanmè a, peyi ki lòt bò larivyè Jouden an, peyi Galile kote moun lòt nasyon yo ap viv la, pèp ki t'ap viv nan fènwa a wè yon gwo limyè. Limyè a klere pou moun ki t'ap viv nan peyi ki anba lonbray lanmò a.
Li Matye 4
Koute Matye 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Matye 4:12-16
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo