Matye 4

4
Grandyab la sonde Jezi
(Mak 1.12-13; Lik 4.1-13)
1Apre sa, Lespri pouse Jezi al nan #Mak 1.12,13; Lik 4.1-13 dezè a pou #Eb 4.15 satan ka sonde li. 2Jezi #Egz 34.28; 1 Wa 19.8 pase karant jou ak karant nwit san manje. Apre sa, li vin grangou. 3#Jen 3.1-7 sa a, satan pwoche kote li pou sonde l'. Li di li konsa:
— Si ou se pitit Bondye vre, m'pini ou bay wòch sa yo lòd tounen pen.
4Jezi #Det 8.3 reponn li:
— Men sa ki ekri: Moun pa kapab viv ak manje ase. Yo bezwen tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye tou.
5Apre #Mat 27.53 sa, dyab la pran direksyon Jerizalèm ak li. Li mete li kanpe sou tèt tanp lan. 6Li #Sòm 91.11,12 di Jezi konsa:
— Si ou se pitit Bondye vre, lage tèt ou anba. Paske men sa ki ekri:
Bondye va bay zanj li yo lòd veye sou ou.
Y'a pote ou nan men yo,
pou pa frape pye ou nan okenn wòch.
7Jezi #Det 6.16 reponn li:
— Men sa ki ekri tou: Ou pa dwe seye sonde Mèt la, Bondye ou.
8Satan mennen Jezi ankò sou yon mòn ki byen wo. Li moutre l tout peyi ki sou latè ansanm ak tout richès yo. 9Li di l konsa:
— M'ap ba ou tout bagay sa yo, si ou mete ou ajenou devan m pou ou adore m.
10Jezi #Det 6.13 reponn li:
— Demaske ou devan m' lan, Satan! Paske men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou la, pou adore. Se li menm sèl pou sèvi.
11Fwa #Jan 1.51; Eb 1.6,14 sa a, dyab la resi kite li repo. Latou, kèk zanj Bondye pwoche kot Jezi, epi yo tanmen sèvi li.
Jezi konmanse travay li nan peyi Galile
(Mak 1.14-15; Lik 4.14-15)
12#Mak 1.14,15; Lik 4.14,15 Jezi #Mat 14.3 tande yo te mete Jan Batis nan prizon, li wete kò l, l'ale nan peyi Galile. 13Li #Jan 2.12 kite Nazarèt, l'ale rete Kapènawòm, toupre lanmè Galile, sou tè moun Zabilon ak moun Neftali yo. 14Konsa, pawòl pwofèt Ezayi te di a rive vre:
15Peyi #Eza 9.1,2 Zabilon ak peyi Neftali
ki sou wout pou ale bò lanmè a,
peyi ki lòt bò larivyè Jouden an,
peyi Galile kote moun lòt nasyon yo ap viv la,
16pèp ki t'ap viv nan fènwa a wè yon gwo limyè.
Limyè a klere
pou moun ki t'ap viv nan peyi ki anba lonbray lanmò a.
17Depi #Mat 3.2 lè sa a, Jezi konmanse ap mache bay mesay li a. Li t'ap di:
— Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li.
Jezi rele kat pechè pwason swiv li
(Mak 1.16-20; Lik 5.1-11)
18Antan #Mak 1.16-20; Lik 5.1-11 Jezi #Jan 1.40 t'ap mache bò lanmè Galile a, li wè de frè: Simon, yo rele Pyè a, ak Andre, frè li. Yo t'ap voye privye nan lanmè a, paske se pechè pwason yo te ye. 19Jezi #Mat 13.47; Eze 47.10 di yo konsa:
— Vin jwenn mwen, m'a fè nou tounen pechè moun pito.
20Lamenm, #Mat 19.27 yo kite privye yo, y'ale avèk li.
21Jezi vanse pi lwen, li wè de lòt frè, Jak avèk Jan, pitit Zebede yo. Yo te chita nan kannòt yo ansanm ak papa yo, yo t'ap repare privye yo. Jezi rele yo. 22Lamenm, yo kite kannòt la ansanm ak papa yo, y'ale avèk li.
23Jezi #Mak 1.39; Lik 4.15,44; Tra 10.38 t'ap mache toupatou nan peyi Galile a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap anonse Bon Nouvèl peyi kote Bondye wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te ka genyen. 24Toupatou #Mak 6.55 nan peyi Siri a, se tout moun ki t'ap nonmen non li. Se sa ki fè yo te mennen tout kalite moun malad ba li, ansanm ak tout moun ki soufri doulè, moun ki te gen move lespri sou yo, moun ki soufri malkadi ak moun ki paralize. Jezi geri yo tout. 25Yon #Mak 3.7,8; Lik 6.17-19 bann moun t'ap swiv li. Yo te soti toupatou: te gen moun Galile, moun Dekapòl, moun Jerizalèm, moun Jide ak moun peyi lòt bò larivyè Jouden.

Chwazi Kounye ya:

Matye 4: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an